Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 35

1 Moyiz sanble tout pèp Izrayèl la, li di yo: -Men sa Seyè a bay lòd pou nou fè.
N’a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l’.
Ata dife piga nou limen nan ankenn kay jou repo a.
Moyiz pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyè a ban nou lòd fè:
Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l’. y’a pote lò, ajan ak kwiv,
bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit,
po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya,
lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an,
pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la.
10 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a:
11 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo,
12 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la,
13 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou,
14 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l’ yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo,
15 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan,
16 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l’ yo, basen lan ak tout pye li,
17 rido pou galeri a ak poto l’ yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a,
18 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a,
19 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y’ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l’ yo lè y’ap fè travay prèt yo.
20  Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo.
21 Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.
22 Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
23 Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini.
24 Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l’, yo te leve l’ devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l’.
25 Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini.
26 Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou.
27 Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la,
28 ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon.
29 Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.
30  Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.
31 Li mete lespri l’ sou li an kantite pou l’ ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l’ fè tout kalite travay atizan yo konn fè a,
32 pou l’ konn fè bèl desen, pou l’ fè travay an lò, an ajan ak an kwiv,
33 pou l’ travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l’ konn moute yo, pou l’ travay bwa, pou l’ ka fè tout kalite travay atizan konn fè.
34 Bondye ba li don pou l’ moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.
35 Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 35

1 Moïse convoqua toute l’assemblée des enfants d’Israël, et leur dit: Voici les choses que l’Éternel ordonne de faire.
On travaillera six jours; mais le septième jour sera pour vous une chose sainte; c’est le sabbat, le jour du repos, consacré à l’Éternel. Celui qui fera quelque ouvrage ce jour-là, sera puni de mort.
Vous n’allumerez point de feu, dans aucune de vos demeures, le jour du sabbat.
Moïse parla à toute l’assemblée des enfants d’Israël, et dit: Voici ce que l’Éternel a ordonné.
Prenez sur ce qui vous appartient une offrande pour l’Éternel. Tout homme dont le coeur est bien disposé apportera en offrande à l’Éternel: de l’or, de l’argent et de l’airain;
des étoffes teintes en bleu, en pourpre, en cramoisi, du fin lin et du poil de chèvre;
des peaux de béliers teintes en rouge et des peaux de dauphins; du bois d’acacia;
de l’huile pour le chandelier, des aromates pour l’huile d’onction et pour le parfum odoriférant;
des pierres d’onyx et d’autres pierres pour la garniture de l’éphod et du pectoral.
10 Que tous ceux d’entre vous qui ont de l’habileté viennent et exécutent tout ce que l’Éternel a ordonné:
11 le tabernacle, sa tente et sa couverture, ses agrafes, ses planches, ses barres, ses colonnes et ses bases;
12 l’arche et ses barres, le propitiatoire, et le voile pour couvrir l’arche;
13 la table et ses barres, et tous ses ustensiles, et les pains de proposition;
14 le chandelier et ses ustensiles, ses lampes, et l’huile pour le chandelier;
15 l’autel des parfums et ses barres, l’huile d’onction et le parfum odoriférant, et le rideau de la porte pour l’entrée du tabernacle;
16 l’autel des holocaustes, sa grille d’airain, ses barres, et tous ses ustensiles; la cuve avec sa base;
17 les toiles du parvis, ses colonnes, ses bases, et le rideau de la porte du parvis;
18 les pieux du tabernacle, les pieux du parvis, et leurs cordages; les vêtements d’office pour le service dans le sanctuaire,
19 les vêtements sacrés pour le sacrificateur Aaron, et les vêtements de ses fils pour les fonctions du sacerdoce.
20 Toute l’assemblée des enfants d’Israël sortit de la présence de Moïse.
21 Tous ceux qui furent entraînés par le coeur et animés de bonne volonté vinrent et apportèrent une offrande à l’Éternel pour l’oeuvre de la tente d’assignation, pour tout son service, et pour les vêtements sacrés.
22 Les hommes vinrent aussi bien que les femmes; tous ceux dont le coeur était bien disposé apportèrent des boucles, des anneaux, des bagues, des bracelets, toutes sortes d’objets d’or; chacun présenta l’offrande d’or qu’il avait consacrée à l’Éternel.
23 Tous ceux qui avaient des étoffes teintes en bleu, en pourpre, en cramoisi, du fin lin et du poil de chèvre, des peaux de béliers teintes en rouge et des peaux de dauphins, les apportèrent.
24 Tous ceux qui présentèrent par élévation une offrande d’argent et d’airain apportèrent l’offrande à l’Éternel. Tous ceux qui avaient du bois d’acacia pour les ouvrages destinés au service, l’apportèrent.
25 Toutes les femmes qui avaient de l’habileté filèrent de leurs mains, et elles apportèrent leur ouvrage, des fils teints en bleu, en pourpre, en cramoisi, et du fin lin.
26 Toutes les femmes dont le coeur était bien disposé, et qui avaient de l’habileté, filèrent du poil de chèvre.
27 Les principaux du peuple apportèrent des pierres d’onyx et d’autres pierres pour la garniture de l’éphod et du pectoral;
28 des aromates et de l’huile pour le chandelier, pour l’huile d’onction et pour le parfum odoriférant.
29 Tous les enfants d’Israël, hommes et femmes, dont le coeur était disposé à contribuer pour l’oeuvre que l’Éternel avait ordonnée par Moïse, apportèrent des offrandes volontaires à l’Éternel.
30 Moïse dit aux enfants d’Israël: Sachez que l’Éternel a choisi Betsaleel, fils d’Uri, fils de Hur, de la tribu de Juda.
31 Il l’a rempli de l’Esprit de Dieu, de sagesse, d’intelligence, et de savoir pour toutes sortes d’ouvrages.
32 Il l’a rendu capable de faire des inventions, de travailler l’or, l’argent et l’airain,
33 de graver les pierres à enchâsser, de travailler le bois, et d’exécuter toute sortes d’ouvrages d’art.
34 Il lui a accordé aussi le don d’enseigner, de même qu’à Oholiab, fils d’Ahisamac, de la tribu de Dan.
35 Il les a remplis d’intelligence, pour exécuter tous les ouvrages de sculpture et d’art, pour broder et tisser les étoffes teintes en bleu, en pourpre, en cramoisi, et le fin lin, pour faire toute espèce de travaux et d’inventions.

