Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 3

1 Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t’ap sèvi Seayè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t’ fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l’.
Je Eli yo te fin bese, li pa t’ ka wè ladan yo ankò. Yon jou lannwit, Eli te kouche nan chanm li ap dòmi.
Samyèl menm te kouche nan Tanp Seyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou.
Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi!
Epi li leve, l’ al jwenn Eli, li di l’: -Men mwen wi! M’ tande ou rele m’! Eli reponn li: -Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche.
Seyè a rele l’ ankò. Samyèl leve, l’ al jwenn Eli, li di l’: -Men mwen wi! Mwen tande ou rele m’! Men, Eli reponn li: -Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande!
Samyèl pa t’ ankò konnen Seyè a paske Seyè a pa t’ ankò janm pale avè l’ anvan sa.
Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l’ al jwenn Eli, epi li di l’: -Mwen tande ou rele m’. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t’ap rele ti gason an.
Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w’a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li.
10 Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l’ jan l’ te fè l’ anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!
11  Seyè a di l’ konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi.
12 Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l’ yo pral rive vre san manke yonn.
13 Mwen te di l’ mwen tapral pini fanmi l’ lan yon sèl kou pou m’ fini ak yo poutèt pitit gason l’ yo. Li konnen yo t’ap fè sa ki mal, yo t’ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.
14 Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen ankenn bèt yo ka touye ni ankenn ofrann ki ka fè m’ padonnen peche yo fè a.
15 Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a.
16 Men Eli rele l’: -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi!
17 Eli mande l’: -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m’ anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m’ anyen nan sa li di ou la.
18 Se konsa Samyèl rapòte l’ tout pawòl Seyè a san kache l’ anyen. Epi Eli di l’: -Se Seyè a li ye, l’a fè tou sa li wè ki bon.
19  Samyèl t’ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
20 Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k’ap pale pawòl Seyè a.
21 Seyè a menm te toujou ap parèt lavil Silo, paske se la li te konn fè Samyèl wè li, se la li te konn pale ak li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Samuel 3

1 Le jeune Samuel était au service de l’Éternel devant Éli. La parole de l’Éternel était rare en ce temps-là, les visions n’étaient pas fréquentes.
En ce même temps, Éli, qui commençait à avoir les yeux troubles et ne pouvait plus voir, était couché à sa place,
la lampe de Dieu n’était pas encore éteinte, et Samuel était couché dans le temple de l’Éternel, où était l’arche de Dieu.
Alors l’Éternel appela Samuel. Il répondit: Me voici!
Et il courut vers Éli, et dit: Me voici, car tu m’as appelé. Éli répondit: Je n’ai point appelé; retourne te coucher. Et il alla se coucher.
L’Éternel appela de nouveau Samuel. Et Samuel se leva, alla vers Éli, et dit: Me voici, car tu m’as appelé. Éli répondit: Je n’ai point appelé, mon fils, retourne te coucher.
Samuel ne connaissait pas encore l’Éternel, et la parole de l’Éternel ne lui avait pas encore été révélée.
L’Éternel appela de nouveau Samuel, pour la troisième fois. Et Samuel se leva, alla vers Éli, et dit: Me voici, car tu m’as appelé. Éli comprit que c’était l’Éternel qui appelait l’enfant,
et il dit à Samuel: Va, couche-toi; et si l’on t’appelle, tu diras: Parle, Éternel, car ton serviteur écoute. Et Samuel alla se coucher à sa place.
10 L’Éternel vint et se présenta, et il appela comme les autres fois: Samuel, Samuel! Et Samuel répondit: Parle, car ton serviteur écoute.
11 Alors l’Éternel dit à Samuel: Voici, je vais faire en Israël une chose qui étourdira les oreilles de quiconque l’entendra.
12 En ce jour j’accomplirai sur Éli tout ce que j’ai prononcé contre sa maison; je commencerai et j’achèverai.
13 Je lui ai déclaré que je veux punir sa maison à perpétuité, à cause du crime dont il a connaissance, et par lequel ses fils se sont rendus méprisables, sans qu’il les ait réprimés.
14 C’est pourquoi je jure à la maison d’Éli que jamais le crime de la maison d’Éli ne sera expié, ni par des sacrifices ni par des offrandes.
15 Samuel resta couché jusqu’au matin, puis il ouvrit les portes de la maison de l’Éternel. Samuel craignait de raconter la vision à Éli.
16 Mais Éli appela Samuel, et dit: Samuel, mon fils! Il répondit: Me voici!
17 Et Éli dit: Quelle est la parole que t’a adressée l’Éternel? Ne me cache rien. Que Dieu te traite dans toute sa rigueur, si tu me caches quelque chose de tout ce qu’il t’a dit!
18 Samuel lui raconta tout, sans lui rien cacher. Et Éli dit: C’est l’Éternel, qu’il fasse ce qui lui semblera bon!
19 Samuel grandissait. L’Éternel était avec lui, et il ne laissa tomber à terre aucune de ses paroles.
20 Tout Israël, depuis Dan jusqu’à Beer Schéba, reconnut que Samuel était établi prophète de l’Éternel.
21 L’Éternel continuait à apparaître dans Silo; car l’Éternel se révélait à Samuel, dans Silo, par la parole de l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 3

