Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 1  

1 Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit Amòz la, wè sou rèy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.
 Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.
Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l’ manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.
Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k’ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.
Poukisa n’ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k’ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.
Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l’a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l’ toupatou.
Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t’ kite kèk moun nan nou chape, lavil la t’ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.
10  Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
11 Li di yo: Sa pou m’ fè ak pakèt bèt n’ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n’ap boule sou lotèl la, ak grès towo n’ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
12 Lè n’ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou tanp mwen an?
13 Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p’ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n’ap ofri m’ lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n’ap fè yo. M’ pa ka sipòte fèt moun k’ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.
14 Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n’ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.
15 Lè n’ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m’, m’ap bouche je m’ pou m’ pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p’ap tande nou! Men nou plen san!
16  Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n’ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
17 Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y’ap kraze yo! Defann kòz timoun ki san papa ak fanm ki pèdi mari yo.
18 Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m’ap lave nou. M’ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m’ap blanchi nou, m’ap fè nou blan kou lenn mouton.
19 Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n’a manje bèl rekòt peyi a va bay.
20 Men, si nou derefize koute m’, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n’ mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.
21  Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m’ ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l’, yo pa t’ fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!
22 Lajan nou yo tounen labou, yo pa vo anyen! Bon diven nou yo tounen dlo!
23 Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y’ap kouri dèyè moun k’ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l’ menm.
24 Se poutèt sa, koulye a, koute sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: Nou se lènmi m’. Nou pa vle wè m’. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p’ap kite nou ban m’ traka ankò.
25 Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y’ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.
26 Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y’a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m’ ak tout kè li.
27 Seyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L’a sove lavil Jerizalèm. Seyè a ap rann jistis, l’a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.
28 Men, l’ap kraze sa k’ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k’ap viv nan peche yo. L’ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.
29 N’a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.
30 N’ap tankou yon pye bwadchenn k’ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo.
31 Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p’ap ka fè anyen pou sove yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 1

1 Prophétie d’Ésaïe, fils d’Amots, sur Juda et Jérusalem, au temps d’Ozias, de Jotham, d’Achaz, d’Ézéchias, rois de Juda.
Cieux, écoutez! terre, prête l’oreille! Car l’Éternel parle. J’ai nourri et élevé des enfants, Mais ils se sont révoltés contre moi.
Le boeuf connaît son possesseur, Et l’âne la crèche de son maître: Israël ne connaît rien, Mon peuple n’a point d’intelligence.
Malheur à la nation pécheresse, au peuple chargé d’iniquités, A la race des méchants, aux enfants corrompus! Ils ont abandonné l’Éternel, ils ont méprisé le Saint d’Israël. Ils se sont retirés en arrière…
Quels châtiments nouveaux vous infliger, Quand vous multipliez vos révoltes? La tête entière est malade, Et tout le coeur est souffrant.
De la plante du pied jusqu’à la tête, rien n’est en bon état: Ce ne sont que blessures, contusions et plaies vives, Qui n’ont été ni pansées, ni bandées, Ni adoucies par l’huile.
Votre pays est dévasté, Vos villes sont consumées par le feu, Des étrangers dévorent vos campagnes sous vos yeux, Ils ravagent et détruisent, comme des barbares.
Et la fille de Sion est restée Comme une cabane dans une vigne, Comme une hutte dans un champ de concombres, Comme une ville épargnée.
Si l’Éternel des armées Ne nous eût conservé un faible reste, Nous serions comme Sodome, Nous ressemblerions à Gomorrhe.
10 Écoutez la parole de l’Éternel, chefs de Sodome! Prête l’oreille à la loi de notre Dieu, peuple de Gomorrhe!
11 Qu’ai-je affaire de la multitude de vos sacrifices? dit l’Éternel. Je suis rassasié des holocaustes de béliers et de la graisse des veaux; Je ne prends point plaisir au sang des taureaux, des brebis et des boucs.
12 Quand vous venez vous présenter devant moi, Qui vous demande de souiller mes parvis?
13 Cessez d’apporter de vaines offrandes: J’ai en horreur l’encens, Les nouvelles lunes, les sabbats et les assemblées; Je ne puis voir le crime s’associer aux solennités.
14 Mon âme hait vos nouvelles lunes et vos fêtes; Elles me sont à charge; Je suis las de les supporter.
15 Quand vous étendez vos mains, je détourne de vous mes yeux; Quand vous multipliez les prières, je n’écoute pas: Vos mains sont pleines de sang.
16 Lavez-vous, purifiez-vous, Otez de devant mes yeux la méchanceté de vos actions; Cessez de faire le mal.
17 Apprenez à faire le bien, recherchez la justice, Protégez l’opprimé; Faites droit à l’orphelin, Défendez la veuve.
18 Venez et plaidons! dit l’Éternel. Si vos péchés sont comme le cramoisi, ils deviendront blancs comme la neige; S’ils sont rouges comme la pourpre, ils deviendront comme la laine.
19 Si vous avez de la bonne volonté et si vous êtes dociles, Vous mangerez les meilleures productions du pays;
20 Mais si vous résistez et si vous êtes rebelles, Vous serez dévorés par le glaive, Car la bouche de l’Éternel a parlé.
21 Quoi donc! la cité fidèle est devenue une prostituée! Elle était remplie d’équité, la justice y habitait, Et maintenant il y a des assassins!
22 Ton argent s’est changé en scories, Ton vin a été coupé d’eau.
23 Tes chefs sont rebelles et complices des voleurs, Tous aiment les présents et courent après les récompenses; Ils ne font pas droit à l’orphelin, Et la cause de la veuve ne vient pas jusqu’à eux.
24 C’est pourquoi voici ce que dit le Seigneur, l’Éternel des armées, Le Fort d’Israël: Ah! je tirerai satisfaction de mes adversaires, Et je me vengerai de mes ennemis.
25 Je porterai ma main sur toi, Je fondrai tes scories, comme avec de la potasse, Et j’enlèverai toutes tes parcelles de plomb.
26 Je rétablirai tes juges tels qu’ils étaient autrefois, Et tes conseillers tels qu’ils étaient au commencement. Après cela, on t’appellera ville de la justice, Cité fidèle.
27 Sion sera sauvée par la droiture, Et ceux qui s’y convertiront seront sauvés par la justice.
28 Mais la ruine atteindra tous les rebelles et les pécheurs, Et ceux qui abandonnent l’Éternel périront.
29 On aura honte à cause des térébinthes auxquels vous prenez plaisir, Et vous rougirez à cause des jardins dont vous faites vos délices;
30 Car vous serez comme un térébinthe au feuillage flétri, Comme un jardin qui n’a pas d’eau.
31 L’homme fort sera comme de l’étoupe, Et son oeuvre comme une étincelle; Ils brûleront l’un et l’autre ensemble, Et il n’y aura personne pour éteindre.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 1 

