Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 43  

1 Fè m’ jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m’ anba moun sa yo k’ap bay manti, k’ap fè mechanste.
Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m’ konsa? Poukisa pou m’ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m’, lè lènmi m’ yo ap kraze m’ anba pye yo?
Voye limyè ou, moutre m’ verite ou la. Fè yo fè m’ wè chemen pou m’ pran an. Fè yo mennen m’ sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
Lè sa a, m’a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m’ kontan an, Bondye k’ap fè m’ fè fèt la. M’a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m’ lan.
Wi, men poukisa m’ kagou konsa? Poukisa m’ap plenn konsa nan kè m’? M’ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m’ fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre m’, se li ki Bondye mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 43

1 Rends-moi justice, ô Dieu, défends ma cause contre une nation infidèle! Délivre-moi des hommes de fraude et d’iniquité!
Toi, mon Dieu protecteur, pourquoi me repousses-tu? Pourquoi dois-je marcher dans la tristesse, Sous l’oppression de l’ennemi?
Envoie ta lumière et ta fidélité! Qu’elles me guident, Qu’elles me conduisent à ta montagne sainte et à tes demeures!
J’irai vers l’autel de Dieu, de Dieu, ma joie et mon allégresse, Et je te célébrerai sur la harpe, ô Dieu, mon Dieu!
Pourquoi t’abats-tu, mon âme, et gémis-tu au dedans de moi? Espère en Dieu, car je le louerai encore; Il est mon salut et mon Dieu.
Louis Segond {LSG}

Psalm 43 

1 Judge me, O God, and plead my cause against an ungodly nation: O deliver me from the deceitful and unjust man.
For thou art the God of my strength: why dost thou cast me off? why go I mourning because of the oppression of the enemy?
O send out thy light and thy truth: let them lead me; let them bring me unto thy holy hill, and to thy tabernacles.
Then will I go unto the altar of God, unto God my exceeding joy: yea, upon the harp will I praise thee, O God my God.
Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted within me? hope in God: for I shall yet praise him, who is the health of my countenance, and my God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}