Liv Galat / Galates / Galatians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Galat 4                  

Enben! Men sa m’ vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y’ap trete l’ menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k’ap okipe l’ la, moun k’ap regle zafè l’ pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.
Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t’ap mennen lèzòm nan lemonn.
Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,
pou l’ te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n’ te kapab vin pitit Bondye.
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k’ap rele: Papa, nan kè nou.
Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.
 Nan tan lontan, nou pa t’ konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t’ Bondye.
Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò?
10 Ki jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lòt?
11 Mwen pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m’ap mande mwen.
12  Frè m’ yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m’, menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m’ okenn tò.
13 Nou chonje kisa ki te fè m’ anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m’ te malad.
14 Lè sa a, malgre maladi m’ lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pa t’ meprize m’, ni nou pa t’ repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m’ tankou si m’ te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m’ te ye.
15 Lè sa a, nou pa t’ manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n’ te rache je nou ban mwen, nou ta fè li.
16 Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m’ap di nou laverite?
17  Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m’ pou nou ka enterese nan yo ase.
18 Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou.
19  Pitit mwen yo, m’ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k’ap soufri doulè tranche, m’ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.
20 Jan m’ ta renmen bò kote nou koulye a pou m’ ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou!
21  Manyè di m’, nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di?
22 Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pa t’ esklav la.
23 Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pa t’ esklav la te fèt dapre pwomès Bondye.
24 Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.
25 Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo.
26 Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
27 Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t’ ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t’ janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t’ okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.
28 Koulye a, frè m’ yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l’ te pwomèt la.
29 Nan tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t’ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou.
30 Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pa t’ esklav la.
31 Konsa, frè m’ yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t’ esklav la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Galates 4                 

1 Or, aussi longtemps que l’héritier est enfant, je dis qu’il ne diffère en rien d’un esclave, quoiqu’il soit le maître de tout;
mais il est sous des tuteurs et des administrateurs jusqu’au temps marqué par le père.
Nous aussi, de la même manière, lorsque nous étions enfants, nous étions sous l’esclavage des rudiments du monde;
mais, lorsque les temps ont été accomplis, Dieu a envoyé son Fils, né d’une femme, né sous la loi,
afin qu’il rachetât ceux qui étaient sous la loi, afin que nous reçussions l’adoption.
Et parce que vous êtes fils, Dieu a envoyé dans nos coeurs l’Esprit de son Fils, lequel crie: Abba! Père!
Ainsi tu n’es plus esclave, mais fils; et si tu es fils, tu es aussi héritier par la grâce de Dieu.
Autrefois, ne connaissant pas Dieu, vous serviez des dieux qui ne le sont pas de leur nature;
mais à présent que vous avez connu Dieu, ou plutôt que vous avez été connus de Dieu, comment retournez-vous à ces faibles et pauvres rudiments, auxquels de nouveau vous voulez vous asservir encore?
10 Vous observez les jours, les mois, les temps et les années!
11 Je crains d’avoir inutilement travaillé pour vous.
12 Soyez comme moi, car moi aussi je suis comme vous. Frères, je vous en supplie.
13 Vous ne m’avez fait aucun tort. Vous savez que ce fut à cause d’une infirmité de la chair que je vous ai pour la première fois annoncé l’Évangile.
14 Et mis à l’épreuve par ma chair, vous n’avez témoigné ni mépris ni dégoût; vous m’avez, au contraire, reçu comme un ange de Dieu, comme Jésus Christ.
15 Où donc est l’expression de votre bonheur? Car je vous atteste que, si cela eût été possible, vous vous seriez arraché les yeux pour me les donner.
16 Suis-je devenu votre ennemi en vous disant la vérité?
17 Le zèle qu’ils ont pour vous n’est pas pur, mais ils veulent vous détacher de nous, afin que vous soyez zélés pour eux.
18 Il est beau d’avoir du zèle pour ce qui est bien et en tout temps, et non pas seulement quand je suis présent parmi vous.
19 Mes enfants, pour qui j’éprouve de nouveau les douleurs de l’enfantement, jusqu’à ce que Christ soit formé en vous,
20 je voudrais être maintenant auprès de vous, et changer de langage, car je suis dans l’inquiétude à votre sujet.
21 Dites-moi, vous qui voulez être sous la loi, n’entendez-vous point la loi?
22 Car il est écrit qu’Abraham eut deux fils, un de la femme esclave, et un de la femme libre.
23 Mais celui de l’esclave naquit selon la chair, et celui de la femme libre naquit en vertu de la promesse.
24 Ces choses sont allégoriques; car ces femmes sont deux alliances. L’une du mont Sinaï, enfantant pour la servitude, c’est Agar, –
25 car Agar, c’est le mont Sinaï en Arabie, -et elle correspond à la Jérusalem actuelle, qui est dans la servitude avec ses enfants.
26 Mais la Jérusalem d’en haut est libre, c’est notre mère;
27 car il est écrit: Réjouis-toi, stérile, toi qui n’enfantes point! Éclate et pousse des cris, toi qui n’as pas éprouvé les douleurs de l’enfantement! Car les enfants de la délaissée seront plus nombreux Que les enfants de celle qui était mariée.
28 Pour vous, frères, comme Isaac, vous êtes enfants de la promesse;
29 et de même qu’alors celui qui était né selon la chair persécutait celui qui était né selon l’Esprit, ainsi en est-il encore maintenant.
30 Mais que dit l’Écriture? Chasse l’esclave et son fils, car le fils de l’esclave n’héritera pas avec le fils de la femme libre.
31 C’est pourquoi, frères, nous ne sommes pas enfants de l’esclave, mais de la femme libre.