Louis Segond {LSG}

 

Exodus 35

1 And Moses gathered all the congregation of the children of Israel together, and said unto them, These are the words which the Lord hath commanded, that ye should do them.
Six days shall work be done, but on the seventh day there shall be to you an holy day, a sabbath of rest to the Lord: whosoever doeth work therein shall be put to death.
Ye shall kindle no fire throughout your habitations upon the sabbath day.
And Moses spake unto all the congregation of the children of Israel, saying, This is the thing which the Lord commanded, saying,
Take ye from among you an offering unto the Lord: whosoever is of a willing heart, let him bring it, an offering of the Lord; gold, and silver, and brass,
And blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats’ hair,
And rams’ skins dyed red, and badgers’ skins, and shittim wood,
And oil for the light, and spices for anointing oil, and for the sweet incense,
And onyx stones, and stones to be set for the ephod, and for the breastplate.
10 And every wise hearted among you shall come, and make all that the Lord hath commanded;
11 The tabernacle, his tent, and his covering, his taches, and his boards, his bars, his pillars, and his sockets,
12 The ark, and the staves thereof, with the mercy seat, and the vail of the covering,
13 The table, and his staves, and all his vessels, and the shewbread,
14 The candlestick also for the light, and his furniture, and his lamps, with the oil for the light,
15 And the incense altar, and his staves, and the anointing oil, and the sweet incense, and the hanging for the door at the entering in of the tabernacle,
16 The altar of burnt offering, with his brasen grate, his staves, and all his vessels, the laver and his foot,
17 The hangings of the court, his pillars, and their sockets, and the hanging for the door of the court,
18 The pins of the tabernacle, and the pins of the court, and their cords,
19 The cloths of service, to do service in the holy place, the holy garments for Aaron the priest, and the garments of his sons, to minister in the priest’s office.
20 And all the congregation of the children of Israel departed from the presence of Moses.
21 And they came, every one whose heart stirred him up, and every one whom his spirit made willing, and they brought the Lord‘s offering to the work of the tabernacle of the congregation, and for all his service, and for the holy garments.
22 And they came, both men and women, as many as were willing hearted, and brought bracelets, and earrings, and rings, and tablets, all jewels of gold: and every man that offered offered an offering of gold unto the Lord.
23 And every man, with whom was found blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats’ hair, and red skins of rams, and badgers’ skins, brought them.
24 Every one that did offer an offering of silver and brass brought the Lord‘s offering: and every man, with whom was found shittim wood for any work of the service, brought it.
25 And all the women that were wise hearted did spin with their hands, and brought that which they had spun, both of blue, and of purple, and of scarlet, and of fine linen.
26 And all the women whose heart stirred them up in wisdom spun goats’ hair.
27 And the rulers brought onyx stones, and stones to be set, for the ephod, and for the breastplate;
28 And spice, and oil for the light, and for the anointing oil, and for the sweet incense.
29 The children of Israel brought a willing offering unto the Lord, every man and woman, whose heart made them willing to bring for all manner of work, which the Lord had commanded to be made by the hand of Moses.
30 And Moses said unto the children of Israel, See, the Lord hath called by name Bezaleel the son of Uri, the son of Hur, of the tribe of Judah;
31 And he hath filled him with the spirit of God, in wisdom, in understanding, and in knowledge, and in all manner of workmanship;
32 And to devise curious works, to work in gold, and in silver, and in brass,
33 And in the cutting of stones, to set them, and in carving of wood, to make any manner of cunning work.
34 And he hath put in his heart that he may teach, both he, and Aholiab, the son of Ahisamach, of the tribe of Dan.
35 Them hath he filled with wisdom of heart, to work all manner of work, of the engraver, and of the cunning workman, and of the embroiderer, in blue, and in purple, in scarlet, and in fine linen, and of the weaver, even of them that do any work, and of those that devise cunning work.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}