Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 40

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Sou premye jou premye mwa a, w’a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
W’a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l’. y’a kache bwat la ak rido a.
Apre sa, w’a pote tab la vini, w’a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w’a ranje yo sou li byen ranje. W’a fè pote lanp sèt branch lan tou, w’a moute ti lanp yo sou li.
W’a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w’a mete l’ devan bwat ki gen ròch kontra yo, w’a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.
W’a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w’a mete l’ devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.
W’a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W’a mete dlo ladan l’.
W’a moute galeri a fè wonn tant lan, w’a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.
W’a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w’a voye l’ sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l’. Se konsa w’a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y’a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
10 W’a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l’. Se konsa w’a mete lòtèl la apa pou mwen, l’a pou mwen nèt ale.
11 W’a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l’ a. Se konsa w’a mete yo apa pou mwen.
12 Apre sa, w’a fè Arawon ak pitit gason l’ yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W’a pran dlo, w’a benyen yo byen benyen.
13 W’a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w’a vide lwil sou tèt li. W’a mete l’ apa pou mwen pou l’ ka sèvi m’ prèt.
14 W’a fè pitit gason l’ yo pwoche tou. W’a mete chemiz sou yo.
15 W’a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m’ prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m’ prèt, de pitit an pitit.
16  Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l’ la.
17 Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan.
18 Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.
19 Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l’, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
20 Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
21 Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.
22 Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a.
23 Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l’ la.
24 Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la.
25 Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
26 Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.
27 Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
28 Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.
29 Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
30 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l’.
31 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.
32 Depi y’ap antre nan Tant Randevou a, depi y’ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
33 Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
34  Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
35 Moyiz pa t’ kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
36 Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t’ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
37 Men, si nwaj la pa t’ leve anwo tant lan, yo pa t’ pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.
38 Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 40

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Le premier jour du premier mois, tu dresseras le tabernacle, la tente d’assignation.
Tu y placeras l’arche du témoignage, et tu couvriras l’arche avec le voile.
Tu apporteras la table, et tu la disposeras en ordre. Tu apporteras le chandelier, et tu en arrangeras les lampes.
Tu placeras l’autel d’or pour le parfum devant l’arche du témoignage, et tu mettras le rideau à l’entrée du tabernacle.
Tu placeras l’autel des holocaustes devant l’entrée du tabernacle, de la tente d’assignation.
Tu placeras la cuve entre la tente d’assignation et l’autel, et tu y mettras de l’eau.
Tu placeras le parvis à l’entour, et tu mettras le rideau à la porte du parvis.
Tu prendras l’huile d’onction, tu en oindras le tabernacle et tout ce qu’il renferme, et tu le sanctifieras, avec tous ses ustensiles; et il sera saint.
10 Tu oindras l’autel des holocaustes et tous ses ustensiles, et tu sanctifieras l’autel; et l’autel sera très saint.
11 Tu oindras la cuve avec sa base, et tu la sanctifieras.
12 Tu feras avancer Aaron et ses fils vers l’entrée de la tente d’assignation, et tu les laveras avec de l’eau.
13 Tu revêtiras Aaron des vêtements sacrés, tu l’oindras, et tu le sanctifieras, pour qu’il soit à mon service dans le sacerdoce.
14 Tu feras approcher ses fils, tu les revêtiras des tuniques,
15 et tu les oindras comme tu auras oint leur père, pour qu’ils soient à mon service dans le sacerdoce. Cette onction leur assurera à perpétuité le sacerdoce parmi leurs descendants.
16 Moïse fit tout ce que l’Éternel lui avait ordonné; il fit ainsi.
17 Le premier jour du premier mois de la seconde année, le tabernacle fut dressé.
18 Moïse dressa le tabernacle; il en posa les bases, plaça les planches et les barres, et éleva les colonnes.
19 Il étendit la tente sur le tabernacle, et il mit la couverture de la tente par-dessus, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
20 Il prit le témoignage, et le plaça dans l’arche; il mit les barres à l’arche, et il posa le propitiatoire au-dessus de l’arche.
21 Il apporta l’arche dans le tabernacle; il mit le voile de séparation, et il en couvrit l’arche du témoignage, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
22 Il plaça la table dans la tente d’assignation, au côté septentrional du tabernacle, en dehors du voile;
23 et il y déposa en ordre les pains, devant l’Éternel, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
24 Il plaça le chandelier dans la tente d’assignation, en face de la table, au côté méridional du tabernacle;
25 et il en arrangea les lampes, devant l’Éternel, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
26 Il plaça l’autel d’or dans la tente d’assignation, devant le voile;
27 et il y fit brûler le parfum odoriférant, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
28 Il plaça le rideau à l’entrée du tabernacle.
29 Il plaça l’autel des holocaustes à l’entrée du tabernacle, de la tente d’assignation; et il y offrit l’holocauste et l’offrande, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
30 Il plaça la cuve entre la tente d’assignation et l’autel, et il y mit de l’eau pour les ablutions;
31 Moïse, Aaron et ses fils, s’y lavèrent les mains et les pieds;
32 lorsqu’ils entrèrent dans la tente d’assignation et qu’ils s’approchèrent de l’autel, ils se lavèrent, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
33 Il dressa le parvis autour du tabernacle et de l’autel, et il mit le rideau à la porte du parvis. Ce fut ainsi que Moïse acheva l’ouvrage.
34 Alors la nuée couvrit la tente d’assignation, et la gloire de l’Éternel remplit le tabernacle.
35 Moïse ne pouvait pas entrer dans la tente d’assignation, parce que la nuée restait dessus, et que la gloire de l’Éternel remplissait le tabernacle.
36 Aussi longtemps que durèrent leurs marches, les enfants d’Israël partaient, quand la nuée s’élevait de dessus le tabernacle.
37 Et quand la nuée ne s’élevait pas, ils ne partaient pas, jusqu’à ce qu’elle s’élevât.
38 La nuée de l’Éternel était de jour sur le tabernacle; et de nuit, il y avait un feu, aux yeux de toute la maison d’Israël, pendant toutes leurs marches.