Louis Segond {LSG}

Galatians 4         

1 Now I say, That the heir, as long as he is a child, differeth nothing from a servant, though he be lord of all;
But is under tutors and governors until the time appointed of the father.
Even so we, when we were children, were in bondage under the elements of the world:
But when the fulness of the time was come, God sent forth his Son, made of a woman, made under the law,
To redeem them that were under the law, that we might receive the adoption of sons.
And because ye are sons, God hath sent forth the Spirit of his Son into your hearts, crying, Abba, Father.
Wherefore thou art no more a servant, but a son; and if a son, then an heir of God through Christ.
Howbeit then, when ye knew not God, ye did service unto them which by nature are no gods.
But now, after that ye have known God, or rather are known of God, how turn ye again to the weak and beggarly elements, whereunto ye desire again to be in bondage?
10 Ye observe days, and months, and times, and years.
11 I am afraid of you, lest I have bestowed upon you labour in vain.
12 Brethren, I beseech you, be as I am; for I am as ye are: ye have not injured me at all.
13 Ye know how through infirmity of the flesh I preached the gospel unto you at the first.
14 And my temptation which was in my flesh ye despised not, nor rejected; but received me as an angel of God, even as Christ Jesus.
15 Where is then the blessedness ye spake of? for I bear you record, that, if it had been possible, ye would have plucked out your own eyes, and have given them to me.
16 Am I therefore become your enemy, because I tell you the truth?
17 They zealously affect you, but not well; yea, they would exclude you, that ye might affect them.
18 But it is good to be zealously affected always in a good thing, and not only when I am present with you.
19 My little children, of whom I travail in birth again until Christ be formed in you,
20 I desire to be present with you now, and to change my voice; for I stand in doubt of you.
21 Tell me, ye that desire to be under the law, do ye not hear the law?
22 For it is written, that Abraham had two sons, the one by a bondmaid, the other by a freewoman.
23 But he who was of the bondwoman was born after the flesh; but he of the freewoman was by promise.
24 Which things are an allegory: for these are the two covenants; the one from the mount Sinai, which gendereth to bondage, which is Agar.
25 For this Agar is mount Sinai in Arabia, and answereth to Jerusalem which now is, and is in bondage with her children.
26 But Jerusalem which is above is free, which is the mother of us all.
27 For it is written, Rejoice, thou barren that bearest not; break forth and cry, thou that travailest not: for the desolate hath many more children than she which hath an husband.
28 Now we, brethren, as Isaac was, are the children of promise.
29 But as then he that was born after the flesh persecuted him that was born after the Spirit, even so it is now.
30 Nevertheless what saith the scripture? Cast out the bondwoman and her son: for the son of the bondwoman shall not be heir with the son of the freewoman.
31 So then, brethren, we are not children of the bondwoman, but of the free.   
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}