Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 7    

1 Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Nonm o! Men mesaj mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, mwen bay pou peyi Izrayèl la: Fini! Se fini tout peyi a nèt pral fini.
Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n’ap plede fè devan je mwen.
Mwen p’ap gen pitye pou nou. Mwen p’ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n’ap plede fè devan je m’ yo. Konsa n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou.
Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.
Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p’ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.
Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m’ ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p’ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M’ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n’ap plede fè devan je m’ yo.
Mwen p’ap gen pitye pou nou, mwen p’ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n’ap plede fè devan je m’ yo. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm Seyè a k’ap pini nou.
10 Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou!
11 Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p’ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.
12 Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k’ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k’ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.
13 Machann yo ap gen tan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen.
14 Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pesonn p’ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a.
15 Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.
16  Genyen ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k’ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.
17 Bra tout moun pral san fòs, yo p’ap ka kanpe sou janm yo tèlman y’ap pè.
18 Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y’ap kale tèt yo nèt.
19 Y’ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p’ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p’ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p’ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p’ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.
20 Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m’ap fè yo p’ap ka santi richès yo.
21 M’ap lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k’ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y’ap trennen yo nan labou.
22 M’ap fèmen je m’ pou m’ pa wè lè y’ap trennen trezò tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan tanp lan pou yo derespekte l’.
23  Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k’ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.
24 M’ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y’ap pran tout kay yo pou yo. M’ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.
25 Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p’ap kapab.
26 Malè ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p’ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p’ap gen konsèy pou ba yo.
27 Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M’ap pini yo pou sa yo fè, m’ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 7

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Et toi, fils de l’homme, ainsi parle le Seigneur, l’Éternel, Sur le pays d’Israël: Voici la fin! La fin vient sur les quatre extrémités du pays!
Maintenant la fin vient sur toi; J’enverrai ma colère contre toi, Je te jugerai selon tes voies, Je te chargerai de toutes tes abominations.
Mon oeil sera pour toi sans pitié, Et je n’aurai point de miséricorde; Mais je te chargerai de tes voies, Et tes abominations seront au milieu de toi; Et vous saurez que je suis l’Éternel.
Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Un malheur, un malheur unique! voici, il vient!
La fin vient, la fin vient, elle se réveille contre toi! Voici, elle vient!
Ton tour arrive, habitant du pays! Le temps vient, le jour approche, jour de trouble, Et plus de cris de joie dans les montagnes!
Maintenant je vais bientôt répandre ma fureur sur toi, Assouvir sur toi ma colère; Je te jugerai selon tes voies, Je te chargerai de toutes tes abominations.
Mon oeil sera sans pitié, Et je n’aurai point de miséricorde; Je te chargerai de tes voies, Et tes abominations seront au milieu de toi. Et vous saurez que je suis l’Éternel, celui qui frappe.
10 Voici le jour! voici, il vient! Le tour arrive! La verge fleurit! L’orgueil s’épanouit!
11 La violence s’élève, pour servir de verge à la méchanceté: Plus rien d’eux, de leur foule bruyante, de leur multitude! On ne se lamente pas sur eux!
12 Le temps vient, le jour approche! Que l’acheteur ne se réjouisse pas, Que le vendeur ne s’afflige pas! Car la colère éclate contre toute leur multitude.
13 Non, le vendeur ne recouvrera pas ce qu’il a vendu, Fût-il encore parmi les vivants; Car la prophétie contre toute leur multitude ne sera pas révoquée, Et à cause de son iniquité nul ne conservera sa vie.
14 On sonne de la trompette, tout est prêt, Mais personne ne marche au combat; Car ma fureur éclate contre toute leur multitude.
15 L’épée au dehors, la peste et la famine au dedans! Celui qui est aux champs mourra par l’épée, Celui qui est dans la ville sera dévoré par la famine et par la peste.
16 Leurs fuyards s’échappent, Ils sont sur les montagnes, comme les colombes des vallées, Tous gémissant, Chacun sur son iniquité.
17 Toutes les mains sont affaiblies, Tous les genoux se fondent en eau.
18 Ils se ceignent de sacs, Et la terreur les enveloppe; Tous les visages sont confus, Toutes les têtes sont rasées.
19 Ils jetteront leur argent dans les rues, Et leur or sera pour eux un objet d’horreur; Leur argent et leur or ne pourront les sauver, Au jour de la fureur de l’Éternel; Ils ne pourront ni rassasier leur âme, Ni remplir leurs entrailles; Car c’est ce qui les a fait tomber dans leur iniquité.
20 Ils étaient fiers de leur magnifique parure, Et ils en ont fabriqué les images de leurs abominations, de leurs idoles. C’est pourquoi je la rendrai pour eux un objet d’horreur;
21 Je la donnerai en pillage aux mains des étrangers, Et comme butin aux impies de la terre, Afin qu’ils la profanent.
22 Je détournerai d’eux ma face, Et l’on souillera mon sanctuaire; Des furieux y pénétreront, et le profaneront.
23 Prépare les chaînes! Car le pays est rempli de meurtres, La ville est pleine de violence.
24 Je ferai venir les plus méchants des peuples, Pour qu’ils s’emparent de leurs maisons; Je mettrai fin à l’orgueil des puissants, Et leurs sanctuaires seront profanés.
25 La ruine vient! Ils cherchent le salut, et point de salut!
26 Il arrive malheur sur malheur, Un bruit succède à un bruit; Ils demandent des visions aux prophètes; Les sacrificateurs ne connaissent plus la loi, Les anciens n’ont plus de conseils.
27 Le roi se désole, le prince s’épouvante, Les mains du peuple du pays sont tremblantes. Je les traiterai selon leurs voies, Je les jugerai comme ils le méritent, Et ils sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 7

