Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 32 

1 Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,
yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa:
-Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon,
tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt.
Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Moyiz reponn yo: -Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen?
Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Seyè a ba yo a?
Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea.
Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.
10 Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:
11 Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p’ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m’ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t’ kenbe pawòl yo ak mwen,
12 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank.
13 Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
14 Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
15 Si nou vire do nou ba li, l’a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.
16  Yo pwoche bò Moyiz, yo di l’ konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.
17 Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n’ ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n’ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p’ap ka fè yo anyen.
18 Nou p’ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a.
19 Nou p’ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.
20 Moyiz di yo konsa: -Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n’ al goumen devan Seyè a,
21 si tout gason ki ka goumen pami nou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an devan Seyè a, jouk Seyè a va fin kraze tout lènmi l’ yo devan li,
22 enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n’a tounen vin lakay nou, paske n’a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a.
23 Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n’a peche. N’a peye konsekans peche nou an.
24 Nou mèt bati lavil ak ranpa pou moun pa nou yo. Nou mèt moute lantouraj pou mete bèt nou yo nan pak. Men, se pou nou fè sa nou pwomèt n’ap fè a.
25 Moun fanmi Woubenn yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: -Mèt, n’ap fè tou sa ou mande nou fè.
26 Pitit nou yo va rete nan lavil ki nan peyi Galarad yo ansanm ak madanm nou yo ak tout bèf, tout mouton ak tout kabrit nou yo,
27 Men, nou menm gason ki pare pou n’ al goumen yo, n’ap pase devan Seyè a pou n’ al fè lagè jan ou di l’ la.
28  Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo.
29 Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y’ al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n’a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.
30 Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y’ al goumen avèk nou, y’a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou.
31 Mesye branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l’ konsa: -N’a fè tou sa Seyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye.
32 N’a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n’ al goumen devan Seyè a, n’a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.
33 Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
34 Moun fanmi Gad yo rebati tout lavil sa yo: Dibon, Atawòt, Awoyè,
35 Atawo, Sofam, Jaze ak Jobeya,
36 Bèt-Nimra, Bèt aran. Yo rebati yo avèk ranpa pou pwoteje yo, yo fè pak tou pou mouton ak kabrit.
37 Moun fanmi Woubenn yo menm rebati lavil sa yo: Esbon, Elealè, Kiryatayim,
38 Nebo, Baal Meyon ak Sibma. Yo te chanje non lavil Nebo ak Baal Meyon. Yo bay tout lavil yo rebati yo lòt non.
39 Moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, pati pou peyi Galarad kote moun Amori yo te rete a. Yo anvayi tout peyi a, yo mete moun Amori yo deyò.
40 Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete.
41 Moun fanmi Jayi, pitit gason Manase a, al atake yon seri ti bouk. Yo anvayi yo epi yo rele yo Bouk Jayi.
42 Noba menm al atake lavil Kenat ak lòt ti bouk ki sou lòd li yo. l’ anvayi l’, epi li ba li non l’. Li rele l’ Noba.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 32

1 Les fils de Ruben et les fils de Gad avaient une quantité considérable de troupeaux, et ils virent que le pays de Jaezer et le pays de Galaad étaient un lieu propre pour des troupeaux.
Alors les fils de Gad et les fils de Ruben vinrent auprès de Moïse, du sacrificateur Éléazar et des princes de l’assemblée, et ils leur dirent:
Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon, Élealé, Sebam, Nebo et Beon,
ce pays que l’Éternel a frappé devant l’assemblée d’Israël, est un lieu propre pour des troupeaux, et tes serviteurs ont des troupeaux.
Ils ajoutèrent: Si nous avons trouvé grâce à tes yeux, que la possession de ce pays soit accordée à tes serviteurs, et ne nous fais point passer le Jourdain.
Moïse répondit aux fils de Gad et aux fils de Ruben: Vos frères iront-ils à la guerre, et vous, resterez-vous ici?
Pourquoi voulez-vous décourager les enfants d’Israël de passer dans le pays que l’Éternel leur donne?
Ainsi firent vos pères, quand je les envoyai de Kadès Barnéa pour examiner le pays.
Ils montèrent jusqu’à la vallée d’Eschcol, et, après avoir examiné le pays, ils découragèrent les enfants d’Israël d’aller dans le pays que l’Éternel leur donnait.
10 La colère de l’Éternel s’enflamma ce jour-là, et il jura en disant:
11 Ces hommes qui sont montés d’Égypte, depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, ne verront point le pays que j’ai juré de donner à Abraham, à Isaac et à Jacob, car ils n’ont pas suivi pleinement ma voie,
12 excepté Caleb, fils de Jephunné, le Kenizien, et Josué, fils de Nun, qui ont pleinement suivi la voie de l’Éternel.
