Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 16  

1 Sè yon kantik David. Pwoteje m’, Bondye, paske se bò kote ou m’ap chache pwoteksyon.
Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!
Tout plezi m’ se pou m’ toujou la avè moun k’ap sèvi Seyè a nan peyi a.
Moun k’ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y’ap chache bay tèt yo. Mwen p’ap mele nan ofrann bèt y’ap fè. Mwen p’ap janm nonmen non bondye sa yo.
Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m’ tou sa m’ merite. Lavi m’ nan men ou.
Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m’ lan!
M’ap fè lwanj Seyè a paske li ban m’ bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m’ sa pou m’ fè.
 Mwen toujou mete Seyè a devan je m’. Paske li toujou bò kote m’. Anyen pa ka brannen m’.
Se poutèt sa, kè m’ kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m’ap poze ak konfyans nan Bondye.
10 Paske ou p’ap kite m’ kote mò yo ye a, ou p’ap penmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè.
11 W’a fè m’ konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m’, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p’ap janm fini.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 16

1 Hymne de David. Garde-moi, ô Dieu! car je cherche en toi mon refuge.
Je dis à l’Éternel: Tu es mon Seigneur, Tu es mon souverain bien!
Les saints qui sont dans le pays, Les hommes pieux sont l’objet de toute mon affection.
On multiplie les idoles, on court après les dieux étrangers: Je ne répands pas leurs libations de sang, Je ne mets pas leurs noms sur mes lèvres.
L’Éternel est mon partage et mon calice; C’est toi qui m’assures mon lot;
Un héritage délicieux m’est échu, Une belle possession m’est accordée.
Je bénis l’Éternel, mon conseiller; La nuit même mon coeur m’exhorte.
J’ai constamment l’Éternel sous mes yeux; Quand il est à ma droite, je ne chancelle pas.
Aussi mon coeur est dans la joie, mon esprit dans l’allégresse, Et mon corps repose en sécurité.
10 Car tu ne livreras pas mon âme au séjour des morts, Tu ne permettras pas que ton bien-aimé voie la corruption.
11 Tu me feras connaître le sentier de la vie; Il y a d’abondantes joies devant ta face, Des délices éternelles à ta droite.
Louis Segond {LSG}

Psalm 16 

1 Preserve me, O God: for in thee do I put my trust.
O my soul, thou hast said unto the Lord, Thou art my Lord: my goodness extendeth not to thee;
But to the saints that are in the earth, and to the excellent, in whom is all my delight.
Their sorrows shall be multiplied that hasten after another god: their drink offerings of blood will I not offer, nor take up their names into my lips.
The Lord is the portion of mine inheritance and of my cup: thou maintainest my lot.
The lines are fallen unto me in pleasant places; yea, I have a goodly heritage.
I will bless the Lord, who hath given me counsel: my reins also instruct me in the night seasons.
I have set the Lord always before me: because he is at my right hand, I shall not be moved.
Therefore my heart is glad, and my glory rejoiceth: my flesh also shall rest in hope.
10 For thou wilt not leave my soul in hell; neither wilt thou suffer thine Holy One to see corruption.
11 Thou wilt shew me the path of life: in thy presence is fulness of joy; at thy right hand there are pleasures for evermore.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}