Liv Chanté Salomon / Cantique des Cantiques / Song of Salomon

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Chanté Salomon 6 

1 Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l’.
Mennaj mwen al nan jaden l’, kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l’ yo manje. li al ranmase bèl ti flè.
Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l’ yo manje nan mitan bèl ti flè yo.
 Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m’ wè ou sa fè m’ plezi tankou lè m’ wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
Sispann gade m’, paske lè ou gade m’, ou fè m’ pa konn sa m’ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k’ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.
Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l’ fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l’, yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.
10 Kilès sa a k’ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
11  Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m’ te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m’ wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.
12 Apre sa, m’ pa konn sa ki pase m’. M’ santi m’ tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.
13 Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n’ ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k’ap danse nan mitan de ran moun?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Cantique des Cantiques 6    

1 Où est allé ton bien-aimé, O la plus belle des femmes? De quel côté ton bien-aimé s’est-il dirigé? Nous le chercherons avec toi.
Mon bien-aimé est descendu à son jardin, Au parterre d’aromates, Pour faire paître son troupeau dans les jardins, Et pour cueillir des lis.
Je suis à mon bien-aimé, et mon bien-aimé est à moi; Il fait paître son troupeau parmi les lis. –
Tu es belle, mon amie, comme Thirtsa, Agréable comme Jérusalem, Mais terrible comme des troupes sous leurs bannières.
Détourne de moi tes yeux, car ils me troublent. Tes cheveux sont comme un troupeau de chèvres, Suspendues aux flancs de Galaad.
Tes dents sont comme un troupeau de brebis, Qui remontent de l’abreuvoir; Toutes portent des jumeaux, Aucune d’elles n’est stérile.
Ta joue est comme une moitié de grenade, Derrière ton voile…
Il y a soixante reines, quatre-vingts concubines, Et des jeunes filles sans nombre.
Une seule est ma colombe, ma parfaite; Elle est l’unique de sa mère, La préférée de celle qui lui donna le jour. Les jeunes filles la voient, et la disent heureuse; Les reines et les concubines aussi, et elles la louent. –
10 Qui est celle qui apparaît comme l’aurore, Belle comme la lune, pure comme le soleil, Mais terrible comme des troupes sous leurs bannières? –
11 Je suis descendue au jardin des noyers, Pour voir la verdure de la vallée, Pour voir si la vigne pousse, Si les grenadiers fleurissent.
12 Je ne sais, mais mon désir m’a rendue semblable Aux chars de mon noble peuple. –
13 (7:1) Reviens, reviens, Sulamithe! Reviens, reviens, afin que nous te regardions. -Qu’avez-vous à regarder la Sulamithe Comme une danse de deux choeurs?
Louis Segond {LSG}

Song of Salomon 6

1 Whither is thy beloved gone, O thou fairest among women? whither is thy beloved turned aside? that we may seek him with thee.
My beloved is gone down into his garden, to the beds of spices, to feed in the gardens, and to gather lilies.
I am my beloved’s, and my beloved is mine: he feedeth among the lilies.
Thou art beautiful, O my love, as Tirzah, comely as Jerusalem, terrible as an army with banners.
Turn away thine eyes from me, for they have overcome me: thy hair is as a flock of goats that appear from Gilead.
Thy teeth are as a flock of sheep which go up from the washing, whereof every one beareth twins, and there is not one barren among them.
As a piece of a pomegranate are thy temples within thy locks.
There are threescore queens, and fourscore concubines, and virgins without number.
My dove, my undefiled is but one; she is the only one of her mother, she is the choice one of her that bare her. The daughters saw her, and blessed her; yea, the queens and the concubines, and they praised her.
10 Who is she that looketh forth as the morning, fair as the moon, clear as the sun, and terrible as an army with banners?
11 I went down into the garden of nuts to see the fruits of the valley, and to see whether the vine flourished and the pomegranates budded.
12 Or ever I was aware, my soul made me like the chariots of Amminadib.
13 Return, return, O Shulamite; return, return, that we may look upon thee. What will ye see in the Shulamite? As it were the company of two armies.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}