Liv 2 Wa / 2 Rois / 2Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Wa 4

1 Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l’ konsa: –Mari m’ mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m’ te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m’ yo pou l’ al vann yo tankou esklav pou l’ ka antre lajan l’ lan.
Elize mande l’: –Kisa m’ ka fè pou ou? Di m’ kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: –Mèt, m’ pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.
Lè sa a Elize di li: –Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w’a mete l’ sou kote.
Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l’ yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l’ yo t’ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t’ap plen yo.
Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t’ gen ja ankò. Gason l’ lan reponn li. –Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.
Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l’ tout bagay. Elize di li: –Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w’ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.
 Yon jou, Elize t’ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l’ pou li vin manje avè l’. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l’ al manje.
Yon lè, madanm lan di mari l’: –Gade! Mwen vin konnen nonm sa k’ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k’ap viv apa pou Bondye li ye.
10 Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N’a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l’. Konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l’ ka pou kont li.
11 Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche.
12 Li di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive,
13 Elize di Gerazi konsa: –Mande l’ pou mwen kisa m’ ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m’ al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: –Mèsi wi. Mwen gen tou sa m’ bezwen nan mitan pèp la.
14 Elize mande Gerazi: –Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: –Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l’ fin granmoun!
15 Elize di: –Rele l’ pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
16 Elize di li: –Nan ennan, vè lè konsa, w’a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: –Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m’ manti.
17 Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l’ la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.
18  Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an t al jwenn papa l’ ki t’ap ranmase rekòt nan jaden l’ ak kèk lòt moun,
19 li rete konsa, li di papa l’: –Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l’ konsa: –Pote ti gason an bay manman l’.
20 Domestik la pran ti gason an, li pote l’ bay manman l’. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri.
21 Manman an moute avè l’ nan chanm Elize a. Li mete l’ kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li soti.
22 Li fè rele mari li, li di l’ konsa: –Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M’ p’ap mize.
23 Mari a mande l’: –Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: –Sa pa fè anyen!
24 Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: –Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l’ al dousman jouk m’a di ou rete.
25 Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l’ byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: –Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.
26 Kouri al jwenn li. Mande l’ si tout moun lakay li byen, li menm, mari l’ ak pitit li a. Madanm lan di Gerazi tout moun byen.
27 Men lè li rive kot Elize, li lage kò l’ atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l’ pouse l’, Elize di l’ konsa: –Kite l’. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m’ konn sa. Li kache m’ sa.
28 Lè sa a madanm lan di: –Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M’ pa t’ di ou pa ban m’ move espwa?
29 Elize vire bò Gerazi, li di l’ konsa: –Pare kò ou non! Pran baton m’ lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w’a rive, w’a mete baton m’ lan sou figi pitit la.
30 Men manman ti gason an di Elize konsa: –Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l’.
31 Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l’. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l’: –Ti gason an pa leve.
32 Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan.
33 Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a.
34 Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l’ sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho.
35 Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l’ al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l’.
36 Elize rele Gerazi, li di l’: –Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l’: –Men pitit gason ou lan.
37 Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l’ ale.
38  Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l’ konsa: –Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
39 Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye.
40 Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: –Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l’. Yo derefize manje.
41 Men Elize di: –Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: –Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t’gen pwazon ankò nan manje a.
42 Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.
43 Men domestik la di l’: –Ki jan pou m’ rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: –Ba yo l’ pou yo manje, paske Seyè a di y’ap manje kont yo, y’ap kite rès.
44 Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l’ la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Rois 4 

1 Une femme d’entre les femmes des fils des prophètes cria à Élisée, en disant: Ton serviteur mon mari est mort, et tu sais que ton serviteur craignait l’Éternel; or le créancier est venu pour prendre mes deux enfants et en faire ses esclaves.
Élisée lui dit: Que puis-je faire pour toi? Dis-moi, qu’as-tu à la maison? Elle répondit: Ta servante n’a rien du tout à la maison qu’un vase d’huile.
Et il dit: Va demander au dehors des vases chez tous tes voisins, des vases vides, et n’en demande pas un petit nombre.
Quand tu seras rentrée, tu fermeras la porte sur toi et sur tes enfants; tu verseras dans tous ces vases, et tu mettras de côté ceux qui seront pleins.
