Liv Travay / Actes / Acts

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Travay 11               

Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.
Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li.
Yo di l’ konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo?
Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo:
Mwen te lavil Jope, mwen t’ap lapriyè, lè m’ fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t’ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t’ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen.
Lè m’ gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo.
Epi m’ tande yon vwa ki di m’ konsa: Leve non, Pyè, touye, manje.
Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye nan bouch mwen.
Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k’ap sèvi l’, pa di l’ pa bon pou yo.
10 An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la.
11 Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m’ te ye a. Yo te voye yo chache mwen.
12 Lespri a di m’ pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m’ tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy.
13 Kònèy rakonte nou ki jan l’ te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè).
14 Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.
15 Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a.
16 Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n’ resevwa batèm nan Sentespri a.
17 Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n’ te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m’ te ye menm pou m’ te fè tèt ak Bondye?
18 Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l’, yo pran fè lwanj Bondye. Yo t’ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
19  Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t’ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman.
20 Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a.
21 Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.
22 Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch.
23 Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t’ap beni disip yo. Li pa t’ manke kontan, li t’ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.
24 Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l’ anba pouvwa l’ tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Seyè a.
25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sòl.
26 Lè l’ jwenn li, li mennen l’ lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t’ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.
27  Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch.
28 Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.)
29 Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.
30 Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Actes 11              

1 Les apôtres et les frères qui étaient dans la Judée apprirent que les païens avaient aussi reçu la parole de Dieu.
Et lorsque Pierre fut monté à Jérusalem, les fidèles circoncis lui adressèrent des reproches,
en disant: Tu es entré chez des incirconcis, et tu as mangé avec eux.
Pierre se mit à leur exposer d’une manière suivie ce qui s’était passé.
Il dit: J’étais dans la ville de Joppé, et, pendant que je priais, je tombai en extase et j’eus une vision: un objet, semblable à une grande nappe attachée par les quatre coins, descendait du ciel et vint jusqu’à moi.
Les regards fixés sur cette nappe, j’examinai, et je vis les quadrupèdes de la terre, les bêtes sauvages, les reptiles, et les oiseaux du ciel.
Et j’entendis une voix qui me disait: Lève-toi, Pierre, tue et mange.
Mais je dis: Non, Seigneur, car jamais rien de souillé ni d’impur n’est entré dans ma bouche.
Et pour la seconde fois la voix se fit entendre du ciel: Ce que Dieu a déclaré pur, ne le regarde pas comme souillé.
10 Cela arriva jusqu’à trois fois; puis tout fut retiré dans le ciel.
11 Et voici, aussitôt trois hommes envoyés de Césarée vers moi se présentèrent devant la porte de la maison où j’étais.
12 L’Esprit me dit de partir avec eux sans hésiter. Les six hommes que voici m’accompagnèrent, et nous entrâmes dans la maison de Corneille.
13 Cet homme nous raconta comment il avait vu dans sa maison l’ange se présentant à lui et disant: Envoie à Joppé, et fais venir Simon, surnommé Pierre,
14 qui te dira des choses par lesquelles tu seras sauvé, toi et toute ta maison.
15 Lorsque je me fus mis à parler, le Saint Esprit descendit sur eux, comme sur nous au commencement.
16 Et je me souvins de cette parole du Seigneur: Jean a baptisé d’eau, mais vous, vous serez baptisés du Saint Esprit.
17 Or, puisque Dieu leur a accordé le même don qu’à nous qui avons cru au Seigneur Jésus Christ, pouvais-je, moi, m’opposer à Dieu?
18 Après avoir entendu cela, ils se calmèrent, et ils glorifièrent Dieu, en disant: Dieu a donc accordé la repentance aussi aux païens, afin qu’ils aient la vie.
19 Ceux qui avaient été dispersés par la persécution survenue à l’occasion d’Étienne allèrent jusqu’en Phénicie, dans l’île de Chypre, et à Antioche, annonçant la parole seulement aux Juifs.
20 Il y eut cependant parmi eux quelques hommes de Chypre et de Cyrène, qui, étant venus à Antioche, s’adressèrent aussi aux Grecs, et leur annoncèrent la bonne nouvelle du Seigneur Jésus.
21 La main du Seigneur était avec eux, et un grand nombre de personnes crurent et se convertirent au Seigneur.
22 Le bruit en parvint aux oreilles des membres de l’Église de Jérusalem, et ils envoyèrent Barnabas jusqu’à Antioche.
23 Lorsqu’il fut arrivé, et qu’il eut vu la grâce de Dieu, il s’en réjouit, et il les exhorta tous à rester d’un coeur ferme attachés au Seigneur.
24 Car c’était un homme de bien, plein d’Esprit Saint et de foi. Et une foule assez nombreuse se joignit au Seigneur.
25 Barnabas se rendit ensuite à Tarse, pour chercher Saul;
26 et, l’ayant trouvé, il l’amena à Antioche. Pendant toute une année, ils se réunirent aux assemblées de l’Église, et ils enseignèrent beaucoup de personnes. Ce fut à Antioche que, pour la première fois, les disciples furent appelés chrétiens.
27 En ce temps-là, des prophètes descendirent de Jérusalem à Antioche.
28 L’un deux, nommé Agabus, se leva, et annonça par l’Esprit qu’il y aurait une grande famine sur toute la terre. Elle arriva, en effet, sous Claude.
29 Les disciples résolurent d’envoyer, chacun selon ses moyens, un secours aux frères qui habitaient la Judée.
30 Ils le firent parvenir aux anciens par les mains de Barnabas et de Saul.

