Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 4 

1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
-Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.
Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l’ yo va antre nan kay Bondye a, y’a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y’a kouvri bwat la ak li.
Y’a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y’a kouvri l’ ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y’a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.
Y’a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y’a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.
Y’a voye yon dra wouj sou li, y’a kouvri tout ak yon nap fèt ak po bazann, epi y’a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo.
Y’a pran yon dra tou ble, y’a kouvri gwo lanp sèt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensèt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo.
10 Y’a vlope yo ansanm nan yon nap an po bazann, epi y’a mete l’ sou yon branka pou pote l’.
11 Apre sa, y’a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y’a kouvri l’ nèt ak yon nap an po bazann, epi y’a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo.
12 Y’a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Seyè a, y’a mete yo nan yon dra ble, y’a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y’a mete yo sou yon branka pou pote yo.
13 Y’a wete sann ki sou lotèl la, epi y’a kouvri lotèl la ak yon dra wouj.
14 Y’a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y’a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y’a kouvri l’ ak yon nap an po bazann, epi y’a pase manch pou pote lotèl la.
15 Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l’ yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y’ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y’ap deplase Tant Randevou a.
16 Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l’a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l’, menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l’ yo.
17 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
18 -Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.
19 Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y’ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l’ yo va antre anvan epi y’a bay chak moun travay pa yo, y’a di yo sa pou yo pote.
20 Men, moun Keyat yo pa janm gen dwa antre al gade lè y’ap vlope bagay ki apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y’ap mouri.
21  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
22 -Fè resansman tout pitit gason moun Gèchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
23 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
24 Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote:
25 lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a,
26 rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòd yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.
27 Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l’ yo. Y’a fè tout travay yo, y’a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y’a reskonsab tou sa y’ap pote a.
28 Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y’ap fè.
29 Seyè a di Moyiz ankò: -W’a fè resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
30 W’a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.
31 Se yo menm k’ap reskonsab pote ankadreman, travès, poto ak sipò kay Bondye yo,
32 poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y’ap bezwen pou fè travay yo. Y’a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l’ pote a.
33 Se tout reskonsablite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fè nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki va ba yo sa pou yo fè.
34  Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
35 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k’ap travay nan Tant Randevou a.
36 Yo jwenn demil sètsansenkant (2.750) gason antou nan37 tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
38 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
39 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k’ap travay nan Tant Randevou a.
40 Yo jwenn demil sisantran (2.630) gason
41 nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
42 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
43 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k’ap travay nan Tant Randevou a.
44 Yo jwenn twamil desan (3.200) gason
45 nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
46 Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.
47 Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k’ap travay nan Tant Randevou a, osinon k’ap pote l’ lè y’ap deplase.
48 Yo jwenn antou witmil senksankatreven (8.580) gason.
49 Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 4

1 L’Éternel parla à Moïse et à Aaron, et dit:
Compte les fils de Kehath parmi les enfants de Lévi, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères,
depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, tous ceux qui sont propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation.
Voici les fonctions des fils de Kehath, dans la tente d’assignation: elles concernent le lieu très saint.
Au départ du camp, Aaron et ses fils viendront démonter le voile, et ils en couvriront l’arche du témoignage;
ils mettront dessus une couverture de peaux de dauphins, et ils étendront par-dessus un drap entièrement d’étoffe bleue; puis ils placeront les barres de l’arche.
Ils étendront un drap bleu sur la table des pains de proposition, et ils mettront dessus les plats, les coupes, les tasses et les calices pour les libations; le pain y sera toujours;
ils étendront sur ces choses un drap de cramoisi, et ils l’envelopperont d’une couverture de peaux de dauphins; puis ils placeront les barres de la table.
Ils prendront un drap bleu, et ils couvriront le chandelier, ses lampes, ses mouchettes, ses vases à cendre et tous ses vases à l’huile, destinés à son service;
10 ils le mettront, avec tous ses ustensiles, dans une couverture de peaux de dauphins; puis ils le placeront sur le brancard.
11 Ils étendront un drap bleu sur l’autel d’or, et ils l’envelopperont d’une couverture de peaux de dauphins; puis ils placeront les barres de l’autel.
