Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 10   

1 Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.
Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.
Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Yo dekore l’ ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l’ pou fè l’ kanpe pou l’ pa tonbe.
Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.
Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.
Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!
Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?
Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.
10 Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
11 Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n’a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t’ fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p’ap rete anba syèl la.
12 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
13 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.
14 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k’ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
15 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y’ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
16 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l’ pa l’. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l’.
17  Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou!
18 Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M’ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.
19 Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.
20 Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo.
21 Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t’ kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad.
22 Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l’ yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.
23 Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale.
24 Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l’ twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w’a fini avè l’.
25 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p’ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k’ap fin touye pitit Jakòb yo. Y’ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 10

1 Écoutez la parole que l’Éternel vous adresse, Maison d’Israël!
Ainsi parle l’Éternel: N’imitez pas la voie des nations, Et ne craignez pas les signes du ciel, Parce que les nations les craignent.
Car les coutumes des peuples ne sont que vanité. On coupe le bois dans la forêt; La main de l’ouvrier le travaille avec la hache;
On l’embellit avec de l’argent et de l’or, On le fixe avec des clous et des marteaux, Pour qu’il ne branle pas.
Ces dieux sont comme une colonne massive, et ils ne parlent point; On les porte, parce qu’ils ne peuvent marcher. Ne les craignez pas, car ils ne sauraient faire aucun mal, Et ils sont incapables de faire du bien.
Nul n’est semblable à toi, ô Éternel! Tu es grand, et ton nom est grand par ta puissance.
Qui ne te craindrait, roi des nations? C’est à toi que la crainte est due; Car, parmi tous les sages des nations et dans tous leurs royaumes, Nul n’est semblable à toi.
Tous ensemble, ils sont stupides et insensés; Leur science n’est que vanité, c’est du bois!
On apporte de Tarsis des lames d’argent, et d’Uphaz de l’or, L’ouvrier et la main de l’orfèvre les mettent en oeuvre; Les vêtements de ces dieux sont d’étoffes teintes en bleu et en pourpre, Tous sont l’ouvrage d’habiles artisans.
10 Mais l’Éternel est Dieu en vérité, Il est un Dieu vivant et un roi éternel; La terre tremble devant sa colère, Et les nations ne supportent pas sa fureur.
11 Vous leur parlerez ainsi: Les dieux qui n’ont point fait les cieux et la terre Disparaîtront de la terre et de dessous les cieux.
12 Il a créé la terre par sa puissance, Il a fondé le monde par sa sagesse, Il a étendu les cieux par son intelligence.
13 A sa voix, les eaux mugissent dans les cieux; Il fait monter les nuages des extrémités de la terre, Il produit les éclairs et la pluie, Il tire le vent de ses trésors.
14 Tout homme devient stupide par sa science, Tout orfèvre est honteux de son image taillée; Car ses idoles ne sont que mensonge, Il n’y a point en elles de souffle,
15 Elles sont une chose de néant, une oeuvre de tromperie; Elles périront, quand viendra le châtiment.
16 Celui qui est la part de Jacob n’est pas comme elles; Car c’est lui qui a tout formé, Et Israël est la tribu de son héritage. L’Éternel des armées est son nom.
17 Emporte du pays ce qui t’appartient, Toi qui es assise dans la détresse!
18 Car ainsi parle l’Éternel: Voici, cette fois je vais lancer au loin les habitants du pays; Je vais les serrer de près, afin qu’on les atteigne. –
19 Malheur à moi! je suis brisée! Ma plaie est douloureuse! Mais je dis: C’est une calamité qui m’arrive, Je la supporterai!
20 Ma tente est détruite, Tous mes cordages sont rompus; Mes fils m’ont quittée, ils ne sont plus; Je n’ai personne qui dresse de nouveau ma tente, Qui relève mes pavillons. –
21 Les bergers ont été stupides, Ils n’ont pas cherché l’Éternel; C’est pour cela qu’ils n’ont point prospéré, Et que tous leurs troupeaux se dispersent.
22 Voici, une rumeur se fait entendre; C’est un grand tumulte qui vient du septentrion, Pour réduire les villes de Juda en un désert, En un repaire de chacals. –
23 Je le sais, ô Éternel! La voie de l’homme n’est pas en son pouvoir; Ce n’est pas à l’homme, quand il marche, A diriger ses pas.
24 Châtie-moi, ô Éternel! mais avec équité, Et non dans ta colère, de peur que tu ne m’anéantisses.
25 Répands ta fureur sur les nations qui ne te connaissent pas, Et sur les peuples qui n’invoquent pas ton nom! Car ils dévorent Jacob, ils le dévorent, ils le consument, Ils ravagent sa demeure.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 10 

1 Hear ye the word which the Lord speaketh unto you, O house of Israel:
Thus saith the Lord, Learn not the way of the heathen, and be not dismayed at the signs of heaven; for the heathen are dismayed at them.
For the customs of the people are vain: for one cutteth a tree out of the forest, the work of the hands of the workman, with the axe.
They deck it with silver and with gold; they fasten it with nails and with hammers, that it move not.
They are upright as the palm tree, but speak not: they must needs be borne, because they cannot go. Be not afraid of them; for they cannot do evil, neither also is it in them to do good.
Forasmuch as there is none like unto thee, O Lord; thou art great, and thy name is great in might.
Who would not fear thee, O King of nations? for to thee doth it appertain: forasmuch as among all the wise men of the nations, and in all their kingdoms, there is none like unto thee.
But they are altogether brutish and foolish: the stock is a doctrine of vanities.
Silver spread into plates is brought from Tarshish, and gold from Uphaz, the work of the workman, and of the hands of the founder: blue and purple is their clothing: they are all the work of cunning men.
10 But the Lord is the true God, he is the living God, and an everlasting king: at his wrath the earth shall tremble, and the nations shall not be able to abide his indignation.
11 Thus shall ye say unto them, The gods that have not made the heavens and the earth, even they shall perish from the earth, and from under these heavens.
12 He hath made the earth by his power, he hath established the world by his wisdom, and hath stretched out the heavens by his discretion.
13 When he uttereth his voice, there is a multitude of waters in the heavens, and he causeth the vapours to ascend from the ends of the earth; he maketh lightnings with rain, and bringeth forth the wind out of his treasures.
14 Every man is brutish in his knowledge: every founder is confounded by the graven image: for his molten image is falsehood, and there is no breath in them.
15 They are vanity, and the work of errors: in the time of their visitation they shall perish.
16 The portion of Jacob is not like them: for he is the former of all things; and Israel is the rod of his inheritance: The Lord of hosts is his name.
17 Gather up thy wares out of the land, O inhabitant of the fortress.
18 For thus saith the Lord, Behold, I will sling out the inhabitants of the land at this once, and will distress them, that they may find it so.
19 Woe is me for my hurt! my wound is grievous; but I said, Truly this is a grief, and I must bear it.
20 My tabernacle is spoiled, and all my cords are broken: my children are gone forth of me, and they are not: there is none to stretch forth my tent any more, and to set up my curtains.
21 For the pastors are become brutish, and have not sought the Lord: therefore they shall not prosper, and all their flocks shall be scattered.
22 Behold, the noise of the bruit is come, and a great commotion out of the north country, to make the cities of Judah desolate, and a den of dragons.
23 Lord, I know that the way of man is not in himself: it is not in man that walketh to direct his steps.
24 Lord, correct me, but with judgment; not in thine anger, lest thou bring me to nothing.
25 Pour out thy fury upon the heathen that know thee not, and upon the families that call not on thy name: for they have eaten up Jacob, and devoured him, and consumed him, and have made his habitation desolate.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}