Liv Amòs / Amos  / Amos

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Amòs 2   

1 Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m’, mwen p’ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.
M’ap voye dife nan peyi Moab la. L’a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k’ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen.
M’ap touye chèf k’ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa.
Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m’, mwen p’ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p’ap fè sa m’ te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.
Se poutèt sa, m’ap voye dife nan peyi Jida a. L’a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè.
Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m’, mwen p’ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.
Y’ap pilonnen malere anba pye yo. Y’ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k’ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.
Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y’ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.
 Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.
10 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.
11 Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m’ prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
12 Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
13 Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m’ menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.
14 Nou te mèt konn kouri, nou p’ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p’ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p’ap ka sove pwòp tèt nou.
15 Moun k’ap tire flèch yo p’ap ka rete kanpe. Moun k’ap kouri vit yo p’ap ka chape. Kavalye sou chwal p’ap ka sove lavi yo.
16 Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y’ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Amos 2  

1 Ainsi parle l’Éternel: A cause de trois crimes de Moab, Même de quatre, je ne révoque pas mon arrêt, Parce qu’il a brûlé, calciné les os du roi d’Édom.
J’enverrai le feu dans Moab, Et il dévorera les palais de Kerijoth; Et Moab périra au milieu du tumulte, Au milieu des cris de guerre et du bruit de la trompette.
J’exterminerai de son sein le juge, Et je tuerai tous ses chefs avec lui, dit l’Éternel.
Ainsi parle l’Éternel: A cause de trois crimes de Juda, Même de quatre, je ne révoque pas mon arrêt, Parce qu’ils ont méprisé la loi de l’Éternel Et qu’ils n’ont pas gardé ses ordonnances, Parce qu’ils ont été égarés par les idoles mensongères Après lesquelles leurs pères ont marché.
J’enverrai le feu dans Juda, Et il dévorera les palais de Jérusalem.
Ainsi parle l’Éternel: A cause des trois crimes d’Israël, Même de quatre, je ne révoque pas mon arrêt, Parce qu’ils ont vendu le juste pour de l’argent, Et le pauvre pour une paire de souliers.
Ils aspirent à voir la poussière de la terre sur la tête des misérables, Et ils violent le droit des malheureux. Le fils et le père vont vers la même fille, Afin de profaner mon saint nom.
Ils s’étendent près de chaque autel sur des vêtements pris en gage, Et ils boivent dans la maison de leurs dieux le vin de ceux qu’ils condamnent.
Et pourtant j’ai détruit devant eux les Amoréens, Dont la hauteur égalait celle des cèdres, Et la force celle des chênes; J’ai détruit leurs fruits en haut, Et leurs racines en bas.
10 Et pourtant je vous ai fait monter du pays d’Égypte, Et je vous ai conduits quarante ans dans le désert, Pour vous mettre en possession du pays des Amoréens.
11 J’ai suscité parmi vos fils des prophètes, Et parmi vos jeunes hommes des nazaréens. N’en est-il pas ainsi, enfants d’Israël? dit l’Éternel…
12 Et vous avez fait boire du vin aux nazaréens! Et aux prophètes vous avez donné cet ordre: Ne prophétisez pas!
13 Voici, je vous écraserai, Comme foule la terre un chariot chargé de gerbes.
14 Celui qui est agile ne pourra fuir, Celui qui a de la force ne pourra s’en servir, Et l’homme vaillant ne sauvera pas sa vie;
15 Celui qui manie l’arc ne résistera pas, Celui qui a les pieds légers n’échappera pas, Et le cavalier ne sauvera pas sa vie;
16 Le plus courageux des guerriers S’enfuira nu dans ce jour-là, dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Amos 2 

1 Thus saith the Lord; For three transgressions of Moab, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because he burned the bones of the king of Edom into lime:
But I will send a fire upon Moab, and it shall devour the palaces of Kirioth: and Moab shall die with tumult, with shouting, and with the sound of the trumpet:
And I will cut off the judge from the midst thereof, and will slay all the princes thereof with him, saith the Lord.
Thus saith the Lord; For three transgressions of Judah, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they have despised the law of the Lord, and have not kept his commandments, and their lies caused them to err, after the which their fathers have walked:
But I will send a fire upon Judah, and it shall devour the palaces of Jerusalem.
Thus saith the Lord; For three transgressions of Israel, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they sold the righteous for silver, and the poor for a pair of shoes;
That pant after the dust of the earth on the head of the poor, and turn aside the way of the meek: and a man and his father will go in unto the same maid, to profane my holy name:
And they lay themselves down upon clothes laid to pledge by every altar, and they drink the wine of the condemned in the house of their god.
Yet destroyed I the Amorite before them, whose height was like the height of the cedars, and he was strong as the oaks; yet I destroyed his fruit from above, and his roots from beneath.
10 Also I brought you up from the land of Egypt, and led you forty years through the wilderness, to possess the land of the Amorite.
11 And I raised up of your sons for prophets, and of your young men for Nazarites. Is it not even thus, O ye children of Israel? saith the Lord.
12 But ye gave the Nazarites wine to drink; and commanded the prophets, saying, Prophesy not.
13 Behold, I am pressed under you, as a cart is pressed that is full of sheaves.
14 Therefore the flight shall perish from the swift, and the strong shall not strengthen his force, neither shall the mighty deliver himself:
15 Neither shall he stand that handleth the bow; and he that is swift of foot shall not deliver himself: neither shall he that rideth the horse deliver himself.
16 And he that is courageous among the mighty shall flee away naked in that day, saith the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}