12 Ils prendront tous les ustensiles dont on se sert pour le service dans le sanctuaire, et ils les mettront dans un drap bleu, et ils les envelopperont d’une couverture de peaux de dauphins; puis ils les placeront sur le brancard.
13 Ils ôteront les cendres de l’autel, et ils étendront sur l’autel un drap de pourpre;
14 ils mettront dessus tous les ustensiles destinés à son service, les brasiers, les fourchettes, les pelles, les bassins, tous les ustensiles de l’autel, et ils étendront par-dessus une couverture de peaux de dauphins; puis ils placeront les barres de l’autel.
15 Après qu’Aaron et ses fils auront achevé de couvrir le sanctuaire et tous les ustensiles du sanctuaire, les fils de Kehath viendront, au départ du camp, pour les porter; mais ils ne toucheront point les choses saintes, de peur qu’ils ne meurent. Telles sont les fonctions de porteurs, imposées aux fils de Kehath dans la tente d’assignation.
16 Éléazar, fils du sacrificateur Aaron, aura sous sa surveillance l’huile du chandelier, le parfum odoriférant, l’offrande perpétuelle et l’huile d’onction; il aura sous sa surveillance tout le tabernacle et tout ce qu’il contient, le sanctuaire et ses ustensiles.
17 L’Éternel parla à Moïse et à Aaron, et dit:
18 N’exposez point la race des familles des Kehathites à être retranchée du milieu des Lévites.
19 Faites ceci pour eux, afin qu’ils vivent et qu’ils ne meurent point, quand ils s’approcheront du lieu très saint: Aaron et ses fils viendront, et ils placeront chacun d’eux à son service et à sa charge.
20 Ils n’entreront point pour voir envelopper les choses saintes, de peur qu’ils ne meurent.
21 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
22 Compte aussi les fils de Guerschon, selon les maisons de leurs pères, selon leurs familles;
23 tu feras le dénombrement, depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, de tous ceux qui sont propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation.
24 Voici les fonctions des familles des Guerschonites, le service qu’ils devront faire et ce qu’ils devront porter.
25 Ils porteront les tapis du tabernacle et la tente d’assignation, sa couverture et la couverture de peaux de dauphins qui se met par-dessus, le rideau qui est à l’entrée de la tente d’assignation;
26 les toiles du parvis et le rideau de l’entrée de la porte du parvis, tout autour du tabernacle et de l’autel, leurs cordages et tous les ustensiles qui en dépendent. Et ils feront tout le service qui s’y rapporte.
27 Dans leurs fonctions, les fils des Guerschonites seront sous les ordres d’Aaron et de ses fils, pour tout ce qu’ils porteront et pour tout le service qu’ils devront faire; vous remettrez à leurs soins tout ce qu’ils ont à porter.
28 Telles sont les fonctions des familles des fils des Guerschonites dans la tente d’assignation, et ce qu’ils ont à garder sous la direction d’Ithamar, fils du sacrificateur Aaron.
29 Tu feras le dénombrement des fils de Merari, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères;
30 tu feras le dénombrement, depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, de tous ceux qui sont propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation.
31 Voici ce qui est remis à leurs soins et ce qu’ils ont à porter, pour toutes leurs fonctions dans la tente d’assignation: les planches du tabernacle, ses barres, ses colonnes, ses bases,
32 les colonnes du parvis formant l’enceinte, leurs bases, leurs pieux, leurs cordages, tous les ustensiles qui en dépendent et tout ce qui est destiné à leur service. Vous désignerez par leurs noms les objets qui sont remis à leurs soins et qu’ils ont à porter.
33 Telles sont les fonctions des familles des fils de Merari, toutes leurs fonctions dans la tente d’assignation, sous la direction d’Ithamar, fils du sacrificateur Aaron.
34 Moïse, Aaron et les princes de l’assemblée firent le dénombrement des fils des Kehathites, selon leurs familles et selon les maisons de leurs pères,
35 de tous ceux qui, depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, étaient propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation.
