Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm  113 

1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k’ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
Se pou nou nonmen non l’ depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
Li bese je l’ pou l’ wè sa k’ap pase nan syèl la ak sou latè a.
Li bay pòv malere a men pou fè l’ leve soti nan pousyè a. Li wete l’ nan mizè.
Li fè l’ chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l’ kontan lakay li, li ba l’ pitit. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 113

1 Louez l’Éternel! Serviteurs de l’Éternel, louez, Louez le nom de l’Éternel!
Que le nom de l’Éternel soit béni, Dès maintenant et à jamais!
Du lever du soleil jusqu’à son couchant, Que le nom de l’Éternel soit célébré!
L’Éternel est élevé au-dessus de toutes les nations, Sa gloire est au-dessus des cieux.
Qui est semblable à l’Éternel, notre Dieu? Il a sa demeure en haut;
Il abaisse les regards Sur les cieux et sur la terre.
De la poussière il retire le pauvre, Du fumier il relève l’indigent,
Pour les faire asseoir avec les grands, Avec les grands de son peuple.
Il donne une maison à celle qui était stérile, Il en fait une mère joyeuse au milieu de ses enfants. Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 113 

1 Praise ye the Lord. Praise, O ye servants of the Lord, praise the name of the Lord.
Blessed be the name of the Lord from this time forth and for evermore.
From the rising of the sun unto the going down of the same the Lord‘s name is to be praised.
The Lord is high above all nations, and his glory above the heavens.
Who is like unto the Lord our God, who dwelleth on high,
Who humbleth himself to behold the things that are in heaven, and in the earth!
He raiseth up the poor out of the dust, and lifteth the needy out of the dunghill;
That he may set him with princes, even with the princes of his people.
He maketh the barren woman to keep house, and to be a joyful mother of children. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}