1 Moreover the word of the Lord came unto me, saying,
Also, thou son of man, thus saith the Lord God unto the land of Israel; An end, the end is come upon the four corners of the land.
Now is the end come upon thee, and I will send mine anger upon thee, and will judge thee according to thy ways, and will recompense upon thee all thine abominations.
And mine eye shall not spare thee, neither will I have pity: but I will recompense thy ways upon thee, and thine abominations shall be in the midst of thee: and ye shall know that I am the Lord.
Thus saith the Lord God; An evil, an only evil, behold, is come.
An end is come, the end is come: it watcheth for thee; behold, it is come.
The morning is come unto thee, O thou that dwellest in the land: the time is come, the day of trouble is near, and not the sounding again of the mountains.
Now will I shortly pour out my fury upon thee, and accomplish mine anger upon thee: and I will judge thee according to thy ways, and will recompense thee for all thine abominations.
And mine eye shall not spare, neither will I have pity: I will recompense thee according to thy ways and thine abominations that are in the midst of thee; and ye shall know that I am the Lord that smiteth.
10 Behold the day, behold, it is come: the morning is gone forth; the rod hath blossomed, pride hath budded.
11 Violence is risen up into a rod of wickedness: none of them shall remain, nor of their multitude, nor of any of their’s: neither shall there be wailing for them.
12 The time is come, the day draweth near: let not the buyer rejoice, nor the seller mourn: for wrath is upon all the multitude thereof.
13 For the seller shall not return to that which is sold, although they were yet alive: for the vision is touching the whole multitude thereof, which shall not return; neither shall any strengthen himself in the iniquity of his life.
14 They have blown the trumpet, even to make all ready; but none goeth to the battle: for my wrath is upon all the multitude thereof.
15 The sword is without, and the pestilence and the famine within: he that is in the field shall die with the sword; and he that is in the city, famine and pestilence shall devour him.
16 But they that escape of them shall escape, and shall be on the mountains like doves of the valleys, all of them mourning, every one for his iniquity.
17 All hands shall be feeble, and all knees shall be weak as water.
18 They shall also gird themselves with sackcloth, and horror shall cover them; and shame shall be upon all faces, and baldness upon all their heads.
19 They shall cast their silver in the streets, and their gold shall be removed: their silver and their gold shall not be able to deliver them in the day of the wrath of the Lord: they shall not satisfy their souls, neither fill their bowels: because it is the stumblingblock of their iniquity.
20 As for the beauty of his ornament, he set it in majesty: but they made the images of their abominations and of their detestable things therein: therefore have I set it far from them.
21 And I will give it into the hands of the strangers for a prey, and to the wicked of the earth for a spoil; and they shall pollute it.
22 My face will I turn also from them, and they shall pollute my secret place: for the robbers shall enter into it, and defile it.
23 Make a chain: for the land is full of bloody crimes, and the city is full of violence.
24 Wherefore I will bring the worst of the heathen, and they shall possess their houses: I will also make the pomp of the strong to cease; and their holy places shall be defiled.
25 Destruction cometh; and they shall seek peace, and there shall be none.
26 Mischief shall come upon mischief, and rumour shall be upon rumour; then shall they seek a vision of the prophet; but the law shall perish from the priest, and counsel from the ancients.
27 The king shall mourn, and the prince shall be clothed with desolation, and the hands of the people of the land shall be troubled: I will do unto them after their way, and according to their deserts will I judge them; and they shall know that I am the Lord.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}