Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 35

1 Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la.
Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l’ byen.
Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l’ fè epi ki t’ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l’ sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.
Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l’ la.
N’a rete kote yo mete apa nèt pou Seyè a. N’a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.
Apre sa, Jozyas pran trantmil (30.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (3.000) bèf nan bèt pa l’, li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan.
Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (2.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (300) bèf pou yo touye pou fèt la.
Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (5.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.
10 Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la.
11 Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo.
12 Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo.
13 Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l’ la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la.
14 Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
15 Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t’ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.
16 Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Seyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la.
17 Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t’ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo.
18 Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t’ janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l’ lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
19 Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a.
20  Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l’ al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l’ pou anpeche l’ pase.
21 Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M’ pa vin pou m’ goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m’ pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m’. Konsa li p’ap detwi ou.
22 Men, Jozyas te soti pou goumen avè l’. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l’, li al goumen avè l’ nan plenn Megido a.
23 Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l’ yo: -M’ blese anpil. Mennen m’ ale.
24 Moun li yo wete l’ nan cha lagè li a, yo mete l’ nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l’ lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l’ nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas.
25 Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.
26 Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Seyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Seyè a,
27 wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n’a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 35 

1 Josias célébra la Pâque en l’honneur de l’Éternel à Jérusalem, et l’on immola la Pâque le quatorzième jour du premier mois.
Il établit les sacrificateurs dans leurs fonctions, et les encouragea au service de la maison de l’Éternel.
Il dit aux Lévites qui enseignaient tout Israël et qui étaient consacrés à l’Éternel: Placez l’arche sainte dans la maison qu’a bâtie Salomon, fils de David, roi d’Israël; vous n’avez plus à la porter sur l’épaule. Servez maintenant l’Éternel, votre Dieu, et son peuple d’Israël.
Tenez-vous prêts, selon vos maisons paternelles, selon vos divisions, comme l’ont réglé par écrit David, roi d’Israël, et Salomon, son fils;
occupez vos places dans le sanctuaire, d’après les différentes maisons paternelles de vos frères les fils du peuple, et d’après la classification des maisons paternelles des Lévites.
Immolez la Pâque, sanctifiez-vous, et préparez-la pour vos frères, en vous conformant à la parole de l’Éternel prononcée par Moïse.
Josias donna aux gens du peuple, à tous ceux qui se trouvaient là, des agneaux et des chevreaux au nombre de trente mille, le tout pour la Pâque, et trois mille boeufs; cela fut pris sur les biens du roi.
Ses chefs firent de bon gré un présent au peuple, aux sacrificateurs et aux Lévites. Hilkija, Zacharie, et Jehiel, princes de la maison de Dieu, donnèrent aux sacrificateurs pour la Pâque deux mille six cents agneaux et trois cents boeufs.
Conania, Schemaeja et Nethaneel, ses frères, Haschabia, Jeïel et Jozabad, chefs des Lévites, donnèrent aux Lévites pour la Pâque cinq mille agneaux et cinq cents boeufs.
10 Le service s’organisa, et les sacrificateurs et les Lévites occupèrent leur place, selon leurs divisions, d’après l’ordre du roi.
11 Ils immolèrent la Pâque; les sacrificateurs répandirent le sang qu’ils recevaient de la main des Lévites, et les Lévites dépouillèrent les victimes.
12 Ils mirent à part les holocaustes pour les donner aux différentes maisons paternelles des gens du peuple, afin qu’ils les offrissent à l’Éternel, comme il est écrit dans le livre de Moïse; et de même pour les boeufs.
13 Ils firent cuire la Pâque au feu, selon l’ordonnance, et ils firent cuire les choses saintes dans des chaudières, des chaudrons et des poêles; et ils s’empressèrent de les distribuer à tout le peuple.
14 Ensuite ils préparèrent ce qui était pour eux et pour les sacrificateurs, car les sacrificateurs, fils d’Aaron, furent occupés jusqu’à la nuit à offrir les holocaustes et les graisses; c’est pourquoi les Lévites préparèrent pour eux et pour les sacrificateurs, fils d’Aaron.
15 Les chantres, fils d’Asaph, étaient à leur place, selon l’ordre de David, d’Asaph, d’Héman, et de Jeduthun le voyant du roi, et les portiers étaient à chaque porte; ils n’eurent pas à se détourner de leur office, car leurs frères les Lévites préparèrent ce qui était pour eux.
16 Ainsi fut organisé ce jour-là tout le service de l’Éternel pour faire la Pâque et pour offrir des holocaustes sur l’autel de l’Éternel, d’après l’ordre du roi Josias.
17 Les enfants d’Israël qui se trouvaient là célébrèrent la Pâque en ce temps et la fête des pains sans levain pendant sept jours.
18 Aucune Pâque pareille à celle-là n’avait été célébrée en Israël depuis les jours de Samuel le prophète; et aucun des rois d’Israël n’avait célébré une Pâque pareille à celle que célébrèrent Josias, les sacrificateurs et les Lévites, tout Juda et Israël qui s’y trouvaient, et les habitants de Jérusalem.
19 Ce fut la dix-huitième année du règne de Josias que cette Pâque fut célébrée.
20 Après tout cela, après que Josias eut réparé la maison de l’Éternel, Néco, roi d’Égypte, monta pour combattre à Carkemisch sur l’Euphrate. Josias marcha à sa rencontre;
21 et Néco lui envoya des messagers pour dire: Qu’y a-t-il entre moi et toi, roi de Juda? Ce n’est pas contre toi que je viens aujourd’hui; c’est contre une maison avec laquelle je suis en guerre. Et Dieu m’a dit de me hâter. Ne t’oppose pas à Dieu, qui est avec moi, de peur qu’il ne te détruise.
22 Mais Josias ne se détourna point de lui, et il se déguisa pour l’attaquer, sans écouter les paroles de Néco, qui venaient de la bouche de Dieu. Il s’avança pour combattre dans la vallée de Meguiddo.
23 Les archers tirèrent sur le roi Josias, et le roi dit à ses serviteurs: Emportez-moi, car je suis gravement blessé.
24 Ses serviteurs l’emportèrent du char, le mirent dans un second char qui était à lui, et l’amenèrent à Jérusalem. Il mourut, et fut enterré dans le sépulcre de ses pères. Tout Juda et Jérusalem pleurèrent Josias.
25 Jérémie fit une complainte sur Josias; tous les chanteurs et toutes les chanteuses ont parlé de Josias dans leurs complaintes jusqu’à ce jour, et en ont établi la coutume en Israël. Ces chants sont écrits dans les Complaintes.
26 Le reste des actions de Josias, et ses oeuvres de piété, telles que les prescrit la loi de l’Éternel,
27 ses premières et ses dernières actions, cela est écrit dans le livre des rois d’Israël et de Juda.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 35

