Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 17  

1 Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
Kote m’ vire, se moun k’ap pase m’ nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m’ dòmi.
Ou mèt kwè m’, Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M’ pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l’, epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.
Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m’!
Mwen sitèlman nan lapenn, m’ pa ka louvri je m’. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!
Moun k’ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
Moun k’ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
10  Nou tout mèt vin kanpe devan m’, mwen p’ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
11 Mwen fin viv! Tout plan m’ te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
13 Se lanmò m’ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m’.
14 Mwen di tonm lan ou se papa m’. Mwen di vèmen ki pral manje m’ yo: nou se manman m’ ak sè m’.
15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
16 Lè m’a mouri, lè m’a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m’a ka pote espwa m’ yo ansanm avè m’?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 17

1 Mon souffle se perd, Mes jours s’éteignent, Le sépulcre m’attend.
Je suis environné de moqueurs, Et mon oeil doit contempler leurs insultes.
Sois auprès de toi-même ma caution; Autrement, qui répondrait pour moi?
Car tu as fermé leur coeur à l’intelligence; Aussi ne les laisseras-tu pas triompher.
On invite ses amis au partage du butin, Et l’on a des enfants dont les yeux se consument.
Il m’a rendu la fable des peuples, Et ma personne est un objet de mépris.
Mon oeil est obscurci par la douleur; Tous mes membres sont comme une ombre.
Les hommes droits en sont stupéfaits, Et l’innocent se soulève contre l’impie.
Le juste néanmoins demeure ferme dans sa voie, Celui qui a les mains pures se fortifie de plus en plus.
10 Mais vous tous, revenez à vos mêmes discours, Et je ne trouverai pas un sage parmi vous.
11 Quoi! mes jours sont passés, mes projets sont anéantis, Les projets qui remplissaient mon coeur…
12 Et ils prétendent que la nuit c’est le jour, Que la lumière est proche quand les ténèbres sont là!
13 C’est le séjour des morts que j’attends pour demeure, C’est dans les ténèbres que je dresserai ma couche;
14 Je crie à la fosse: Tu es mon père! Et aux vers: Vous êtes ma mère et ma soeur!
15 Mon espérance, où donc est-elle? Mon espérance, qui peut la voir?
16 Elle descendra vers les portes du séjour des morts, Quand nous irons ensemble reposer dans la poussière.
Louis Segond {LSG}

Job 17   

1 My breath is corrupt, my days are extinct, the graves are ready for me.
Are there not mockers with me? and doth not mine eye continue in their provocation?
Lay down now, put me in a surety with thee; who is he that will strike hands with me?
For thou hast hid their heart from understanding: therefore shalt thou not exalt them.
He that speaketh flattery to his friends, even the eyes of his children shall fail.
He hath made me also a byword of the people; and aforetime I was as a tabret.
Mine eye also is dim by reason of sorrow, and all my members are as a shadow.
Upright men shall be astonied at this, and the innocent shall stir up himself against the hypocrite.
The righteous also shall hold on his way, and he that hath clean hands shall be stronger and stronger.
10 But as for you all, do ye return, and come now: for I cannot find one wise man among you.
11 My days are past, my purposes are broken off, even the thoughts of my heart.
12 They change the night into day: the light is short because of darkness.
13 If I wait, the grave is mine house: I have made my bed in the darkness.
14 I have said to corruption, Thou art my father: to the worm, Thou art my mother, and my sister.
15 And where is now my hope? as for my hope, who shall see it?
16 They shall go down to the bars of the pit, when our rest together is in the dust.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}