1 And the child Samuel ministered unto the Lord before Eli. And the word of the Lord was precious in those days; there was no open vision.
And it came to pass at that time, when Eli was laid down in his place, and his eyes began to wax dim, that he could not see;
And ere the lamp of God went out in the temple of the Lord, where the ark of God was, and Samuel was laid down to sleep;
That the Lord called Samuel: and he answered, Here am I.
And he ran unto Eli, and said, Here am I; for thou calledst me. And he said, I called not; lie down again. And he went and lay down.
And the Lord called yet again, Samuel. And Samuel arose and went to Eli, and said, Here am I; for thou didst call me. And he answered, I called not, my son; lie down again.
Now Samuel did not yet know the Lord, neither was the word of the Lord yet revealed unto him.
And the Lord called Samuel again the third time. And he arose and went to Eli, and said, Here am I; for thou didst call me. And Eli perceived that the Lord had called the child.
Therefore Eli said unto Samuel, Go, lie down: and it shall be, if he call thee, that thou shalt say, Speak, Lord; for thy servant heareth. So Samuel went and lay down in his place.
10 And the Lord came, and stood, and called as at other times, Samuel, Samuel. Then Samuel answered, Speak; for thy servant heareth.
11 And the Lord said to Samuel, Behold, I will do a thing in Israel, at which both the ears of every one that heareth it shall tingle.
12 In that day I will perform against Eli all things which I have spoken concerning his house: when I begin, I will also make an end.
13 For I have told him that I will judge his house for ever for the iniquity which he knoweth; because his sons made themselves vile, and he restrained them not.
14 And therefore I have sworn unto the house of Eli, that the iniquity of Eli’s house shall not be purged with sacrifice nor offering for ever.
15 And Samuel lay until the morning, and opened the doors of the house of the Lord. And Samuel feared to shew Eli the vision.
16 Then Eli called Samuel, and said, Samuel, my son. And he answered, Here am I.
17 And he said, What is the thing that the Lord hath said unto thee? I pray thee hide it not from me: God do so to thee, and more also, if thou hide any thing from me of all the things that he said unto thee.
18 And Samuel told him every whit, and hid nothing from him. And he said, It is the Lord: let him do what seemeth him good.
19 And Samuel grew, and the Lord was with him, and did let none of his words fall to the ground.
20 And all Israel from Dan even to Beersheba knew that Samuel was established to be a prophet of the Lord.
21 And the Lord appeared again in Shiloh: for the Lord revealed himself to Samuel in Shiloh by the word of the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}