Louis Segond {LSG}

Acts 11      

1 And the apostles and brethren that were in Judaea heard that the Gentiles had also received the word of God.
And when Peter was come up to Jerusalem, they that were of the circumcision contended with him,
Saying, Thou wentest in to men uncircumcised, and didst eat with them.
But Peter rehearsed the matter from the beginning, and expounded it by order unto them, saying,
I was in the city of Joppa praying: and in a trance I saw a vision, A certain vessel descend, as it had been a great sheet, let down from heaven by four corners; and it came even to me:
Upon the which when I had fastened mine eyes, I considered, and saw fourfooted beasts of the earth, and wild beasts, and creeping things, and fowls of the air.
And I heard a voice saying unto me, Arise, Peter; slay and eat.
But I said, Not so, Lord: for nothing common or unclean hath at any time entered into my mouth.
But the voice answered me again from heaven, What God hath cleansed, that call not thou common.
10 And this was done three times: and all were drawn up again into heaven.
11 And, behold, immediately there were three men already come unto the house where I was, sent from Caesarea unto me.
12 And the Spirit bade me go with them, nothing doubting. Moreover these six brethren accompanied me, and we entered into the man’s house:
13 And he shewed us how he had seen an angel in his house, which stood and said unto him, Send men to Joppa, and call for Simon, whose surname is Peter;
14 Who shall tell thee words, whereby thou and all thy house shall be saved.
15 And as I began to speak, the Holy Ghost fell on them, as on us at the beginning.
16 Then remembered I the word of the Lord, how that he said, John indeed baptized with water; but ye shall be baptized with the Holy Ghost.
17 Forasmuch then as God gave them the like gift as he did unto us, who believed on the Lord Jesus Christ; what was I, that I could withstand God?
18 When they heard these things, they held their peace, and glorified God, saying, Then hath God also to the Gentiles granted repentance unto life.
19 Now they which were scattered abroad upon the persecution that arose about Stephen travelled as far as Phenice, and Cyprus, and Antioch, preaching the word to none but unto the Jews only.
20 And some of them were men of Cyprus and Cyrene, which, when they were come to Antioch, spake unto the Grecians, preaching the Lord Jesus.
21 And the hand of the Lord was with them: and a great number believed, and turned unto the Lord.
22 Then tidings of these things came unto the ears of the church which was in Jerusalem: and they sent forth Barnabas, that he should go as far as Antioch.
23 Who, when he came, and had seen the grace of God, was glad, and exhorted them all, that with purpose of heart they would cleave unto the Lord.
24 For he was a good man, and full of the Holy Ghost and of faith: and much people was added unto the Lord.
25 Then departed Barnabas to Tarsus, for to seek Saul:
26 And when he had found him, he brought him unto Antioch. And it came to pass, that a whole year they assembled themselves with the church, and taught much people. And the disciples were called Christians first in Antioch.
27 And in these days came prophets from Jerusalem unto Antioch.
28 And there stood up one of them named Agabus, and signified by the Spirit that there should be great dearth throughout all the world: which came to pass in the days of Claudius Caesar.
29 Then the disciples, every man according to his ability, determined to send relief unto the brethren which dwelt in Judaea:
30 Which also they did, and sent it to the elders by the hands of Barnabas and Saul.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}