Liv Danyèl / Daniel / Daniel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Danyèl 1      

1 Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l’ toupatou.
Seyè a kite l’ mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l’ nan tanp bondye pa l’ yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l’ yo.
Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l’ te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.
Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l’ te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.
Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y’a parèt devan wa a pou sèvis li.
Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya.
Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.
 Danyèl te pran desizyon nan kè l’ pou l’ pa t’ manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l’ te ka toujou nan kondisyon pou l’ sèvi Bondye l’. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l’ pèmisyon pou l’ pa blije manje manje sa yo.
Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l’ te ale avè l’.
10 Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n’ manje ak sa pou n’ bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m’.
11 Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l’:
12 -Pandan dis jou ban nou legim ase pou n’ manje ak dlo pou nou bwè.
13 Apre sa, w’a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k’ap manje manje wa a. Lè sa a, w’a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w’a wè.
14 Gad la dakò pou l’ ba yo yon chans pandan dis jou.
15 Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.
16 Depi lè sa a, gad la pa t’ ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
17  Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l’ te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
18 Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza.
19 Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t’ jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a.
20 Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.
21 Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Daniel 1 

1 La troisième année du règne de Jojakim, roi de Juda, Nebucadnetsar, roi de Babylone, marcha contre Jérusalem, et l’assiégea.
Le Seigneur livra entre ses mains Jojakim, roi de Juda, et une partie des ustensiles de la maison de Dieu. Nebucadnetsar emporta les ustensiles au pays de Schinear, dans la maison de son dieu, il les mit dans la maison du trésor de son dieu.
Le roi donna l’ordre à Aschpenaz, chef de ses eunuques, d’amener quelques-uns des enfants d’Israël de race royale ou de famille noble,
de jeunes garçons sans défaut corporel, beaux de figure, doués de sagesse, d’intelligence et d’instruction, capables de servir dans le palais du roi, et à qui l’on enseignerait les lettres et la langue des Chaldéens.
Le roi leur assigna pour chaque jour une portion des mets de sa table et du vin dont il buvait, voulant les élever pendant trois années, au bout desquelles ils seraient au service du roi.
Il y avait parmi eux, d’entre les enfants de Juda, Daniel, Hanania, Mischaël et Azaria.
Le chef des eunuques leur donna des noms, à Daniel celui de Beltschatsar, à Hanania celui de Schadrac, à Mischaël celui de Méschac, et à Azaria celui d’Abed Nego.
Daniel résolut de ne pas se souiller par les mets du roi et par le vin dont le roi buvait, et il pria le chef des eunuques de ne pas l’obliger à se souiller.
Dieu fit trouver à Daniel faveur et grâce devant le chef des eunuques.
10 Le chef des eunuques dit à Daniel: Je crains mon seigneur le roi, qui a fixé ce que vous devez manger et boire; car pourquoi verrait-il votre visage plus abattu que celui des jeunes gens de votre âge? Vous exposeriez ma tête auprès du roi.
11 Alors Daniel dit à l’intendant à qui le chef des eunuques avait remis la surveillance de Daniel, de Hanania, de Mischaël et d’Azaria:
12 Éprouve tes serviteurs pendant dix jours, et qu’on nous donne des légumes à manger et de l’eau à boire;
13 tu regarderas ensuite notre visage et celui des jeunes gens qui mangent les mets du roi, et tu agiras avec tes serviteurs d’après ce que tu auras vu.
14 Il leur accorda ce qu’ils demandaient, et les éprouva pendant dix jours.
15 Au bout de dix jours, ils avaient meilleur visage et plus d’embonpoint que tous les jeunes gens qui mangeaient les mets du roi.
16 L’intendant emportait les mets et le vin qui leur étaient destinés, et il leur donnait des légumes.
17 Dieu accorda à ces quatre jeunes gens de la science, de l’intelligence dans toutes les lettres, et de la sagesse; et Daniel expliquait toutes les visions et tous les songes.
18 Au terme fixé par le roi pour qu’on les lui amenât, le chef des eunuques les présenta à Nebucadnetsar.
19 Le roi s’entretint avec eux; et, parmi tous ces jeunes gens, il ne s’en trouva aucun comme Daniel, Hanania, Mischaël et Azaria. Ils furent donc admis au service du roi.
20 Sur tous les objets qui réclamaient de la sagesse et de l’intelligence, et sur lesquels le roi les interrogeait, il les trouvait dix fois supérieurs à tous les magiciens et astrologues qui étaient dans tout son royaume.
21 Ainsi fut Daniel jusqu’à la première année du roi Cyrus.

Louis Segond {LSG}

Daniel 1

1 In the third year of the reign of Jehoiakim king of Judah came Nebuchadnezzar king of Babylon unto Jerusalem, and besieged it.
And the Lord gave Jehoiakim king of Judah into his hand, with part of the vessels of the house of God: which he carried into the land of Shinar to the house of his god; and he brought the vessels into the treasure house of his god.
And the king spake unto Ashpenaz the master of his eunuchs, that he should bring certain of the children of Israel, and of the king’s seed, and of the princes;
Children in whom was no blemish, but well favoured, and skilful in all wisdom, and cunning in knowledge, and understanding science, and such as had ability in them to stand in the king’s palace, and whom they might teach the learning and the tongue of the Chaldeans.
And the king appointed them a daily provision of the king’s meat, and of the wine which he drank: so nourishing them three years, that at the end thereof they might stand before the king.
Now among these were of the children of Judah, Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah:
Unto whom the prince of the eunuchs gave names: for he gave unto Daniel the name of Belteshazzar; and to Hananiah, of Shadrach; and to Mishael, of Meshach; and to Azariah, of Abednego.
But Daniel purposed in his heart that he would not defile himself with the portion of the king’s meat, nor with the wine which he drank: therefore he requested of the prince of the eunuchs that he might not defile himself.
Now God had brought Daniel into favour and tender love with the prince of the eunuchs.
10 And the prince of the eunuchs said unto Daniel, I fear my lord the king, who hath appointed your meat and your drink: for why should he see your faces worse liking than the children which are of your sort? then shall ye make me endanger my head to the king.
11 Then said Daniel to Melzar, whom the prince of the eunuchs had set over Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah,
12 Prove thy servants, I beseech thee, ten days; and let them give us pulse to eat, and water to drink.
13 Then let our countenances be looked upon before thee, and the countenance of the children that eat of the portion of the king’s meat: and as thou seest, deal with thy servants.
14 So he consented to them in this matter, and proved them ten days.
15 And at the end of ten days their countenances appeared fairer and fatter in flesh than all the children which did eat the portion of the king’s meat.
16 Thus Melzar took away the portion of their meat, and the wine that they should drink; and gave them pulse.
17 As for these four children, God gave them knowledge and skill in all learning and wisdom: and Daniel had understanding in all visions and dreams.
18 Now at the end of the days that the king had said he should bring them in, then the prince of the eunuchs brought them in before Nebuchadnezzar.
19 And the king communed with them; and among them all was found none like Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah: therefore stood they before the king.
20 And in all matters of wisdom and understanding, that the king enquired of them, he found them ten times better than all the magicians and astrologers that were in all his realm.
21 And Daniel continued even unto the first year of king Cyrus.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}