Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 16

Sarayi, madanm Abram, pa t’ janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.
Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l’ la.
Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.
 Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò.
Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m’ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m’ pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m’ avè ou.
Abram reponn Sarayi, li di l’. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l’. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
 Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
Li di l’ konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M’ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.
Zanj Seyè a di l’. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
10  Zanj lan di l’ ankò. M’ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p’ap ka konte yo.
11 Zanj lan di l’ ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l’ Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w’ap pase a.
12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L’ap chache tout moun kont. tout moun va chache l’ kont. Li p’ap mele ak tout frè l’ yo. L’ap viv pou kont li.
13 Aga di nan kè l’. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m’ lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l’: Ou se Bondye ki wè m’ lan.
14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m’ lan.
15  Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.
16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.
Kreyol / Français / English

Genèse 16

1 Saraï, femme d’Abram, ne lui avait point donné d’enfants. Elle avait une servante Égyptienne, nommée Agar.
Et Saraï dit à Abram: Voici, l’Éternel m’a rendue stérile; viens, je te prie, vers ma servante; peut-être aurai-je par elle des enfants. Abram écouta la voix de Saraï.
Alors Saraï, femme d’Abram, prit Agar, l’Égyptienne, sa servante, et la donna pour femme à Abram, son mari, après qu’Abram eut habité dix années dans le pays de Canaan.
Il alla vers Agar, et elle devint enceinte. Quand elle se vit enceinte, elle regarda sa maîtresse avec mépris.
Et Saraï dit à Abram: L’outrage qui m’est fait retombe sur toi. J’ai mis ma servante dans ton sein; et, quand elle a vu qu’elle était enceinte, elle m’a regardée avec mépris. Que l’Éternel soit juge entre moi et toi!
Abram répondit à Saraï: Voici, ta servante est en ton pouvoir, agis à son égard comme tu le trouveras bon. Alors Saraï la maltraita; et Agar s’enfuit loin d’elle.
L’ange de l’Éternel la trouva près d’une source d’eau dans le désert, près de la source qui est sur le chemin de Schur.
Il dit: Agar, servante de Saraï, d’où viens-tu, et où vas-tu? Elle répondit: Je fuis loin de Saraï, ma maîtresse.
L’ange de l’Éternel lui dit: Retourne vers ta maîtresse, et humilie-toi sous sa main.
10 L’ange de l’Éternel lui dit: Je multiplierai ta postérité, et elle sera si nombreuse qu’on ne pourra la compter.
11 L’ange de l’Éternel lui dit: Voici, tu es enceinte, et tu enfanteras un fils, à qui tu donneras le nom d’Ismaël; car l’Éternel t’a entendue dans ton affliction.
12 Il sera comme un âne sauvage; sa main sera contre tous, et la main de tous sera contre lui; et il habitera en face de tous ses frères.
13 Elle appela Atta El roï le nom de l’Éternel qui lui avait parlé; car elle dit: Ai-je rien vu ici, après qu’il m’a vue?
14 C’est pourquoi l’on a appelé ce puits le puits de Lachaï roï; il est entre Kadès et Bared.
15 Agar enfanta un fils à Abram; et Abram donna le nom d’Ismaël au fils qu’Agar lui enfanta.
16 Abram était âgé de quatre-vingt-six ans lorsqu’Agar enfanta Ismaël à Abram.
Kreyol / Français / English

Genesis 16

1 Now Sarai Abram’s wife bare him no children: and she had an handmaid, an Egyptian, whose name was Hagar.
And Sarai said unto Abram, Behold now, the Lord hath restrained me from bearing: I pray thee, go in unto my maid; it may be that I may obtain children by her. And Abram hearkened to the voice of Sarai.
And Sarai Abram’s wife took Hagar her maid the Egyptian, after Abram had dwelt ten years in the land of Canaan, and gave her to her husband Abram to be his wife.
And he went in unto Hagar, and she conceived: and when she saw that she had conceived, her mistress was despised in her eyes.
And Sarai said unto Abram, My wrong be upon thee: I have given my maid into thy bosom; and when she saw that she had conceived, I was despised in her eyes: the Lord judge between me and thee.
But Abram said unto Sarai, Behold, thy maid is in thine hand; do to her as it pleaseth thee. And when Sarai dealt hardly with her, she fled from her face.
And the angel of the Lord found her by a fountain of water in the wilderness, by the fountain in the way to Shur.
And he said, Hagar, Sarai’s maid, whence camest thou? and whither wilt thou go? And she said, I flee from the face of my mistress Sarai.
And the angel of the Lord said unto her, Return to thy mistress, and submit thyself under her hands.
10 And the angel of the Lord said unto her, I will multiply thy seed exceedingly, that it shall not be numbered for multitude.
11 And the angel of the Lord said unto her, Behold, thou art with child and shalt bear a son, and shalt call his name Ishmael; because the Lord hath heard thy affliction.
12 And he will be a wild man; his hand will be against every man, and every man’s hand against him; and he shall dwell in the presence of all his brethren.
13 And she called the name of the Lord that spake unto her, Thou God seest me: for she said, Have I also here looked after him that seeth me?
14 Wherefore the well was called Beerlahairoi; behold, it is between Kadesh and Bered.
15 And Hagar bare Abram a son: and Abram called his son’s name, which Hagar bare, Ishmael.
16 And Abram was fourscore and six years old, when Hagar bare Ishmael to Abram.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}