1 The vision of Isaiah the son of Amoz, which he saw concerning Judah and Jerusalem in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah.
Hear, O heavens, and give ear, O earth: for the Lord hath spoken, I have nourished and brought up children, and they have rebelled against me.
The ox knoweth his owner, and the ass his master’s crib: but Israel doth not know, my people doth not consider.
Ah sinful nation, a people laden with iniquity, a seed of evildoers, children that are corrupters: they have forsaken the Lord, they have provoked the Holy One of Israel unto anger, they are gone away backward.
Why should ye be stricken any more? ye will revolt more and more: the whole head is sick, and the whole heart faint.
From the sole of the foot even unto the head there is no soundness in it; but wounds, and bruises, and putrifying sores: they have not been closed, neither bound up, neither mollified with ointment.
Your country is desolate, your cities are burned with fire: your land, strangers devour it in your presence, and it is desolate, as overthrown by strangers.
And the daughter of Zion is left as a cottage in a vineyard, as a lodge in a garden of cucumbers, as a besieged city.
Except the Lord of hosts had left unto us a very small remnant, we should have been as Sodom, and we should have been like unto Gomorrah.
10 Hear the word of the Lord, ye rulers of Sodom; give ear unto the law of our God, ye people of Gomorrah.
11 To what purpose is the multitude of your sacrifices unto me? saith the Lord: I am full of the burnt offerings of rams, and the fat of fed beasts; and I delight not in the blood of bullocks, or of lambs, or of he goats.
12 When ye come to appear before me, who hath required this at your hand, to tread my courts?
13 Bring no more vain oblations; incense is an abomination unto me; the new moons and sabbaths, the calling of assemblies, I cannot away with; it is iniquity, even the solemn meeting.
14 Your new moons and your appointed feasts my soul hateth: they are a trouble unto me; I am weary to bear them.
15 And when ye spread forth your hands, I will hide mine eyes from you: yea, when ye make many prayers, I will not hear: your hands are full of blood.
16 Wash you, make you clean; put away the evil of your doings from before mine eyes; cease to do evil;
17 Learn to do well; seek judgment, relieve the oppressed, judge the fatherless, plead for the widow.
18 Come now, and let us reason together, saith the Lord: though your sins be as scarlet, they shall be as white as snow; though they be red like crimson, they shall be as wool.
19 If ye be willing and obedient, ye shall eat the good of the land:
20 But if ye refuse and rebel, ye shall be devoured with the sword: for the mouth of the Lord hath spoken it.
21 How is the faithful city become an harlot! it was full of judgment; righteousness lodged in it; but now murderers.
22 Thy silver is become dross, thy wine mixed with water:
23 Thy princes are rebellious, and companions of thieves: every one loveth gifts, and followeth after rewards: they judge not the fatherless, neither doth the cause of the widow come unto them.
24 Therefore saith the Lord, the Lord of hosts, the mighty One of Israel, Ah, I will ease me of mine adversaries, and avenge me of mine enemies:
25 And I will turn my hand upon thee, and purely purge away thy dross, and take away all thy tin:
26 And I will restore thy judges as at the first, and thy counsellors as at the beginning: afterward thou shalt be called, The city of righteousness, the faithful city.
27 Zion shall be redeemed with judgment, and her converts with righteousness.
28 And the destruction of the transgressors and of the sinners shall be together, and they that forsake the Lord shall be consumed.
29 For they shall be ashamed of the oaks which ye have desired, and ye shall be confounded for the gardens that ye have chosen.
30 For ye shall be as an oak whose leaf fadeth, and as a garden that hath no water.
31 And the strong shall be as tow, and the maker of it as a spark, and they shall both burn together, and none shall quench them.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}