Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 20           

Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l’ lan.
Li antann ak yo pou l’ ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an.
Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p’ap fè anyen.
Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m’ lan, m’a peye nou pou sa n’a fè.
Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la.
Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa?
Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m’ lan.
Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l’ lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo.
Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay.
10 Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou.
11 Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an.
12 Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n’ travay tout jounen an anba chalè solèy la.
13 Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre?
14 Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou.
15 Eske m’ pa gen dwa fè sa m’ vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m’ gen bon kè?
16 Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
17  Apre sa, Jezi t’ap moute Jerizalèm. Antan li t’ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:
18 Tande. Men n’ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m’, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m’ amò,
19 y’ap lage m’ bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m’ nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m’ sou yon kwa. Men, sou twa jou, m’a leve soti vivan nan lanmò.
20  Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l’ yon favè.
21 Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
22 Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n’ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m’ bwè a? Yo di li: Nou kapab.
23 Jezi reponn yo: Se vre. n’a bwè nan gode m’ lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m’ rezève yo pou moun li vle.
24 Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t’ manke fache sou de frè yo.
25 Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
26 Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l’ sèvi nou tout.
27 Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l’ esklav nou tout.
28 Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m’ rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m’ pou peye delivrans anpil moun.
29  Antan yo t’ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.
30 Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t’ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
31 Moun yo t’ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t’ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!
32 Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m’ fè pou nou?
33 Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.
34 Kè Jezi fè l’ mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 20          

1 Car le royaume des cieux est semblable à un maître de maison qui sortit dès le matin, afin de louer des ouvriers pour sa vigne.
Il convint avec eux d’un denier par jour, et il les envoya à sa vigne.
Il sortit vers la troisième heure, et il en vit d’autres qui étaient sur la place sans rien faire.
Il leur dit: Allez aussi à ma vigne, et je vous donnerai ce qui sera raisonnable.
Et ils y allèrent. Il sortit de nouveau vers la sixième heure et vers la neuvième, et il fit de même.
Étant sorti vers la onzième heure, il en trouva d’autres qui étaient sur la place, et il leur dit: Pourquoi vous tenez-vous ici toute la journée sans rien faire?
Ils lui répondirent: C’est que personne ne nous a loués. Allez aussi à ma vigne, leur dit-il.
Quand le soir fut venu, le maître de la vigne dit à son intendant: Appelle les ouvriers, et paie-leur le salaire, en allant des derniers aux premiers.
Ceux de la onzième heure vinrent, et reçurent chacun un denier.
10 Les premiers vinrent ensuite, croyant recevoir davantage; mais ils reçurent aussi chacun un denier.
11 En le recevant, ils murmurèrent contre le maître de la maison,
12 et dirent: Ces derniers n’ont travaillé qu’une heure, et tu les traites à l’égal de nous, qui avons supporté la fatigue du jour et la chaleur.
13 Il répondit à l’un d’eux: Mon ami, je ne te fais pas tort; n’es-tu pas convenu avec moi d’un denier?
14 Prends ce qui te revient, et va-t’en. Je veux donner à ce dernier autant qu’à toi.
15 Ne m’est-il pas permis de faire de mon bien ce que je veux? Ou vois-tu de mauvais oeil que je sois bon? –
16 Ainsi les derniers seront les premiers, et les premiers seront les derniers.
17 Pendant que Jésus montait à Jérusalem, il prit à part les douze disciples, et il leur dit en chemin:
18 Voici, nous montons à Jérusalem, et le Fils de l’homme sera livré aux principaux sacrificateurs et aux scribes. Ils le condamneront à mort,
19 et ils le livreront aux païens, pour qu’ils se moquent de lui, le battent de verges, et le crucifient; et le troisième jour il ressuscitera.
20 Alors la mère des fils de Zébédée s’approcha de Jésus avec ses fils, et se prosterna, pour lui faire une demande.
21 Il lui dit: Que veux-tu? Ordonne, lui dit-elle, que mes deux fils, que voici, soient assis, dans ton royaume, l’un à ta droite et l’autre à ta gauche.
22 Jésus répondit: Vous ne savez ce que vous demandez. Pouvez-vous boire la coupe que je dois boire? Nous le pouvons, dirent-ils.
23 Et il leur répondit: Il est vrai que vous boirez ma coupe; mais pour ce qui est d’être assis à ma droite et à ma gauche, cela ne dépend pas de moi, et ne sera donné qu’à ceux à qui mon Père l’a réservé.
24 Les dix, ayant entendu cela, furent indignés contre les deux frères.
25 Jésus les appela, et dit: Vous savez que les chefs des nations les tyrannisent, et que les grands les asservissent.
26 Il n’en sera pas de même au milieu de vous. Mais quiconque veut être grand parmi vous, qu’il soit votre serviteur;
27 et quiconque veut être le premier parmi vous, qu’il soit votre esclave.
28 C’est ainsi que le Fils de l’homme est venu, non pour être servi, mais pour servir et donner sa vie comme la rançon de plusieurs.
29 Lorsqu’ils sortirent de Jéricho, une grande foule suivit Jésus.
30 Et voici, deux aveugles, assis au bord du chemin, entendirent que Jésus passait, et crièrent: Aie pitié de nous, Seigneur, Fils de David!
31 La foule les reprenait, pour les faire taire; mais ils crièrent plus fort: Aie pitié de nous, Seigneur, Fils de David!
32 Jésus s’arrêta, les appela, et dit: Que voulez-vous que je vous fasse?
33 Ils lui dirent: Seigneur, que nos yeux s’ouvrent.
34 Ému de compassion, Jésus toucha leurs yeux; et aussitôt ils recouvrèrent la vue, et le suivirent.

