Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 11                

 Koulye a, m’ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.
Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan Liv la, kote y’ap rakonte ki jan Eli t’ap pote plent bay Bondye pou pèp Izrayèl la:
Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo; se mwen menm sèl ki rete. Men y’ap chache wete lavi m’ tou?
Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal.
Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.
Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fè l’ pou yo. Si se pa t’ konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
Bon. Kisa n’a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t’ap chache a, li pa t’ jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di,
dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè; yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a.
David, bò pa l’, di tou: Se pou resepsyon y’ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l’, pou yo resevwa chatiman yo.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan.
11 Koulye a, m’ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.
12 Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!
13 Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m’ di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m’ap fè a.
14 Men, mwen kwè konsa m’a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m’ ka delivre kèk nan yo.
15 Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisak va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!
16 Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou.
17 Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k’ap pwofite lèt rasin k’ap nouri pye oliv kay la.
18 Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k’ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k’ap pote ou pito.
19 Lè sa a wa di m’: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m’ nan plas yo?
20 Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t’ gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou.
21 Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman.
22 Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y’a koupe ou tankou lòt branch yo.
23 Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y’ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò.
24 Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L’ap pi fasil toujou pou grefe yo ankò sou pyebwa pa yo a.
25 Frè m’ yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p’ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.
26 Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k’ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l’ap soti. L’ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen.
27 Men kontra m’ pral pase avèk yo lè m’a wete tout peche yo.
28 Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo.
29 Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p’ap chanje lide lè l’ fin rele yon moun.
30 Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t’ap dezobeyi Bondye. Men, koulye a nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li.
31 Konsa tou, koulye a jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y’ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo.
32 Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l’ ka gen pitye pou tout moun ansanm.
33  O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:
34 Ki moun ki konnen sa k’ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?
35 Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa?
36 Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 11                

1 Je dis donc: Dieu a-t-il rejeté son peuple? Loin de là! Car moi aussi je suis Israélite, de la postérité d’Abraham, de la tribu de Benjamin.
Dieu n’a point rejeté son peuple, qu’il a connu d’avance. Ne savez-vous pas ce que l’Écriture rapporte d’Élie, comment il adresse à Dieu cette plainte contre Israël:
Seigneur, ils ont tué tes prophètes, ils ont renversé tes autels; je suis resté moi seul, et ils cherchent à m’ôter la vie?
Mais quelle réponse Dieu lui fait-il? Je me suis réservé sept mille hommes, qui n’ont point fléchi le genou devant Baal.
De même aussi dans le temps présent il y un reste, selon l’élection de la grâce.
Or, si c’est par grâce, ce n’est plus par les oeuvres; autrement la grâce n’est plus une grâce. Et si c’est par les oeuvres, ce n’est plus une grâce; autrement l’oeuvre n’est plus une oeuvre.
Quoi donc? Ce qu’Israël cherche, il ne l’a pas obtenu, mais l’élection l’a obtenu, tandis que les autres ont été endurcis,
selon qu’il est écrit: Dieu leur a donné un esprit d’assoupissement, Des yeux pour ne point voir, Et des oreilles pour ne point entendre, Jusqu’à ce jour. Et David dit:
Que leur table soit pour eux un piège, Un filet, une occasion de chute, et une rétribution!
10 Que leurs yeux soient obscurcis pour ne point voir, Et tiens leur dos continuellement courbé!
11 Je dis donc: Est-ce pour tomber qu’ils ont bronché? Loin de là! Mais, par leur chute, le salut est devenu accessible aux païens, afin qu’ils fussent excités à la jalousie.
12 Or, si leur chute a été la richesse du monde, et leur amoindrissement la richesse des païens, combien plus en sera-t-il ainsi quand ils se convertiront tous.
13 Je vous le dis à vous, païens: en tant que je suis apôtre des païens, je glorifie mon ministère,
14 afin, s’il est possible, d’exciter la jalousie de ceux de ma race, et d’en sauver quelques-uns.
15 Car si leur rejet a été la réconciliation du monde, que sera leur réintégration, sinon une vie d’entre les morts?
16 Or, si les prémices sont saintes, la masse l’est aussi; et si la racine est sainte, les branches le sont aussi.
17 Mais si quelques-unes des branches ont été retranchées, et si toi, qui était un olivier sauvage, tu as été enté à leur place, et rendu participant de la racine et de la graisse de l’olivier,
18 ne te glorifie pas aux dépens de ces branches. Si tu te glorifies, sache que ce n’est pas toi qui portes la racine, mais que c’est la racine qui te porte.
19 Tu diras donc: Les branches ont été retranchées, afin que moi je fusse enté.
20 Cela est vrai; elles ont été retranchées pour cause d’incrédulité, et toi, tu subsistes par la foi. Ne t’abandonne pas à l’orgueil, mais crains;
21 car si Dieu n’a pas épargné les branches naturelles, il ne t’épargnera pas non plus.
22 Considère donc la bonté et la sévérité de Dieu: sévérité envers ceux qui sont tombés, et bonté de Dieu envers toi, si tu demeures ferme dans cette bonté; autrement, tu seras aussi retranché.
23 Eux de même, s’ils ne persistent pas dans l’incrédulité, ils seront entés; car Dieu est puissant pour les enter de nouveau.
24 Si toi, tu as été coupé de l’olivier naturellement sauvage, et enté contrairement à ta nature sur l’olivier franc, à plus forte raison eux seront-ils entés selon leur nature sur leur propre olivier.
25 Car je ne veux pas, frères, que vous ignoriez ce mystère, afin que vous ne vous regardiez point comme sages, c’est qu’une partie d’Israël est tombée dans l’endurcissement, jusqu’à ce que la totalité des païens soit entrée.
26 Et ainsi tout Israël sera sauvé, selon qu’il est écrit: Le libérateur viendra de Sion, Et il détournera de Jacob les impiétés;
27 Et ce sera mon alliance avec eux, Lorsque j’ôterai leurs péchés.
28 En ce qui concerne l’Évangile, ils sont ennemis à cause de vous; mais en ce qui concerne l’élection, ils sont aimés à cause de leurs pères.
29 Car Dieu ne se repent pas de ses dons et de son appel.
30 De même que vous avez autrefois désobéi à Dieu et que par leur désobéissance vous avez maintenant obtenu miséricorde,
31 de même ils ont maintenant désobéi, afin que, par la miséricorde qui vous a été faite, ils obtiennent aussi miséricorde.
32 Car Dieu a renfermé tous les hommes dans la désobéissance, pour faire miséricorde à tous.
33 O profondeur de la richesse, de la sagesse et de la science de Dieu! Que ses jugements sont insondables, et ses voies incompréhensibles! Car
34 Qui a connu la pensée du Seigneur, Ou qui a été son conseiller?
35 Qui lui a donné le premier, pour qu’il ait à recevoir en retour?
36 C’est de lui, par lui, et pour lui que sont toutes choses. A lui la gloire dans tous les siècles! Amen!