Alors elle le quitta. Elle ferma la porte sur elle et sur ses enfants; ils lui présentaient les vases, et elle versait.
Lorsque les vases furent pleins, elle dit à son fils: Présente-moi encore un vase. Mais il lui répondit: Il n’y a plus de vase. Et l’huile s’arrêta.
Elle alla le rapporter à l’homme de Dieu, et il dit: Va vendre l’huile, et paie ta dette; et tu vivras, toi et tes fils, de ce qui restera.
Un jour Élisée passait par Sunem. Il y avait là une femme de distinction, qui le pressa d’accepter à manger. Et toutes les fois qu’il passait, il se rendait chez elle pour manger.
Elle dit à son mari: Voici, je sais que cet homme qui passe toujours chez nous est un saint homme de Dieu.
10 Faisons une petite chambre haute avec des murs, et mettons-y pour lui un lit, une table, un siège et un chandelier, afin qu’il s’y retire quand il viendra chez nous.
11 Élisée, étant revenu à Sunem, se retira dans la chambre haute et y coucha.
12 Il dit à Guéhazi, son serviteur: Appelle cette Sunamite. Guéhazi l’appela, et elle se présenta devant lui.
13 Et Élisée dit à Guéhazi: Dis-lui: Voici, tu nous as montré tout cet empressement; que peut-on faire pour toi? Faut-il parler pour toi au roi ou au chef de l’armée? Elle répondit: J’habite au milieu de mon peuple.
14 Et il dit: Que faire pour elle? Guéhazi répondit: Mais, elle n’a point de fils, et son mari est vieux.
15 Et il dit: Appelle-la. Guéhazi l’appela, et elle se présenta à la porte.
16 Élisée lui dit: A cette même époque, l’année prochaine, tu embrasseras un fils. Et elle dit: Non! mon seigneur, homme de Dieu, ne trompe pas ta servante!
17 Cette femme devint enceinte, et elle enfanta un fils à la même époque, l’année suivante, comme Élisée lui avait dit.
18 L’enfant grandit. Et un jour qu’il était allé trouver son père vers les moissonneurs,
19 il dit à son père: Ma tête! ma tête! Le père dit à son serviteur: Porte-le à sa mère.
20 Le serviteur l’emporta et l’amena à sa mère. Et l’enfant resta sur les genoux de sa mère jusqu’à midi, puis il mourut.
21 Elle monta, le coucha sur le lit de l’homme de Dieu, ferma la porte sur lui, et sortit.
22 Elle appela son mari, et dit: Envoie-moi, je te prie, un des serviteurs et une des ânesses; je veux aller en hâte vers l’homme de Dieu, et je reviendrai.
23 Et il dit: Pourquoi veux-tu aller aujourd’hui vers lui? Ce n’est ni nouvelle lune ni sabbat. Elle répondit: Tout va bien.
24 Puis elle fit seller l’ânesse, et dit à son serviteur: Mène et pars; ne m’arrête pas en route sans que je te le dise.
25 Elle partit donc et se rendit vers l’homme de Dieu sur la montagne du Carmel. L’homme de Dieu, l’ayant aperçue de loin, dit à Guéhazi, son serviteur: Voici cette Sunamite!
26 Maintenant, cours donc à sa rencontre, et dis-lui: Te portes-tu bien? Ton mari et ton enfant se portent-ils bien? Elle répondit: Bien.
27 Et dès qu’elle fut arrivée auprès de l’homme de Dieu sur la montagne, elle embrassa ses pieds. Guéhazi s’approcha pour la repousser. Mais l’homme de Dieu dit: Laisse-la, car son âme est dans l’amertume, et l’Éternel me l’a caché et ne me l’a point fait connaître.
28 Alors elle dit: Ai-je demandé un fils à mon seigneur? N’ai-je pas dit: Ne me trompe pas?
29 Et Élisée dit à Guéhazi: Ceins tes reins, prends mon bâton dans ta main, et pars. Si tu rencontres quelqu’un, ne le salue pas; et si quelqu’un te salue, ne lui réponds pas. Tu mettras mon bâton sur le visage de l’enfant.
30 La mère de l’enfant dit: L’Éternel est vivant et ton âme est vivante! je ne te quitterai point. Et il se leva et la suivit.