13 La colère de l’Éternel s’enflamma contre Israël, et il les fit errer dans le désert pendant quarante années, jusqu’à l’anéantissement de toute la génération qui avait fait le mal aux yeux de l’Éternel.
14 Et voici, vous prenez la place de vos pères comme des rejetons d’hommes pécheurs, pour rendre la colère de l’Éternel encore plus ardente contre Israël.
15 Car, si vous vous détournez de lui, il continuera de laisser Israël au désert, et vous causerez la perte de tout ce peuple.
16 Ils s’approchèrent de Moïse, et ils dirent: Nous construirons ici des parcs pour nos troupeaux et des villes pour nos petits enfants;
17 puis nous nous équiperons en hâte pour marcher devant les enfants d’Israël, jusqu’à ce que nous les ayons introduits dans le lieu qui leur est destiné; et nos petits enfants demeureront dans les villes fortes, à cause des habitants du pays.
18 Nous ne retournerons point dans nos maisons avant que les enfants d’Israël aient pris possession chacun de son héritage;
19 et nous ne posséderons rien avec eux de l’autre côté du Jourdain, ni plus loin, puisque nous aurons notre héritage de ce côté-ci du Jourdain, à l’orient.
20 Moïse leur dit: Si vous faites cela, si vous vous armez pour combattre devant l’Éternel,
21 si tous ceux de vous qui s’armeront passent le Jourdain devant l’Éternel jusqu’à ce qu’il ait chassé ses ennemis loin de sa face,
22 et si vous revenez seulement après que le pays aura été soumis devant l’Éternel, -vous serez alors sans reproche vis-à-vis de l’Éternel et vis-à-vis d’Israël, et cette contrée-ci sera votre propriété devant l’Éternel.
23 Mais si vous ne faites pas ainsi, vous péchez contre l’Éternel; sachez que votre péché vous atteindra.
24 Construisez des villes pour vos petits enfants et des parcs pour vos troupeaux, et faites ce que votre bouche a déclaré.
25 Les fils de Gad et les fils de Ruben dirent à Moïse: Tes serviteurs feront ce que mon seigneur ordonne.
26 Nos petits enfants, nos femmes, nos troupeaux et tout notre bétail, resteront dans les villes de Galaad;
27 et tes serviteurs, tous armés pour la guerre, iront combattre devant l’Éternel, comme dit mon seigneur.
28 Moïse donna des ordres à leur sujet au sacrificateur Éléazar, à Josué, fils de Nun, et aux chefs de famille dans les tribus des enfants d’Israël.
29 Il leur dit: Si les fils de Gad et les fils de Ruben passent avec vous le Jourdain, tous armés pour combattre devant l’Éternel, et que le pays soit soumis devant vous, vous leur donnerez en propriété la contrée de Galaad.
30 Mais s’ils ne marchent point en armes avec vous, qu’ils s’établissent au milieu de vous dans le pays de Canaan.
31 Les fils de Gad et les fils de Ruben répondirent: Nous ferons ce que l’Éternel a dit à tes serviteurs.
32 Nous passerons en armes devant l’Éternel au pays de Canaan; mais que nous possédions notre héritage de ce côté-ci du Jourdain.
33 Moïse donna aux fils de Gad et aux fils de Ruben, et à la moitié de la tribu de Manassé, fils de Joseph, le royaume de Sihon, roi des Amoréens, et le royaume d’Og, roi de Basan, le pays avec ses villes, avec les territoires des villes du pays tout alentour.
34 Les fils de Gad bâtirent Dibon, Atharoth, Aroër,
35 Athroth Schophan, Jaezer, Jogbeha,
36 Beth Nimra et Beth Haran, villes fortes, et ils firent des parcs pour les troupeaux.
37 Les fils de Ruben bâtirent Hesbon, Élealé et Kirjathaïm,
38 Nebo et Baal Meon, dont les noms furent changés, et Sibma, et ils donnèrent des noms aux villes qu’ils bâtirent.
39 Les fils de Makir, fils de Manassé, marchèrent contre Galaad, et s’en emparèrent; ils chassèrent les Amoréens qui y étaient.
40 Moïse donna Galaad à Makir, fils de Manassé, qui s’y établit.
41 Jaïr, fils de Manassé, se mit en marche, prit les bourgs, et les appela bourgs de Jaïr.
42 Nobach se mit en marche, prit Kenath avec les villes de son ressort, et l’appela Nobach, d’après son nom.
Louis Segond {LSG}

Numbers 32

1 Now the children of Reuben and the children of Gad had a very great multitude of cattle: and when they saw the land of Jazer, and the land of Gilead, that, behold, the place was a place for cattle;
The children of Gad and the children of Reuben came and spake unto Moses, and to Eleazar the priest, and unto the princes of the congregation, saying,
Ataroth, and Dibon, and Jazer, and Nimrah, and Heshbon, and Elealeh, and Shebam, and Nebo, and Beon,
Even the country which the Lord smote before the congregation of Israel, is a land for cattle, and thy servants have cattle:
Wherefore, said they, if we have found grace in thy sight, let this land be given unto thy servants for a possession, and bring us not over Jordan.
