Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 42  

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.  Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m’ ava ale pou m’ adore Bondye lakay li?
3  Lajounen kou lannwit m’ap kriye. Se dlo ki soti nan je m’ ki sèvi m’ manje. Se tout tan moun ap mande m’: -Kote Bondye ou la?
 Kè m’ ap fann lè m’ chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t’ap di Bondye mèsi.
 Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m’ kagou konsa? Poukisa m’ap plede plenn konsa nan kè m’? M’ap met espwa m’ nan Bondye, paske mwen gen pou m’ fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre m’, se li ki Bondye mwen.
 Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m’ ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m’ sou ou.
 Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l’ lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
 Lajounen Seyè a fè m’ anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
 Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m’ kache a: -Poukisa ou bliye m’ konsa? Poukisa pou m’ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m’, lè lènmi m’ yo ap kraze m’ anba pye yo?
10  Mwen santi tout zo nan kò m’ ap fè m’ mal. lè moun k’ap pèsekite m’ yo ap joure m’, lè tout tan y’ap mande m’: -Kote Bondye ou la?
11  Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m’ap plenn konsa nan kè mwen? M’ap mete espwa m’ nan Bondye, paske mwen gen pou m’ fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre m’, se li ki Bondye mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 42

1 Au chef des chantres. Cantique des fils de Koré.  Comme une biche soupire après des courants d’eau, Ainsi mon âme soupire après toi, ô Dieu!
 Mon âme a soif de Dieu, du Dieu vivant: Quand irai-je et paraîtrai-je devant la face de Dieu?
 Mes larmes sont ma nourriture jour et nuit, Pendant qu’on me dit sans cesse: Où est ton Dieu?
 Je me rappelle avec effusion de coeur Quand je marchais entouré de la foule, Et que je m’avançais à sa tête vers la maison de Dieu, Au milieu des cris de joie et des actions de grâces D’une multitude en fête.
 Pourquoi t’abats-tu, mon âme, et gémis-tu au dedans de moi? Espère en Dieu, car je le louerai encore; Il est mon salut et mon Dieu.
 Mon âme est abattue au dedans de moi: Aussi c’est à toi que je pense, depuis le pays du Jourdain, Depuis l’Hermon, depuis la montagne de Mitsear.
 Un flot appelle un autre flot au bruit de tes ondées; Toutes tes vagues et tous tes flots passent sur moi.
 Le jour, l’Éternel m’accordait sa grâce; La nuit, je chantais ses louanges, J’adressais une prière au Dieu de ma vie.
 Je dis à Dieu, mon rocher: Pourquoi m’oublies-tu? Pourquoi dois-je marcher dans la tristesse, Sous l’oppression de l’ennemi?
10  Mes os se brisent quand mes persécuteurs m’outragent, En me disant sans cesse: Où est ton Dieu?
11  Pourquoi t’abats-tu, mon âme, et gémis-tu au dedans de moi? Espère en Dieu, car je le louerai encore; Il est mon salut et mon Dieu.
Louis Segond {LSG}

Psalm 42 

1 As the hart panteth after the water brooks, so panteth my soul after thee, O God.
My soul thirsteth for God, for the living God: when shall I come and appear before God?
My tears have been my meat day and night, while they continually say unto me, Where is thy God?
When I remember these things, I pour out my soul in me: for I had gone with the multitude, I went with them to the house of God, with the voice of joy and praise, with a multitude that kept holyday.
Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted in me? hope thou in God: for I shall yet praise him for the help of his countenance.
O my God, my soul is cast down within me: therefore will I remember thee from the land of Jordan, and of the Hermonites, from the hill Mizar.
Deep calleth unto deep at the noise of thy waterspouts: all thy waves and thy billows are gone over me.
Yet the Lord will command his lovingkindness in the day time, and in the night his song shall be with me, and my prayer unto the God of my life.
I will say unto God my rock, Why hast thou forgotten me? why go I mourning because of the oppression of the enemy?
10 As with a sword in my bones, mine enemies reproach me; while they say daily unto me, Where is thy God?
11 Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted within me? hope thou in God: for I shall yet praise him, who is the health of my countenance, and my God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}