36 Ceux dont ils firent le dénombrement, selon leurs familles, furent deux mille sept cent cinquante.
37 Tels sont ceux des familles des Kehathites dont on fit le dénombrement, tous ceux qui exerçaient des fonctions dans la tente d’assignation; Moïse et Aaron en firent le dénombrement sur l’ordre de l’Éternel par Moïse.
38 Les fils de Guerschon dont on fit le dénombrement, selon leurs familles et selon les maisons de leurs pères,
39 depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, tous ceux qui étaient propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation,
40 ceux dont on fit le dénombrement, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, furent deux mille six cent trente.
41 Tels sont ceux des familles des fils de Guerschon dont on fit le dénombrement, tous ceux qui exerçaient des fonctions dans la tente d’assignation; Moïse et Aaron en firent le dénombrement sur l’ordre de l’Éternel.
42 Ceux des familles des fils de Merari dont on fit le dénombrement, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères,
43 depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, tous ceux qui étaient propres à exercer quelque fonction dans la tente d’assignation,
44 ceux dont on fit le dénombrement, selon leurs familles, furent trois mille deux cents.
45 Tels sont ceux des familles des fils de Merari dont on fit le dénombrement; Moïse et Aaron en firent le dénombrement sur l’ordre de l’Éternel par Moïse.
46 Tous ceux des Lévites dont Moïse, Aaron et les princes d’Israël firent le dénombrement, selon leurs familles et selon les maisons de leurs pères,
47 depuis l’âge de trente ans et au-dessus jusqu’à l’âge de cinquante ans, tous ceux qui étaient propres à exercer quelque fonction et à servir de porteurs dans la tente d’assignation,
48 tous ceux dont on fit le dénombrement furent huit mille cinq cent quatre-vingts.
49 On en fit le dénombrement sur l’ordre de l’Éternel par Moïse, en indiquant à chacun le service qu’il devait faire et ce qu’il devait porter; on en fit le dénombrement selon l’ordre que l’Éternel avait donné à Moïse.
Louis Segond {LSG}

Numbers 4 

1 And the Lord spake unto Moses and unto Aaron, saying,
Take the sum of the sons of Kohath from among the sons of Levi, after their families, by the house of their fathers,
From thirty years old and upward even until fifty years old, all that enter into the host, to do the work in the tabernacle of the congregation.
This shall be the service of the sons of Kohath in the tabernacle of the congregation, about the most holy things:
And when the camp setteth forward, Aaron shall come, and his sons, and they shall take down the covering vail, and cover the ark of testimony with it:
And shall put thereon the covering of badgers’ skins, and shall spread over it a cloth wholly of blue, and shall put in the staves thereof.
And upon the table of shewbread they shall spread a cloth of blue, and put thereon the dishes, and the spoons, and the bowls, and covers to cover withal: and the continual bread shall be thereon:
And they shall spread upon them a cloth of scarlet, and cover the same with a covering of badgers’ skins, and shall put in the staves thereof.
And they shall take a cloth of blue, and cover the candlestick of the light, and his lamps, and his tongs, and his snuffdishes, and all the oil vessels thereof, wherewith they minister unto it:
10 And they shall put it and all the vessels thereof within a covering of badgers’ skins, and shall put it upon a bar.
11 And upon the golden altar they shall spread a cloth of blue, and cover it with a covering of badgers’ skins, and shall put to the staves thereof:
12 And they shall take all the instruments of ministry, wherewith they minister in the sanctuary, and put them in a cloth of blue, and cover them with a covering of badgers’ skins, and shall put them on a bar:
13 And they shall take away the ashes from the altar, and spread a purple cloth thereon:
14 And they shall put upon it all the vessels thereof, wherewith they minister about it, even the censers, the fleshhooks, and the shovels, and the basons, all the vessels of the altar; and they shall spread upon it a covering of badgers’ skins, and put to the staves of it.
15 And when Aaron and his sons have made an end of covering the sanctuary, and all the vessels of the sanctuary, as the camp is to set forward; after that, the sons of Kohath shall come to bear it: but they shall not touch any holy thing, lest they die. These things are the burden of the sons of Kohath in the tabernacle of the congregation.
