Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 41   

1 Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,
Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.
Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t’ ankò gaye.
Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan.
Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l’. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya!
Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l’ yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn.
Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t’ touye sa yo ansanm ak lòt yo.
Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l’ la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo.
10 Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
11  Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l’ yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè.
12 Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l’. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an.
13 Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l’ yo, yo te kontan.
14 Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan.
15 Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l’ yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an.
16 Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l’ yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l’ gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon.
17 Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip
18 paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 41

1 Au septième mois, Ismaël, fils de Nethania, fils d’Élischama, de la race royale, vint avec des grands du roi et dix hommes auprès de Guedalia, fils d’Achikam, à Mitspa. Là, ils mangèrent ensemble à Mitspa.
Alors Ismaël, fils de Nethania, se leva avec les dix hommes dont il était accompagné, et ils frappèrent avec l’épée Guedalia, fils d’Achikam, fils de Schaphan; il fit ainsi mourir celui que le roi de Babylone avait établi gouverneur du pays.
Ismaël tua encore tous les juifs qui étaient auprès de Guedalia à Mitspa, et les Chaldéens qui se trouvaient là, les gens de guerre.
Le second jour après l’assassinat de Guedalia, tandis que personne n’en savait rien,
il arriva de Sichem, de Silo et de Samarie, quatre-vingts hommes, qui avaient la barbe rasée et les vêtements déchirés, et qui s’étaient fait des incisions; ils portaient des offrandes et de l’encens, pour les présenter à la maison de l’Éternel.
Ismaël, fils de Nethania, sortit de Mitspa au-devant d’eux; il marchait en pleurant. Lorsqu’il les rencontra, il leur dit: Venez vers Guedalia, fils d’Achikam.
Et quand ils furent au milieu de la ville, Ismaël, fils de Nethania, les égorgea et les jeta dans la citerne, avec l’aide des gens qui l’accompagnaient.
Mais il se trouva parmi eux dix hommes, qui dirent à Ismaël: Ne nous fais pas mourir, car nous avons des provisions cachées dans les champs, du froment, de l’orge, de l’huile et du miel. Alors il les épargna, et ne les fit pas mourir avec leurs frères.
La citerne dans laquelle Ismaël jeta tous les cadavres des hommes qu’il tua près de Guedalia est celle qu’avait construite le roi Asa, lorsqu’il craignait Baescha, roi d’Israël; c’est cette citerne qu’Ismaël, fils de Nethania, remplit de cadavres.
10 Ismaël fit prisonniers tous ceux qui restaient à Mitspa, les filles du roi et tous ceux du peuple qui y demeuraient, et que Nebuzaradan, chef des gardes, avait confiés à Guedalia, fils d’Achikam; Ismaël, fils de Nethania, les emmena captifs, et partit pour passer chez les Ammonites.
11 Jochanan, fils de Karéach, et tous les chefs des troupes qui étaient avec lui, furent informés de tout le mal qu’avait fait Ismaël, fils de Nethania.
12 Ils prirent tous les hommes, et se mirent en marche pour attaquer Ismaël, fils de Nethania. Ils le trouvèrent près des grandes eaux de Gabaon.
13 Quand tout le peuple qui était avec Ismaël vit Jochanan, fils de Karéach, et tous les chefs des troupes avec lui, il en eut de la joie;
14 et tout le peuple qu’Ismaël avait emmené de Mitspa se retourna, et vint se joindre à Jochanan, fils de Karéach.
15 Mais Ismaël, fils de Nethania, se sauva avec huit hommes devant Jochanan, et alla chez les Ammonites.
16 Jochanan, fils de Karéach, et tous les chefs des troupes qui étaient avec lui, prirent tout le reste du peuple, et le délivrèrent des mains d’Ismaël, fils de Nethania, lorsqu’il l’emmenait de Mitspa, après avoir tué Guedalia, fils d’Achikam. Hommes de guerre, femmes, enfants, eunuques, Jochanan les ramena depuis Gabaon.
17 Ils se mirent en marche, et s’arrêtèrent à l’hôtellerie de Kimham près de Bethléhem, pour se retirer ensuite en Égypte,
18 loin des Chaldéens dont ils avaient peur, parce qu’Ismaël, fils de Nethania, avait tué Guedalia, fils d’Achikam, que le roi de Babylone avait établi gouverneur du pays.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 41 

1 Now it came to pass in the seventh month, that Ishmael the son of Nethaniah the son of Elishama, of the seed royal, and the princes of the king, even ten men with him, came unto Gedaliah the son of Ahikam to Mizpah; and there they did eat bread together in Mizpah.
Then arose Ishmael the son of Nethaniah, and the ten men that were with him, and smote Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan with the sword, and slew him, whom the king of Babylon had made governor over the land.
Ishmael also slew all the Jews that were with him, even with Gedaliah, at Mizpah, and the Chaldeans that were found there, and the men of war.
And it came to pass the second day after he had slain Gedaliah, and no man knew it,
That there came certain from Shechem, from Shiloh, and from Samaria, even fourscore men, having their beards shaven, and their clothes rent, and having cut themselves, with offerings and incense in their hand, to bring them to the house of the Lord.
And Ishmael the son of Nethaniah went forth from Mizpah to meet them, weeping all along as he went: and it came to pass, as he met them, he said unto them, Come to Gedaliah the son of Ahikam.
And it was so, when they came into the midst of the city, that Ishmael the son of Nethaniah slew them, and cast them into the midst of the pit, he, and the men that were with him.
But ten men were found among them that said unto Ishmael, Slay us not: for we have treasures in the field, of wheat, and of barley, and of oil, and of honey. So he forbare, and slew them not among their brethren.
Now the pit wherein Ishmael had cast all the dead bodies of the men, whom he had slain because of Gedaliah, was it which Asa the king had made for fear of Baasha king of Israel: and Ishmael the son of Nethaniah filled it with them that were slain.
10 Then Ishmael carried away captive all the residue of the people that were in Mizpah, even the king’s daughters, and all the people that remained in Mizpah, whom Nebuzaradan the captain of the guard had committed to Gedaliah the son of Ahikam: and Ishmael the son of Nethaniah carried them away captive, and departed to go over to the Ammonites.
11 But when Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, heard of all the evil that Ishmael the son of Nethaniah had done,
12 Then they took all the men, and went to fight with Ishmael the son of Nethaniah, and found him by the great waters that are in Gibeon.
13 Now it came to pass, that when all the people which were with Ishmael saw Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, then they were glad.
14 So all the people that Ishmael had carried away captive from Mizpah cast about and returned, and went unto Johanan the son of Kareah.
15 But Ishmael the son of Nethaniah escaped from Johanan with eight men, and went to the Ammonites.
16 Then took Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, all the remnant of the people whom he had recovered from Ishmael the son of Nethaniah, from Mizpah, after that he had slain Gedaliah the son of Ahikam, even mighty men of war, and the women, and the children, and the eunuchs, whom he had brought again from Gibeon:
17 And they departed, and dwelt in the habitation of Chimham, which is by Bethlehem, to go to enter into Egypt,
18 Because of the Chaldeans: for they were afraid of them, because Ishmael the son of Nethaniah had slain Gedaliah the son of Ahikam, whom the king of Babylon made governor in the land.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}