Louis Segond {LSG}

Matthew 20   

1 For the kingdom of heaven is like unto a man that is an householder, which went out early in the morning to hire labourers into his vineyard.
And when he had agreed with the labourers for a penny a day, he sent them into his vineyard.
And he went out about the third hour, and saw others standing idle in the marketplace,
And said unto them; Go ye also into the vineyard, and whatsoever is right I will give you. And they went their way.
Again he went out about the sixth and ninth hour, and did likewise.
And about the eleventh hour he went out, and found others standing idle, and saith unto them, Why stand ye here all the day idle?
They say unto him, Because no man hath hired us. He saith unto them, Go ye also into the vineyard; and whatsoever is right, that shall ye receive.
So when even was come, the lord of the vineyard saith unto his steward, Call the labourers, and give them their hire, beginning from the last unto the first.
And when they came that were hired about the eleventh hour, they received every man a penny.
10 But when the first came, they supposed that they should have received more; and they likewise received every man a penny.
11 And when they had received it, they murmured against the goodman of the house,
12 Saying, These last have wrought but one hour, and thou hast made them equal unto us, which have borne the burden and heat of the day.
13 But he answered one of them, and said, Friend, I do thee no wrong: didst not thou agree with me for a penny?
14 Take that thine is, and go thy way: I will give unto this last, even as unto thee.
15 Is it not lawful for me to do what I will with mine own? Is thine eye evil, because I am good?
16 So the last shall be first, and the first last: for many be called, but few chosen.
17 And Jesus going up to Jerusalem took the twelve disciples apart in the way, and said unto them,
18 Behold, we go up to Jerusalem; and the Son of man shall be betrayed unto the chief priests and unto the scribes, and they shall condemn him to death,
19 And shall deliver him to the Gentiles to mock, and to scourge, and to crucify him: and the third day he shall rise again.
20 Then came to him the mother of Zebedees children with her sons, worshipping him, and desiring a certain thing of him.
21 And he said unto her, What wilt thou? She saith unto him, Grant that these my two sons may sit, the one on thy right hand, and the other on the left, in thy kingdom.
22 But Jesus answered and said, Ye know not what ye ask. Are ye able to drink of the cup that I shall drink of, and to be baptized with the baptism that I am baptized with? They say unto him, We are able.
23 And he saith unto them, Ye shall drink indeed of my cup, and be baptized with the baptism that I am baptized with: but to sit on my right hand, and on my left, is not mine to give, but it shall be given to them for whom it is prepared of my Father.
24 And when the ten heard it, they were moved with indignation against the two brethren.
25 But Jesus called them unto him, and said, Ye know that the princes of the Gentiles exercise dominion over them, and they that are great exercise authority upon them.
26 But it shall not be so among you: but whosoever will be great among you, let him be your minister;
27 And whosoever will be chief among you, let him be your servant:
28 Even as the Son of man came not to be ministered unto, but to minister, and to give his life a ransom for many.
29 And as they departed from Jericho, a great multitude followed him.
30 And, behold, two blind men sitting by the way side, when they heard that Jesus passed by, cried out, saying, Have mercy on us, O Lord, thou son of David.
31 And the multitude rebuked them, because they should hold their peace: but they cried the more, saying, Have mercy on us, O Lord, thou son of David.
32 And Jesus stood still, and called them, and said, What will ye that I shall do unto you?
33 They say unto him, Lord, that our eyes may be opened.
34 So Jesus had compassion on them, and touched their eyes: and immediately their eyes received sight, and they followed him.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}