16 And to the office of Eleazar the son of Aaron the priest pertaineth the oil for the light, and the sweet incense, and the daily meat offering, and the anointing oil, and the oversight of all the tabernacle, and of all that therein is, in the sanctuary, and in the vessels thereof.
17 And the Lord spake unto Moses and unto Aaron saying,
18 Cut ye not off the tribe of the families of the Kohathites from among the Levites:
19 But thus do unto them, that they may live, and not die, when they approach unto the most holy things: Aaron and his sons shall go in, and appoint them every one to his service and to his burden:
20 But they shall not go in to see when the holy things are covered, lest they die.
21 And the Lord spake unto Moses, saying,
22 Take also the sum of the sons of Gershon, throughout the houses of their fathers, by their families;
23 From thirty years old and upward until fifty years old shalt thou number them; all that enter in to perform the service, to do the work in the tabernacle of the congregation.
24 This is the service of the families of the Gershonites, to serve, and for burdens:
25 And they shall bear the curtains of the tabernacle, and the tabernacle of the congregation, his covering, and the covering of the badgers’ skins that is above upon it, and the hanging for the door of the tabernacle of the congregation,
26 And the hangings of the court, and the hanging for the door of the gate of the court, which is by the tabernacle and by the altar round about, and their cords, and all the instruments of their service, and all that is made for them: so shall they serve.
27 At the appointment of Aaron and his sons shall be all the service of the sons of the Gershonites, in all their burdens, and in all their service: and ye shall appoint unto them in charge all their burdens.
28 This is the service of the families of the sons of Gershon in the tabernacle of the congregation: and their charge shall be under the hand of Ithamar the son of Aaron the priest.
29 As for the sons of Merari, thou shalt number them after their families, by the house of their fathers;
30 From thirty years old and upward even unto fifty years old shalt thou number them, every one that entereth into the service, to do the work of the tabernacle of the congregation.
31 And this is the charge of their burden, according to all their service in the tabernacle of the congregation; the boards of the tabernacle, and the bars thereof, and the pillars thereof, and sockets thereof,
32 And the pillars of the court round about, and their sockets, and their pins, and their cords, with all their instruments, and with all their service: and by name ye shall reckon the instruments of the charge of their burden.
33 This is the service of the families of the sons of Merari, according to all their service, in the tabernacle of the congregation, under the hand of Ithamar the son of Aaron the priest.
34 And Moses and Aaron and the chief of the congregation numbered the sons of the Kohathites after their families, and after the house of their fathers,
35 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation:
36 And those that were numbered of them by their families were two thousand seven hundred and fifty.
37 These were they that were numbered of the families of the Kohathites, all that might do service in the tabernacle of the congregation, which Moses and Aaron did number according to the commandment of the Lord by the hand of Moses.
38 And those that were numbered of the sons of Gershon, throughout their families, and by the house of their fathers,
39 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation,
40 Even those that were numbered of them, throughout their families, by the house of their fathers, were two thousand and six hundred and thirty.
41 These are they that were numbered of the families of the sons of Gershon, of all that might do service in the tabernacle of the congregation, whom Moses and Aaron did number according to the commandment of the Lord.
42 And those that were numbered of the families of the sons of Merari, throughout their families, by the house of their fathers,
43 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation,
44 Even those that were numbered of them after their families, were three thousand and two hundred.
45 These be those that were numbered of the families of the sons of Merari, whom Moses and Aaron numbered according to the word of the Lord by the hand of Moses.
46 All those that were numbered of the Levites, whom Moses and Aaron and the chief of Israel numbered, after their families, and after the house of their fathers,
47 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that came to do the service of the ministry, and the service of the burden in the tabernacle of the congregation.
48 Even those that were numbered of them, were eight thousand and five hundred and fourscore,
49 According to the commandment of the Lord they were numbered by the hand of Moses, every one according to his service, and according to his burden: thus were they numbered of him, as the Lord commanded Moses.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}