Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 21             

1 Jezi pwonmennen je l’ toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t’ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan.
Li wè yon pòv vèv tou ki t’ap mete de ti kòb kwiv.
Li di: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo.
Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l’ te gen pou l’ viv.
 Te gen kèk moun ki t’ap pale sou tanp lan; yo t’ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di:
Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p’ap gen de wòch k’ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Yo mande li: Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive?
Jezi di yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, plizyè moun va vin sou non mwen, y’a di se yo menm ki Kris la, ou ankò jou a rive! Pa koute yo.
Lè n’a pran nouvèl lagè ak revolisyon k’ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p’ap ankò lafen an sa.
10 Li di yo ankò: Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp; yon peyi va atake yon lòt peyi.
11 Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k’ap parèt nan syèl la.
12 Men anvan tou sa, y’ap arete nou, y’ap maltrete nou; y’ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y’ap mete nou nan prizon, y’ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.
13 Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.
14 Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou.
15 Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p’ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p’ap kapab demanti sa n’a di.
16 Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y’ap fè touye anpil nan nou.
17 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.
18 Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p’ap pèdi.
19 Kenbe fèm, se konsa n’a sove lavi nou.
20  Lè n’a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n’a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l’ nèt.
21 Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn; moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p’ap bezwen antre lavil.
22 Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.
23 Lè sa a, se p’ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a.
24 Y’ap touye yo ak nepe, y’ap mete men sou yo, y’ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l’ anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.
25 Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p’ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.
26 Gen moun k’ap mouri tèlman y’ap pè lè y’a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.
27 Lè sa a, y’a wè m’, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
28 Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p’ap lwen vin delivre nou.
29  Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo.
30 Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou.
31 Menm jan an tou, lè n’a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre.
32 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: gen moun k’ap viv koulye a ki p’ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
33 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p’ap janm pase.
34 Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n’ pa ta kwè.
35 Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè.
36 Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n’a gen fòs pou n’ chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n’ ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
37 Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t’ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn soti al pase nwit sou mòn Oliv la.
38 Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l’ t’ap di.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 21            

1 Jésus, ayant levé les yeux, vit les riches qui mettaient leurs offrandes dans le tronc.
Il vit aussi une pauvre veuve, qui y mettait deux petites pièces.
Et il dit: Je vous le dis en vérité, cette pauvre veuve a mis plus que tous les autres;
car c’est de leur superflu que tous ceux-là ont mis des offrandes dans le tronc, mais elle a mis de son nécessaire, tout ce qu’elle avait pour vivre.
Comme quelques-uns parlaient des belles pierres et des offrandes qui faisaient l’ornement du temple, Jésus dit:
Les jours viendront où, de ce que vous voyez, il ne restera pas pierre sur pierre qui ne soit renversée.
Ils lui demandèrent: Maître, quand donc cela arrivera-t-il, et à quel signe connaîtra-t-on que ces choses vont arriver?
Jésus répondit: Prenez garde que vous ne soyez séduits. Car plusieurs viendront en mon nom, disant: C’est moi, et le temps approche. Ne les suivez pas.
Quand vous entendrez parler de guerres et de soulèvements, ne soyez pas effrayés, car il faut que ces choses arrivent premièrement. Mais ce ne sera pas encore la fin.
10 Alors il leur dit: Une nation s’élèvera contre une nation, et un royaume contre un royaume;
11 il y aura de grands tremblements de terre, et, en divers lieux, des pestes et des famines; il y aura des phénomènes terribles, et de grands signes dans le ciel.
12 Mais, avant tout cela, on mettra la main sur vous, et l’on vous persécutera; on vous livrera aux synagogues, on vous jettera en prison, on vous mènera devant des rois et devant des gouverneurs, à cause de mon nom.
13 Cela vous arrivera pour que vous serviez de témoignage.
14 Mettez-vous donc dans l’esprit de ne pas préméditer votre défense;
15 car je vous donnerai une bouche et une sagesse à laquelle tous vos adversaires ne pourront résister ou contredire.
16 Vous serez livrés même par vos parents, par vos frères, par vos proches et par vos amis, et ils feront mourir plusieurs d’entre vous.
17 Vous serez haïs de tous, à cause de mon nom.
18 Mais il ne se perdra pas un cheveu de votre tête;
19 par votre persévérance vous sauverez vos âmes.
20 Lorsque vous verrez Jérusalem investie par des armées, sachez alors que sa désolation est proche.
21 Alors, que ceux qui seront en Judée fuient dans les montagnes, que ceux qui seront au milieu de Jérusalem en sortent, et que ceux qui seront dans les champs n’entrent pas dans la ville.
22 Car ce seront des jours de vengeance, pour l’accomplissement de tout ce qui est écrit.
23 Malheur aux femmes qui seront enceintes et à celles qui allaiteront en ces jours-là! Car il y aura une grande détresse dans le pays, et de la colère contre ce peuple.
24 Ils tomberont sous le tranchant de l’épée, ils seront emmenés captifs parmi toutes les nations, et Jérusalem sera foulée aux pieds par les nations, jusqu’à ce que les temps des nations soient accomplies.
25 Il y aura des signes dans le soleil, dans la lune et dans les étoiles. Et sur la terre, il y aura de l’angoisse chez les nations qui ne sauront que faire, au bruit de la mer et des flots,
26 les hommes rendant l’âme de terreur dans l’attente de ce qui surviendra pour la terre; car les puissances des cieux seront ébranlées.
27 Alors on verra le Fils de l’homme venant sur une nuée avec puissance et une grande gloire.
28 Quand ces choses commenceront à arriver, redressez-vous et levez vos têtes, parce que votre délivrance approche.
29 Et il leur dit une comparaison: Voyez le figuier, et tous les arbres.
30 Dès qu’ils ont poussé, vous connaissez de vous-mêmes, en regardant, que déjà l’été est proche.
31 De même, quand vous verrez ces choses arriver, sachez que le royaume de Dieu est proche.
32 Je vous le dis en vérité, cette génération ne passera point, que tout cela n’arrive.
33 Le ciel et la terre passeront, mais mes paroles ne passeront point.
34 Prenez garde à vous-mêmes, de crainte que vos coeurs ne s’appesantissent par les excès du manger et du boire, et par les soucis de la vie, et que ce jour ne vienne sur vous à l’improviste;
35 car il viendra comme un filet sur tous ceux qui habitent sur la face de toute la terre.
36 Veillez donc et priez en tout temps, afin que vous ayez la force d’échapper à toutes ces choses qui arriveront, et de paraître debout devant le Fils de l’homme.
37 Pendant le jour, Jésus enseignait dans le temple, et il allait passer la nuit à la montagne appelée montagne des Oliviers.
38 Et tout le peuple, dès le matin, se rendait vers lui dans le temple pour l’écouter.

