Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 13 

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k’ap viv ansanm nan Kris la.
Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.
Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y’ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k’ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k’ap fè adiltè yo.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p’ap janm vire do ba ou, mwen p’ap janm lage ou.
Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k’ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k’ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.
10 Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k’ap sèvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.
11 Lè y’ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a.
12 Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l’ te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule.
13 Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n’ soufri menm wont la ansanm ak li.
14 Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N’ap chache lavil ki gen pou vini an.
15 Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n’ap ofri bay Bondye a, se lwanj n’ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l’ nan bouch nou.
16 Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
17 Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y’ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y’a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y’a fè l’ ak kè sere. Lè sa a, p’ap gen okenn avantaj pou nou.
18  Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.
19 M’ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m’ okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.
20 Men sa m’ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l’ te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.
21 M’ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l’ fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n’ kapab fè volonte li. M’ap mande l’ tou pou l’ fè travay ki fè l’ plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
22 Tanpri, frè m’ yo, m’ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m’ di nan lèt mwen ekri nou an pa long.
23 Mwen vle fè nou konnen yo gen tan lage Timote, frè nou an. Si li rive bònè, m’a pran l’ avè m’ lè m’ap vin wè nou.
24 Di tout moun k’ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.
25 benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 13                   

1 Persévérez dans l’amour fraternel.
N’oubliez pas l’hospitalité; car, en l’exerçant, quelques-uns ont logé des anges, sans le savoir.
Souvenez-vous des prisonniers, comme si vous étiez aussi prisonniers; de ceux qui sont maltraités, comme étant aussi vous-mêmes dans un corps.
Que le mariage soit honoré de tous, et le lit conjugal exempt de souillure, car Dieu jugera les impudiques et les adultères.
Ne vous livrez pas à l’amour de l’argent; contentez-vous de ce que vous avez; car Dieu lui-même a dit: Je ne te délaisserai point, et je ne t’abandonnerai point.
C’est donc avec assurance que nous pouvons dire: Le Seigneur est mon aide, je ne craindrai rien; Que peut me faire un homme?
Souvenez-vous de vos conducteurs qui vous ont annoncé la parole de Dieu; considérez quelle a été la fin de leur vie, et imitez leur foi.
Jésus Christ est le même hier, aujourd’hui, et éternellement.
Ne vous laissez pas entraîner par des doctrines diverses et étrangères; car il est bon que le coeur soit affermi par la grâce, et non par des aliments qui n’ont servi de rien à ceux qui s’y sont attachés.
10 Nous avons un autel dont ceux qui font le service au tabernacle n’ont pas le pouvoir de manger.
11 Le corps des animaux, dont le sang est porté dans le sanctuaire par le souverain sacrificateur pour le péché, sont brûlés hors du camp.
12 C’est pour cela que Jésus aussi, afin de sanctifier le peuple par son propre sang, a souffert hors de la porte.
13 Sortons donc pour aller à lui, hors du camp, en portant son opprobre.
14 Car nous n’avons point ici-bas de cité permanente, mais nous cherchons celle qui est à venir.
15 Par lui, offrons sans cesse à Dieu un sacrifice de louange, c’est-a-dire le fruit de lèvres qui confessent son nom.
16 Et n’oubliez pas la bienfaisance et la libéralité, car c’est à de tels sacrifices que Dieu prend plaisir.
17 Obéissez à vos conducteurs et ayez pour eux de la déférence, car ils veillent sur vos âmes comme devant en rendre compte; qu’il en soit ainsi, afin qu’ils le fassent avec joie, et non en gémissant, ce qui vous ne serait d’aucun avantage.
18 Priez pour nous; car nous croyons avoir une bonne conscience, voulant en toutes choses nous bien conduire.
19 C’est avec instance que je vous demande de le faire, afin que je vous sois rendu plus tôt.
20 Que le Dieu de paix, qui a ramené d’entre les morts le grand pasteur des brebis, par le sang d’une alliance éternelle, notre Seigneur Jésus,
21 vous rende capables de toute bonne oeuvre pour l’accomplissement de sa volonté, et fasse en vous ce qui lui est agréable, par Jésus Christ, auquel soit la gloire aux siècles des siècles! Amen!
22 Je vous prie, frères, de supporter ces paroles d’exhortation, car je vous ai écrit brièvement.
23 Sachez que notre frère Timothée a été relâché; s’il vient bientôt, j’irai vous voir avec lui.
24 Saluez tous vos conducteurs, et tous les saints. Ceux d’Italie vous saluent.
25 Que la grâce soit avec vous tous! Amen!

Louis Segond {LSG}

Hebrews 13          

1 Let brotherly love continue.
Be not forgetful to entertain strangers: for thereby some have entertained angels unawares.
Remember them that are in bonds, as bound with them; and them which suffer adversity, as being yourselves also in the body.
Marriage is honourable in all, and the bed undefiled: but whoremongers and adulterers God will judge.
Let your conversation be without covetousness; and be content with such things as ye have: for he hath said, I will never leave thee, nor forsake thee.
So that we may boldly say, The Lord is my helper, and I will not fear what man shall do unto me.
Remember them which have the rule over you, who have spoken unto you the word of God: whose faith follow, considering the end of their conversation.
Jesus Christ the same yesterday, and to day, and for ever.
Be not carried about with divers and strange doctrines. For it is a good thing that the heart be established with grace; not with meats, which have not profited them that have been occupied therein.
10 We have an altar, whereof they have no right to eat which serve the tabernacle.
11 For the bodies of those beasts, whose blood is brought into the sanctuary by the high priest for sin, are burned without the camp.
12 Wherefore Jesus also, that he might sanctify the people with his own blood, suffered without the gate.
13 Let us go forth therefore unto him without the camp, bearing his reproach.
14 For here have we no continuing city, but we seek one to come.
15 By him therefore let us offer the sacrifice of praise to God continually, that is, the fruit of our lips giving thanks to his name.
16 But to do good and to communicate forget not: for with such sacrifices God is well pleased.
17 Obey them that have the rule over you, and submit yourselves: for they watch for your souls, as they that must give account, that they may do it with joy, and not with grief: for that is unprofitable for you.
18 Pray for us: for we trust we have a good conscience, in all things willing to live honestly.
19 But I beseech you the rather to do this, that I may be restored to you the sooner.
20 Now the God of peace, that brought again from the dead our Lord Jesus, that great shepherd of the sheep, through the blood of the everlasting covenant,
21 Make you perfect in every good work to do his will, working in you that which is wellpleasing in his sight, through Jesus Christ; to whom be glory for ever and ever. Amen.
22 And I beseech you, brethren, suffer the word of exhortation: for I have written a letter unto you in few words.
23 Know ye that our brother Timothy is set at liberty; with whom, if he come shortly, I will see you.
24 Salute all them that have the rule over you, and all the saints. They of Italy salute you.
25 Grace be with you all. Amen.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}