31 Guéhazi les avait devancés, et il avait mis le bâton sur le visage de l’enfant; mais il n’y eut ni voix ni signe d’attention. Il s’en retourna à la rencontre d’Élisée, et lui rapporta la chose, en disant: L’enfant ne s’est pas réveillé.
32 Lorsque Élisée arriva dans la maison, voici, l’enfant était mort, couché sur son lit.
33 Élisée entra et ferma la porte sur eux deux, et il pria l’Éternel.
34 Il monta, et se coucha sur l’enfant; il mit sa bouche sur sa bouche, ses yeux sur ses yeux, ses mains sur ses mains, et il s’étendit sur lui. Et la chair de l’enfant se réchauffa.
35 Élisée s’éloigna, alla çà et là par la maison, puis remonta et s’étendit sur l’enfant. Et l’enfant éternua sept fois, et il ouvrit les yeux.
36 Élisée appela Guéhazi, et dit: Appelle cette Sunamite. Guéhazi l’appela, et elle vint vers Élisée, qui dit: Prends ton fils!
37 Elle alla se jeter à ses pieds, et se prosterna contre terre. Et elle prit son fils, et sortit.
38 Élisée revint à Guilgal, et il y avait une famine dans le pays. Comme les fils des prophètes étaient assis devant lui, il dit à son serviteur: Mets le grand pot, et fais cuire un potage pour les fils des prophètes.
39 L’un d’eux sortit dans les champs pour cueillir des herbes; il trouva de la vigne sauvage et il y cueillit des coloquintes sauvages, plein son vêtement. Quand il rentra, il les coupa en morceaux dans le pot où était le potage, car on ne les connaissait pas.
40 On servit à manger à ces hommes; mais dès qu’ils eurent mangé du potage, ils s’écrièrent: La mort est dans le pot, homme de Dieu! Et ils ne purent manger.
41 Élisée dit: Prenez de la farine. Il en jeta dans le pot, et dit: Sers à ces gens, et qu’ils mangent. Et il n’y avait plus rien de mauvais dans le pot.
42 Un homme arriva de Baal Schalischa. Il apporta du pain des prémices à l’homme de Dieu, vingt pains d’orge, et des épis nouveaux dans son sac. Élisée dit: Donne à ces gens, et qu’ils mangent.
43 Son serviteur répondit: Comment pourrais-je en donner à cent personnes? Mais Élisée dit: Donne à ces gens, et qu’ils mangent; car ainsi parle l’Éternel: On mangera, et on en aura de reste.
44 Il mit alors les pains devant eux; et ils mangèrent et en eurent de reste, selon la parole de l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

2 Kings 4

1 Now there cried a certain woman of the wives of the sons of the prophets unto Elisha, saying, Thy servant my husband is dead; and thou knowest that thy servant did fear the Lord: and the creditor is come to take unto him my two sons to be bondmen.
And Elisha said unto her, What shall I do for thee? tell me, what hast thou in the house? And she said, Thine handmaid hath not any thing in the house, save a pot of oil.
Then he said, Go, borrow thee vessels abroad of all thy neighbours, even empty vessels; borrow not a few.
And when thou art come in, thou shalt shut the door upon thee and upon thy sons, and shalt pour out into all those vessels, and thou shalt set aside that which is full.
So she went from him, and shut the door upon her and upon her sons, who brought the vessels to her; and she poured out.
And it came to pass, when the vessels were full, that she said unto her son, Bring me yet a vessel. And he said unto her, There is not a vessel more. And the oil stayed.
Then she came and told the man of God. And he said, Go, sell the oil, and pay thy debt, and live thou and thy children of the rest.
And it fell on a day, that Elisha passed to Shunem, where was a great woman; and she constrained him to eat bread. And so it was, that as oft as he passed by, he turned in thither to eat bread.
And she said unto her husband, Behold now, I perceive that this is an holy man of God, which passeth by us continually.
10 Let us make a little chamber, I pray thee, on the wall; and let us set for him there a bed, and a table, and a stool, and a candlestick: and it shall be, when he cometh to us, that he shall turn in thither.