And Moses said unto the children of Gad and to the children of Reuben, Shall your brethren go to war, and shall ye sit here?
And wherefore discourage ye the heart of the children of Israel from going over into the land which the Lord hath given them?
Thus did your fathers, when I sent them from Kadeshbarnea to see the land.
For when they went up unto the valley of Eshcol, and saw the land, they discouraged the heart of the children of Israel, that they should not go into the land which the Lord had given them.
10 And the Lord‘S anger was kindled the same time, and he sware, saying,
11 Surely none of the men that came up out of Egypt, from twenty years old and upward, shall see the land which I sware unto Abraham, unto Isaac, and unto Jacob; because they have not wholly followed me:
12 Save Caleb the son of Jephunneh the Kenezite, and Joshua the son of Nun: for they have wholly followed the Lord.
13 And the Lord‘S anger was kindled against Israel, and he made them wander in the wilderness forty years, until all the generation, that had done evil in the sight of the Lord, was consumed.
14 And, behold, ye are risen up in your fathers’ stead, an increase of sinful men, to augment yet the fierce anger of the Lord toward Israel.
15 For if ye turn away from after him, he will yet again leave them in the wilderness; and ye shall destroy all this people.
16 And they came near unto him, and said, We will build sheepfolds here for our cattle, and cities for our little ones:
17 But we ourselves will go ready armed before the children of Israel, until we have brought them unto their place: and our little ones shall dwell in the fenced cities because of the inhabitants of the land.
18 We will not return unto our houses, until the children of Israel have inherited every man his inheritance.
19 For we will not inherit with them on yonder side Jordan, or forward; because our inheritance is fallen to us on this side Jordan eastward.
20 And Moses said unto them, If ye will do this thing, if ye will go armed before the Lord to war,
21 And will go all of you armed over Jordan before the Lord, until he hath driven out his enemies from before him,
22 And the land be subdued before the Lord: then afterward ye shall return, and be guiltless before the Lord, and before Israel; and this land shall be your possession before the Lord.
23 But if ye will not do so, behold, ye have sinned against the Lord: and be sure your sin will find you out.
24 Build you cities for your little ones, and folds for your sheep; and do that which hath proceeded out of your mouth.
25 And the children of Gad and the children of Reuben spake unto Moses, saying, Thy servants will do as my lord commandeth.
26 Our little ones, our wives, our flocks, and all our cattle, shall be there in the cities of Gilead:
27 But thy servants will pass over, every man armed for war, before the Lord to battle, as my lord saith.
28 So concerning them Moses commanded Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun, and the chief fathers of the tribes of the children of Israel:
29 And Moses said unto them, If the children of Gad and the children of Reuben will pass with you over Jordan, every man armed to battle, before the Lord, and the land shall be subdued before you; then ye shall give them the land of Gilead for a possession:
30 But if they will not pass over with you armed, they shall have possessions among you in the land of Canaan.
31 And the children of Gad and the children of Reuben answered, saying, As the Lord hath said unto thy servants, so will we do.
32 We will pass over armed before the Lord into the land of Canaan, that the possession of our inheritance on this side Jordan may be our’s.
33 And Moses gave unto them, even to the children of Gad, and to the children of Reuben, and unto half the tribe of Manasseh the son of Joseph, the kingdom of Sihon king of the Amorites, and the kingdom of Og king of Bashan, the land, with the cities thereof in the coasts, even the cities of the country round about.
34 And the children of Gad built Dibon, and Ataroth, and Aroer,
35 And Atroth, Shophan, and Jaazer, and Jogbehah,
36 And Bethnimrah, and Bethharan, fenced cities: and folds for sheep.
37 And the children of Reuben built Heshbon, and Elealeh, and Kirjathaim,
38 And Nebo, and Baalmeon, (their names being changed,) and Shibmah: and gave other names unto the cities which they builded.
39 And the children of Machir the son of Manasseh went to Gilead, and took it, and dispossessed the Amorite which was in it.
40 And Moses gave Gilead unto Machir the son of Manasseh; and he dwelt therein.
41 And Jair the son of Manasseh went and took the small towns thereof, and called them Havothjair.
42 And Nobah went and took Kenath, and the villages thereof, and called it Nobah, after his own name.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}