Liv Kolosyen / Collosiens / Colossians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Kolosyen 4                     

1 Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.
 Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m’ okazyon pou m’ fè konnen pawòl li a, pou m’ fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a.
Lapriyè pou m’ ka rive fè lèzòm wè l’ aklè, pou m’ ka pale jan mwen dwe pale a.
 Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.
Lè n’ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.
 Frè Tichik se yon bon zanmi m’, yon bon sèvitè Kris la k’ap ban m’ yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen.
Mwen voye l’ ban nou tout espre pou l’ ka di nou jan mwen ye, pou l’ ka remoute kouraj nou.
Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k’ap pase bò isit.
10 Aristak ki nan prizon ansanm avè m’ voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l’ byen si l’ vin lakay nou).
11 Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k’ap travay avè m’ pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m’ anpil kouraj.
12 Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.
13 Mwen ka di nou sa: l’ap fatige kò l’ anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo.
14 Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.
15 Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.
16 Lè n’a fin li lèt sa a, voye l’ bay legliz Lawodise a pou yo ka li l’ tou. Nou menm tou, n’a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an.
17 Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l’ fè nan travay Seyè a, se pou l’ fè l’ byen.
18 Se mwen menm Pòl, ak men pa m’, k’ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m’ nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Collosiens 4                  

1 Maîtres, accordez à vos serviteurs ce qui est juste et équitable, sachant que vous aussi vous avez un maître dans le ciel.
Persévérez dans la prière, veillez-y avec actions de grâces.
Priez en même temps pour nous, afin que Dieu nous ouvre une porte pour la parole, en sorte que je puisse annoncer le mystère de Christ, pour lequel je suis dans les chaînes,
et le faire connaître comme je dois en parler.
Conduisez-vous avec sagesse envers ceux du dehors, et rachetez le temps.
Que votre parole soit toujours accompagnée de grâce, assaisonnée de sel, afin que vous sachiez comment il faut répondre à chacun.
Tychique, le bien-aimé frère et le fidèle ministre, mon compagnon de service dans le Seigneur, vous communiquera tout ce qui me concerne.
Je l’envoie exprès vers vous, pour que vous connaissiez notre situation, et pour qu’il console vos coeurs.
Je l’envoie avec Onésime, le fidèle et bien-aimé frère, qui est des vôtres. Ils vous informeront de tout ce qui se passe ici.
10 Aristarque, mon compagnon de captivité, vous salue, ainsi que Marc, le cousin de Barnabas, au sujet duquel vous avez reçu des ordres (s’il va chez vous, accueillez-le);
11 Jésus, appelé Justus, vous salue aussi. Ils sont du nombre des circoncis, et les seuls qui aient travaillé avec moi pour le royaume de Dieu, et qui aient été pour moi une consolation.
12 Épaphras, qui est des vôtres, vous salue: serviteur de Jésus Christ, il ne cesse de combattre pour vous dans ses prières, afin que, parfaits et pleinement persuadés, vous persistiez dans une entière soumission à la volonté de Dieu.
13 Car je lui rends le témoignage qu’il a une grande sollicitude pour vous, pour ceux de Laodicée et pour ceux d’Hiérapolis.
14 Luc, le médecin bien-aimé, vous salue, ainsi que Démas.
15 Saluez les frères qui sont à Laodicée, et Nymphas, et l’Église qui est dans sa maison.
16 Lorsque cette lettre aura été lue chez vous, faites en sorte qu’elle soit aussi lue dans l’Église des Laodicéens, et que vous lisiez à votre tour celle qui vous arrivera de Laodicée.
17 Et dites à Archippe: Prends garde au ministère que tu as reçu dans le Seigneur, afin de le bien remplir.
18 Je vous salue, moi Paul, de ma propre main. Souvenez-vous de mes liens. Que la grâce soit avec vous!

Louis Segond {LSG}

Colossians 4           

1 Masters, give unto your servants that which is just and equal; knowing that ye also have a Master in heaven.
Continue in prayer, and watch in the same with thanksgiving;
Withal praying also for us, that God would open unto us a door of utterance, to speak the mystery of Christ, for which I am also in bonds:
That I may make it manifest, as I ought to speak.
Walk in wisdom toward them that are without, redeeming the time.
Let your speech be always with grace, seasoned with salt, that ye may know how ye ought to answer every man.
All my state shall Tychicus declare unto you, who is a beloved brother, and a faithful minister and fellowservant in the Lord:
Whom I have sent unto you for the same purpose, that he might know your estate, and comfort your hearts;
With Onesimus, a faithful and beloved brother, who is one of you. They shall make known unto you all things which are done here.
10 Aristarchus my fellowprisoner saluteth you, and Marcus, sister’s son to Barnabas, (touching whom ye received commandments: if he come unto you, receive him;)
11 And Jesus, which is called Justus, who are of the circumcision. These only are my fellowworkers unto the kingdom of God, which have been a comfort unto me.
12 Epaphras, who is one of you, a servant of Christ, saluteth you, always labouring fervently for you in prayers, that ye may stand perfect and complete in all the will of God.
13 For I bear him record, that he hath a great zeal for you, and them that are in Laodicea, and them in Hierapolis.
14 Luke, the beloved physician, and Demas, greet you.
15 Salute the brethren which are in Laodicea, and Nymphas, and the church which is in his house.
16 And when this epistle is read among you, cause that it be read also in the church of the Laodiceans; and that ye likewise read the epistle from Laodicea.
17 And say to Archippus, Take heed to the ministry which thou hast received in the Lord, that thou fulfil it.
18 The salutation by the hand of me Paul. Remember my bonds. Grace be with you. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}