Louis Segond {LSG}

Luke 21     

1 And he looked up, and saw the rich men casting their gifts into the treasury.
And he saw also a certain poor widow casting in thither two mites.
And he said, Of a truth I say unto you, that this poor widow hath cast in more than they all:
For all these have of their abundance cast in unto the offerings of God: but she of her penury hath cast in all the living that she had.
And as some spake of the temple, how it was adorned with goodly stones and gifts, he said,
As for these things which ye behold, the days will come, in the which there shall not be left one stone upon another, that shall not be thrown down.
And they asked him, saying, Master, but when shall these things be? and what sign will there be when these things shall come to pass?
And he said, Take heed that ye be not deceived: for many shall come in my name, saying, I am Christ; and the time draweth near: go ye not therefore after them.
But when ye shall hear of wars and commotions, be not terrified: for these things must first come to pass; but the end is not by and by.
10 Then said he unto them, Nation shall rise against nation, and kingdom against kingdom:
11 And great earthquakes shall be in divers places, and famines, and pestilences; and fearful sights and great signs shall there be from heaven.
12 But before all these, they shall lay their hands on you, and persecute you, delivering you up to the synagogues, and into prisons, being brought before kings and rulers for my name’s sake.
13 And it shall turn to you for a testimony.
14 Settle it therefore in your hearts, not to meditate before what ye shall answer:
15 For I will give you a mouth and wisdom, which all your adversaries shall not be able to gainsay nor resist.
16 And ye shall be betrayed both by parents, and brethren, and kinsfolks, and friends; and some of you shall they cause to be put to death.
17 And ye shall be hated of all men for my name’s sake.
18 But there shall not an hair of your head perish.
19 In your patience possess ye your souls.
20 And when ye shall see Jerusalem compassed with armies, then know that the desolation thereof is nigh.
21 Then let them which are in Judaea flee to the mountains; and let them which are in the midst of it depart out; and let not them that are in the countries enter thereinto.
22 For these be the days of vengeance, that all things which are written may be fulfilled.
23 But woe unto them that are with child, and to them that give suck, in those days! for there shall be great distress in the land, and wrath upon this people.
24 And they shall fall by the edge of the sword, and shall be led away captive into all nations: and Jerusalem shall be trodden down of the Gentiles, until the times of the Gentiles be fulfilled.
25 And there shall be signs in the sun, and in the moon, and in the stars; and upon the earth distress of nations, with perplexity; the sea and the waves roaring;
26 Men’s hearts failing them for fear, and for looking after those things which are coming on the earth: for the powers of heaven shall be shaken.
27 And then shall they see the Son of man coming in a cloud with power and great glory.
28 And when these things begin to come to pass, then look up, and lift up your heads; for your redemption draweth nigh.
29 And he spake to them a parable; Behold the fig tree, and all the trees;
30 When they now shoot forth, ye see and know of your own selves that summer is now nigh at hand.
31 So likewise ye, when ye see these things come to pass, know ye that the kingdom of God is nigh at hand.
32 Verily I say unto you, This generation shall not pass away, till all be fulfilled.
33 Heaven and earth shall pass away: but my words shall not pass away.
34 And take heed to yourselves, lest at any time your hearts be overcharged with surfeiting, and drunkenness, and cares of this life, and so that day come upon you unawares.
35 For as a snare shall it come on all them that dwell on the face of the whole earth.
36 Watch ye therefore, and pray always, that ye may be accounted worthy to escape all these things that shall come to pass, and to stand before the Son of man.
37 And in the day time he was teaching in the temple; and at night he went out, and abode in the mount that is called the mount of Olives.
38 And all the people came early in the morning to him in the temple, for to hear him.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}