11 And it fell on a day, that he came thither, and he turned into the chamber, and lay there.
12 And he said to Gehazi his servant, Call this Shunammite. And when he had called her, she stood before him.
13 And he said unto him, Say now unto her, Behold, thou hast been careful for us with all this care; what is to be done for thee? wouldest thou be spoken for to the king, or to the captain of the host? And she answered, I dwell among mine own people.
14 And he said, What then is to be done for her? And Gehazi answered, Verily she hath no child, and her husband is old.
15 And he said, Call her. And when he had called her, she stood in the door.
16 And he said, About this season, according to the time of life, thou shalt embrace a son. And she said, Nay, my lord, thou man of God, do not lie unto thine handmaid.
17 And the woman conceived, and bare a son at that season that Elisha had said unto her, according to the time of life.
18 And when the child was grown, it fell on a day, that he went out to his father to the reapers.
19 And he said unto his father, My head, my head. And he said to a lad, Carry him to his mother.
20 And when he had taken him, and brought him to his mother, he sat on her knees till noon, and then died.
21 And she went up, and laid him on the bed of the man of God, and shut the door upon him, and went out.
22 And she called unto her husband, and said, Send me, I pray thee, one of the young men, and one of the asses, that I may run to the man of God, and come again.
23 And he said, Wherefore wilt thou go to him to day? it is neither new moon, nor sabbath. And she said, It shall be well.
24 Then she saddled an ass, and said to her servant, Drive, and go forward; slack not thy riding for me, except I bid thee.
25 So she went and came unto the man of God to mount Carmel. And it came to pass, when the man of God saw her afar off, that he said to Gehazi his servant, Behold, yonder is that Shunammite:
26 Run now, I pray thee, to meet her, and say unto her, Is it well with thee? is it well with thy husband? is it well with the child? And she answered, It is well:
27 And when she came to the man of God to the hill, she caught him by the feet: but Gehazi came near to thrust her away. And the man of God said, Let her alone; for her soul is vexed within her: and the Lord hath hid it from me, and hath not told me.
28 Then she said, Did I desire a son of my lord? did I not say, Do not deceive me?
29 Then he said to Gehazi, Gird up thy loins, and take my staff in thine hand, and go thy way: if thou meet any man, salute him not; and if any salute thee, answer him not again: and lay my staff upon the face of the child.
30 And the mother of the child said, As the Lord liveth, and as thy soul liveth, I will not leave thee. And he arose, and followed her.
31 And Gehazi passed on before them, and laid the staff upon the face of the child; but there was neither voice, nor hearing. Wherefore he went again to meet him, and told him, saying, The child is not awaked.
32 And when Elisha was come into the house, behold, the child was dead, and laid upon his bed.
33 He went in therefore, and shut the door upon them twain, and prayed unto the Lord.
34 And he went up, and lay upon the child, and put his mouth upon his mouth, and his eyes upon his eyes, and his hands upon his hands: and stretched himself upon the child; and the flesh of the child waxed warm.
35 Then he returned, and walked in the house to and fro; and went up, and stretched himself upon him: and the child sneezed seven times, and the child opened his eyes.
36 And he called Gehazi, and said, Call this Shunammite. So he called her. And when she was come in unto him, he said, Take up thy son.
37 Then she went in, and fell at his feet, and bowed herself to the ground, and took up her son, and went out.
38 And Elisha came again to Gilgal: and there was a dearth in the land; and the sons of the prophets were sitting before him: and he said unto his servant, Set on the great pot, and seethe pottage for the sons of the prophets.
39 And one went out into the field to gather herbs, and found a wild vine, and gathered thereof wild gourds his lap full, and came and shred them into the pot of pottage: for they knew them not.
40 So they poured out for the men to eat. And it came to pass, as they were eating of the pottage, that they cried out, and said, O thou man of God, there is death in the pot. And they could not eat thereof.
41 But he said, Then bring meal. And he cast it into the pot; and he said, Pour out for the people, that they may eat. And there was no harm in the pot.
42 And there came a man from Baalshalisha, and brought the man of God bread of the firstfruits, twenty loaves of barley, and full ears of corn in the husk thereof. And he said, Give unto the people, that they may eat.
43 And his servitor said, What, should I set this before an hundred men? He said again, Give the people, that they may eat: for thus saith the Lord, They shall eat, and shall leave thereof.
44 So he set it before them, and they did eat, and left thereof, according to the word of the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}