1 Moreover Josiah kept a passover unto the Lord in Jerusalem: and they killed the passover on the fourteenth day of the first month.
And he set the priests in their charges, and encouraged them to the service of the house of the Lord,
And said unto the Levites that taught all Israel, which were holy unto the Lord, Put the holy ark in the house which Solomon the son of David king of Israel did build; it shall not be a burden upon your shoulders: serve now the Lord your God, and his people Israel,
And prepare yourselves by the houses of your fathers, after your courses, according to the writing of David king of Israel, and according to the writing of Solomon his son.
And stand in the holy place according to the divisions of the families of the fathers of your brethren the people, and after the division of the families of the Levites.
So kill the passover, and sanctify yourselves, and prepare your brethren, that they may do according to the word of the Lord by the hand of Moses.
And Josiah gave to the people, of the flock, lambs and kids, all for the passover offerings, for all that were present, to the number of thirty thousand, and three thousand bullocks: these were of the king’s substance.
And his princes gave willingly unto the people, to the priests, and to the Levites: Hilkiah and Zechariah and Jehiel, rulers of the house of God, gave unto the priests for the passover offerings two thousand and six hundred small cattle and three hundred oxen.
Conaniah also, and Shemaiah and Nethaneel, his brethren, and Hashabiah and Jeiel and Jozabad, chief of the Levites, gave unto the Levites for passover offerings five thousand small cattle, and five hundred oxen.
10 So the service was prepared, and the priests stood in their place, and the Levites in their courses, according to the king’s commandment.
11 And they killed the passover, and the priests sprinkled the blood from their hands, and the Levites flayed them.
12 And they removed the burnt offerings, that they might give according to the divisions of the families of the people, to offer unto the Lord, as it is written in the book of Moses. And so did they with the oxen.
13 And they roasted the passover with fire according to the ordinance: but the other holy offerings sod they in pots, and in caldrons, and in pans, and divided them speedily among all the people.
14 And afterward they made ready for themselves, and for the priests: because the priests the sons of Aaron were busied in offering of burnt offerings and the fat until night; therefore the Levites prepared for themselves, and for the priests the sons of Aaron.
15 And the singers the sons of Asaph were in their place, according to the commandment of David, and Asaph, and Heman, and Jeduthun the king’s seer; and the porters waited at every gate; they might not depart from their service; for their brethren the Levites prepared for them.
16 So all the service of the Lord was prepared the same day, to keep the passover, and to offer burnt offerings upon the altar of the Lord, according to the commandment of king Josiah.
17 And the children of Israel that were present kept the passover at that time, and the feast of unleavened bread seven days.
18 And there was no passover like to that kept in Israel from the days of Samuel the prophet; neither did all the kings of Israel keep such a passover as Josiah kept, and the priests, and the Levites, and all Judah and Israel that were present, and the inhabitants of Jerusalem.
19 In the eighteenth year of the reign of Josiah was this passover kept.
20 After all this, when Josiah had prepared the temple, Necho king of Egypt came up to fight against Charchemish by Euphrates: and Josiah went out against him.
21 But he sent ambassadors to him, saying, What have I to do with thee, thou king of Judah? I come not against thee this day, but against the house wherewith I have war: for God commanded me to make haste: forbear thee from meddling with God, who is with me, that he destroy thee not.
22 Nevertheless Josiah would not turn his face from him, but disguised himself, that he might fight with him, and hearkened not unto the words of Necho from the mouth of God, and came to fight in the valley of Megiddo.
23 And the archers shot at king Josiah; and the king said to his servants, Have me away; for I am sore wounded.
24 His servants therefore took him out of that chariot, and put him in the second chariot that he had; and they brought him to Jerusalem, and he died, and was buried in one of the sepulchres of his fathers. And all Judah and Jerusalem mourned for Josiah.
25 And Jeremiah lamented for Josiah: and all the singing men and the singing women spake of Josiah in their lamentations to this day, and made them an ordinance in Israel: and, behold, they are written in the lamentations.
26 Now the rest of the acts of Josiah, and his goodness, according to that which was written in the law of the Lord,
27 And his deeds, first and last, behold, they are written in the book of the kings of Israel and Judah.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}