Louis Segond {LSG}

Romans 11       

1 I say then, Hath God cast away his people? God forbid. For I also am an Israelite, of the seed of Abraham, of the tribe of Benjamin.
God hath not cast away his people which he foreknew. Wot ye not what the scripture saith of Elias? how he maketh intercession to God against Israel saying,
Lord, they have killed thy prophets, and digged down thine altars; and I am left alone, and they seek my life.
But what saith the answer of God unto him? I have reserved to myself seven thousand men, who have not bowed the knee to the image of Baal.
Even so then at this present time also there is a remnant according to the election of grace.
And if by grace, then is it no more of works: otherwise grace is no more grace. But if it be of works, then it is no more grace: otherwise work is no more work.
What then? Israel hath not obtained that which he seeketh for; but the election hath obtained it, and the rest were blinded.
(According as it is written, God hath given them the spirit of slumber, eyes that they should not see, and ears that they should not hear;) unto this day.
And David saith, Let their table be made a snare, and a trap, and a stumblingblock, and a recompence unto them:
10 Let their eyes be darkened, that they may not see, and bow down their back alway.
11 I say then, Have they stumbled that they should fall? God forbid: but rather through their fall salvation is come unto the Gentiles, for to provoke them to jealousy.
12 Now if the fall of them be the riches of the world, and the diminishing of them the riches of the Gentiles; how much more their fulness?
13 For I speak to you Gentiles, inasmuch as I am the apostle of the Gentiles, I magnify mine office:
14 If by any means I may provoke to emulation them which are my flesh, and might save some of them.
15 For if the casting away of them be the reconciling of the world, what shall the receiving of them be, but life from the dead?
16 For if the firstfruit be holy, the lump is also holy: and if the root be holy, so are the branches.
17 And if some of the branches be broken off, and thou, being a wild olive tree, wert grafted in among them, and with them partakest of the root and fatness of the olive tree;
18 Boast not against the branches. But if thou boast, thou bearest not the root, but the root thee.
19 Thou wilt say then, The branches were broken off, that I might be grafted in.
20 Well; because of unbelief they were broken off, and thou standest by faith. Be not highminded, but fear:
21 For if God spared not the natural branches, take heed lest he also spare not thee.
22 Behold therefore the goodness and severity of God: on them which fell, severity; but toward thee, goodness, if thou continue in his goodness: otherwise thou also shalt be cut off.
23 And they also, if they abide not still in unbelief, shall be grafted in: for God is able to graft them in again.
24 For if thou wert cut out of the olive tree which is wild by nature, and wert grafted contrary to nature into a good olive tree: how much more shall these, which be the natural branches, be grafted into their own olive tree?
25 For I would not, brethren, that ye should be ignorant of this mystery, lest ye should be wise in your own conceits; that blindness in part is happened to Israel, until the fulness of the Gentiles be come in.
26 And so all Israel shall be saved: as it is written, There shall come out of Sion the Deliverer, and shall turn away ungodliness from Jacob:
27 For this is my covenant unto them, when I shall take away their sins.
28 As concerning the gospel, they are enemies for your sakes: but as touching the election, they are beloved for the father’s sakes.
29 For the gifts and calling of God are without repentance.
30 For as ye in times past have not believed God, yet have now obtained mercy through their unbelief:
31 Even so have these also now not believed, that through your mercy they also may obtain mercy.
32 For God hath concluded them all in unbelief, that he might have mercy upon all.
33 O the depth of the riches both of the wisdom and knowledge of God! how unsearchable are his judgments, and his ways past finding out!
34 For who hath known the mind of the Lord? or who hath been his counsellor?
35 Or who hath first given to him, and it shall be recompensed unto him again?
36 For of him, and through him, and to him, are all things: to whom be glory for ever. Amen. 
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}