Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 3  

1 Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l’ te fèt la.
Li di konsa:
-Se pou Bondye efase jou m’ te fèt la. Se pou l’ efase jou lannwit m’ te konmanse devlope nan vant manman m’ lan.
Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l’.
Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l’ nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l’ nèt.
Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l’ pou li nèt. Se pou l’ disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l’ nan almanak ankò.
Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri!
Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!
Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l’ pa janm wè solèy leve.
10 Paske li pa t’ enpoze m’ soti nan vant manman m’, li pa t’ egzante m’ tout soufrans sa yo.
11  Poukisa mwen pa t’ mouri depi nan vant manman m’? Poukisa mwen pa t’ tou mouri nan pasaj kite sa?
12 Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m’ sou jenou li epi ki ban m’ tete?
13 Si m’ te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze,
14 ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè.
15 Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.
16 Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.
17 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.
18 Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p’ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.
19 Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò!
20  Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?
21 Y’ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès!
22 Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè.
23 Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase.
24 Mwen pa ka manje. Se plenn m’ap plenn. M’ap soufri, dlo nan je m’ tankou larivyè k’ap koule.
25 Sa m’ pè rive m’ lan, se li k’ap rive m’. Sa m’ pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.
26 Kè m’ pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 3

1 Après cela, Job ouvrit la bouche et maudit le jour de sa naissance.
Il prit la parole et dit:
Périsse le jour où je suis né, Et la nuit qui dit: Un enfant mâle est conçu!
Ce jour! qu’il se change en ténèbres, Que Dieu n’en ait point souci dans le ciel, Et que la lumière ne rayonne plus sur lui!
Que l’obscurité et l’ombre de la mort s’en emparent, Que des nuées établissent leur demeure au-dessus de lui, Et que de noirs phénomènes l’épouvantent!
Cette nuit! que les ténèbres en fassent leur proie, Qu’elle disparaisse de l’année, Qu’elle ne soit plus comptée parmi les mois!
Que cette nuit devienne stérile, Que l’allégresse en soit bannie!
Qu’elle soit maudite par ceux qui maudissent les jours, Par ceux qui savent exciter le léviathan!
Que les étoiles de son crépuscule s’obscurcissent, Qu’elle attende en vain la lumière, Et qu’elle ne voie point les paupières de l’aurore!
10 Car elle n’a pas fermé le sein qui me conçut, Ni dérobé la souffrance à mes regards.
11 Pourquoi ne suis-je pas mort dans le ventre de ma mère? Pourquoi n’ai-je pas expiré au sortir de ses entrailles?
12 Pourquoi ai-je trouvé des genoux pour me recevoir, Et des mamelles pour m’allaiter?
13 Je serais couché maintenant, je serais tranquille, Je dormirais, je reposerais,
14 Avec les rois et les grands de la terre, Qui se bâtirent des mausolées,
15 Avec les princes qui avaient de l’or, Et qui remplirent d’argent leurs demeures.
16 Ou je n’existerais pas, je serais comme un avorton caché, Comme des enfants qui n’ont pas vu la lumière.
17 Là ne s’agitent plus les méchants, Et là se reposent ceux qui sont fatigués et sans force;
18 Les captifs sont tous en paix, Ils n’entendent pas la voix de l’oppresseur;
19 Le petit et le grand sont là, Et l’esclave n’est plus soumis à son maître.
20 Pourquoi donne-t-il la lumière à celui qui souffre, Et la vie à ceux qui ont l’amertume dans l’âme,
21 Qui espèrent en vain la mort, Et qui la convoitent plus qu’un trésor,
22 Qui seraient transportés de joie Et saisis d’allégresse, s’ils trouvaient le tombeau?
23 A l’homme qui ne sait où aller, Et que Dieu cerne de toutes parts?
24 Mes soupirs sont ma nourriture, Et mes cris se répandent comme l’eau.
25 Ce que je crains, c’est ce qui m’arrive; Ce que je redoute, c’est ce qui m’atteint.
26 Je n’ai ni tranquillité, ni paix, ni repos, Et le trouble s’est emparé de moi.
Louis Segond {LSG}

Job 3   

1 After this opened Job his mouth, and cursed his day.
And Job spake, and said,
Let the day perish wherein I was born, and the night in which it was said, There is a man child conceived.
Let that day be darkness; let not God regard it from above, neither let the light shine upon it.
Let darkness and the shadow of death stain it; let a cloud dwell upon it; let the blackness of the day terrify it.
As for that night, let darkness seize upon it; let it not be joined unto the days of the year, let it not come into the number of the months.
Lo, let that night be solitary, let no joyful voice come therein.
Let them curse it that curse the day, who are ready to raise up their mourning.
Let the stars of the twilight thereof be dark; let it look for light, but have none; neither let it see the dawning of the day:
10 Because it shut not up the doors of my mother’s womb, nor hid sorrow from mine eyes.
11 Why died I not from the womb? why did I not give up the ghost when I came out of the belly?
12 Why did the knees prevent me? or why the breasts that I should suck?
13 For now should I have lain still and been quiet, I should have slept: then had I been at rest,
14 With kings and counsellors of the earth, which build desolate places for themselves;
15 Or with princes that had gold, who filled their houses with silver:
16 Or as an hidden untimely birth I had not been; as infants which never saw light.
17 There the wicked cease from troubling; and there the weary be at rest.
18 There the prisoners rest together; they hear not the voice of the oppressor.
19 The small and great are there; and the servant is free from his master.
20 Wherefore is light given to him that is in misery, and life unto the bitter in soul;
21 Which long for death, but it cometh not; and dig for it more than for hid treasures;
22 Which rejoice exceedingly, and are glad, when they can find the grave?
23 Why is light given to a man whose way is hid, and whom God hath hedged in?
24 For my sighing cometh before I eat, and my roarings are poured out like the waters.
25 For the thing which I greatly feared is come upon me, and that which I was afraid of is come unto me.
26 I was not in safety, neither had I rest, neither was I quiet; yet trouble came.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}