Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 16            

 Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y’ al benyen kò Jezi.
Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a.
Yonn t’ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.
Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè.
Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N’ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l’ la.
Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y’a wè l’, jan l’ te di yo a.
Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t’ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.
 Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)
10 Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t’ap kriye.
11 Men, yo pa t’ vle kwè Mari, lè l’ te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l’ ak de je mwen.
12 Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.
13 Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t’ ankò vle kwè toujou.
14  Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t’ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t’ gen konfyans, yo t’ap fè tèt di toujou, yo pa t’ kwè moun ki te wè l’ yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
17 Moun ki kwè va fè anpil mirak; y’a chase move lespri nan non mwen, y’a pale lòt lang.
18 Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p’ap rive yo. y’a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
19  Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
20 Disip yo pati, y’ al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t’ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t’ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t’ap di a se vre.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 16           

1 Lorsque le sabbat fut passé, Marie de Magdala, Marie, mère de Jacques, et Salomé, achetèrent des aromates, afin d’aller embaumer Jésus.
Le premier jour de la semaine, elles se rendirent au sépulcre, de grand matin, comme le soleil venait de se lever.
Elles disaient entre elles: Qui nous roulera la pierre loin de l’entrée du sépulcre?
Et, levant les yeux, elles aperçurent que la pierre, qui était très grande, avait été roulée.
Elles entrèrent dans le sépulcre, virent un jeune homme assis à droite vêtu d’une robe blanche, et elles furent épouvantées.
Il leur dit: Ne vous épouvantez pas; vous cherchez Jésus de Nazareth, qui a été crucifié; il est ressuscité, il n’est point ici; voici le lieu où on l’avait mis.
Mais allez dire à ses disciples et à Pierre qu’il vous précède en Galilée: c’est là que vous le verrez, comme il vous l’a dit.
Elles sortirent du sépulcre et s’enfuirent. La peur et le trouble les avaient saisies; et elles ne dirent rien à personne, à cause de leur effroi.
Jésus, étant ressuscité le matin du premier jour de la semaine, apparut d’abord à Marie de Magdala, de laquelle il avait chassé sept démons.
10 Elle alla en porter la nouvelle à ceux qui avaient été avec lui, et qui s’affligeaient et pleuraient.
11 Quand ils entendirent qu’il vivait, et qu’elle l’avait vu, ils ne le crurent point.
12 Après cela, il apparut, sous une autre forme, à deux d’entre eux qui étaient en chemin pour aller à la campagne.
13 Ils revinrent l’annoncer aux autres, qui ne les crurent pas non plus.
14 Enfin, il apparut aux onze, pendant qu’ils étaient à table; et il leur reprocha leur incrédulité et la dureté de leur coeur, parce qu’ils n’avaient pas cru ceux qui l’avaient vu ressuscité.
15 Puis il leur dit: Allez par tout le monde, et prêchez la bonne nouvelle à toute la création.
16 Celui qui croira et qui sera baptisé sera sauvé, mais celui qui ne croira pas sera condamné.
17 Voici les miracles qui accompagneront ceux qui auront cru: en mon nom, ils chasseront les démons; ils parleront de nouvelles langues;
18 ils saisiront des serpents; s’ils boivent quelque breuvage mortel, il ne leur feront point de mal; ils imposeront les mains aux malades, et les malades, seront guéris.
19 Le Seigneur, après leur avoir parlé, fut enlevé au ciel, et il s’assit à la droite de Dieu.
20 Et ils s’en allèrent prêcher partout. Le Seigneur travaillait avec eux, et confirmait la parole par les miracles qui l’accompagnaient.

Louis Segond {LSG}

Mark 16    

1 And when the sabbath was past, Mary Magdalene, and Mary the mother of James, and Salome, had bought sweet spices, that they might come and anoint him.
And very early in the morning the first day of the week, they came unto the sepulchre at the rising of the sun.
And they said among themselves, Who shall roll us away the stone from the door of the sepulchre?
And when they looked, they saw that the stone was rolled away: for it was very great.
And entering into the sepulchre, they saw a young man sitting on the right side, clothed in a long white garment; and they were affrighted.
And he saith unto them, Be not affrighted: Ye seek Jesus of Nazareth, which was crucified: he is risen; he is not here: behold the place where they laid him.
But go your way, tell his disciples and Peter that he goeth before you into Galilee: there shall ye see him, as he said unto you.
And they went out quickly, and fled from the sepulchre; for they trembled and were amazed: neither said they any thing to any man; for they were afraid.
Now when Jesus was risen early the first day of the week, he appeared first to Mary Magdalene, out of whom he had cast seven devils.
10 And she went and told them that had been with him, as they mourned and wept.
11 And they, when they had heard that he was alive, and had been seen of her, believed not.
12 After that he appeared in another form unto two of them, as they walked, and went into the country.
13 And they went and told it unto the residue: neither believed they them.
14 Afterward he appeared unto the eleven as they sat at meat, and upbraided them with their unbelief and hardness of heart, because they believed not them which had seen him after he was risen.
15 And he said unto them, Go ye into all the world, and preach the gospel to every creature.
16 He that believeth and is baptized shall be saved; but he that believeth not shall be damned.
17 And these signs shall follow them that believe; In my name shall they cast out devils; they shall speak with new tongues;
18 They shall take up serpents; and if they drink any deadly thing, it shall not hurt them; they shall lay hands on the sick, and they shall recover.
19 So then after the Lord had spoken unto them, he was received up into heaven, and sat on the right hand of God.
20 And they went forth, and preached every where, the Lord working with them, and confirming the word with signs following. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}