Louis Segond {LSG}

Exodus 40

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
On the first day of the first month shalt thou set up the tabernacle of the tent of the congregation.
And thou shalt put therein the ark of the testimony, and cover the ark with the vail.
And thou shalt bring in the table, and set in order the things that are to be set in order upon it; and thou shalt bring in the candlestick, and light the lamps thereof.
And thou shalt set the altar of gold for the incense before the ark of the testimony, and put the hanging of the door to the tabernacle.
And thou shalt set the altar of the burnt offering before the door of the tabernacle of the tent of the congregation.
And thou shalt set the laver between the tent of the congregation and the altar, and shalt put water therein.
And thou shalt set up the court round about, and hang up the hanging at the court gate.
And thou shalt take the anointing oil, and anoint the tabernacle, and all that is therein, and shalt hallow it, and all the vessels thereof: and it shall be holy.
10 And thou shalt anoint the altar of the burnt offering, and all his vessels, and sanctify the altar: and it shall be an altar most holy.
11 And thou shalt anoint the laver and his foot, and sanctify it.
12 And thou shalt bring Aaron and his sons unto the door of the tabernacle of the congregation, and wash them with water.
13 And thou shalt put upon Aaron the holy garments, and anoint him, and sanctify him; that he may minister unto me in the priest’s office.
14 And thou shalt bring his sons, and clothe them with coats:
15 And thou shalt anoint them, as thou didst anoint their father, that they may minister unto me in the priest’s office: for their anointing shall surely be an everlasting priesthood throughout their generations.
16 Thus did Moses: according to all that the Lord commanded him, so did he.
17 And it came to pass in the first month in the second year, on the first day of the month, that the tabernacle was reared up.
18 And Moses reared up the tabernacle, and fastened his sockets, and set up the boards thereof, and put in the bars thereof, and reared up his pillars.
19 And he spread abroad the tent over the tabernacle, and put the covering of the tent above upon it; as the Lord commanded Moses.
20 And he took and put the testimony into the ark, and set the staves on the ark, and put the mercy seat above upon the ark:
21 And he brought the ark into the tabernacle, and set up the vail of the covering, and covered the ark of the testimony; as the Lord commanded Moses.
22 And he put the table in the tent of the congregation, upon the side of the tabernacle northward, without the vail.
23 And he set the bread in order upon it before the Lord; as the Lord had commanded Moses.
24 And he put the candlestick in the tent of the congregation, over against the table, on the side of the tabernacle southward.
25 And he lighted the lamps before the Lord; as the Lord commanded Moses.
26 And he put the golden altar in the tent of the congregation before the vail:
27 And he burnt sweet incense thereon; as the Lord commanded Moses.
28 And he set up the hanging at the door of the tabernacle.
29 And he put the altar of burnt offering by the door of the tabernacle of the tent of the congregation, and offered upon it the burnt offering and the meat offering; as the Lord commanded Moses.
30 And he set the laver between the tent of the congregation and the altar, and put water there, to wash withal.
31 And Moses and Aaron and his sons washed their hands and their feet thereat:
32 When they went into the tent of the congregation, and when they came near unto the altar, they washed; as the Lord commanded Moses.
33 And he reared up the court round about the tabernacle and the altar, and set up the hanging of the court gate. So Moses finished the work.
34 Then a cloud covered the tent of the congregation, and the glory of the Lord filled the tabernacle.
35 And Moses was not able to enter into the tent of the congregation, because the cloud abode thereon, and the glory of the Lord filled the tabernacle.
36 And when the cloud was taken up from over the tabernacle, the children of Israel went onward in all their journeys:
37 But if the cloud were not taken up, then they journeyed not till the day that it was taken up.
38 For the cloud of the Lord was upon the tabernacle by day, and fire was on it by night, in the sight of all the house of Israel, throughout all their journeys.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}