Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 38  

1 Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l’ konsa:
-Kisa ou ye menm pou w’ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?
Mete gason sou ou! M’ pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
 Kote ou te ye lè m’ t’ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
Ki moun ki te deside lajè l’ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l’? Eske ou konn sa?
Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l’ la?
Jou maten sa a, tout zetwal yo t’ap chante, tout sèvitè Bondye yo t’ap bat bravo.
Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?
Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l’ nan gwo nwaj nwa yo,
10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l’ nan plas li.
11 Mwen di l’: Men limit ou. Pa depase l’. Se la m’ap kraze fòs lanm ou yo.
12  Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?
13 Eske ou janm bay devanjou l’ lòd pou l’ klere sou tout latè, l’ pou l’ fè mechan yo soti nan twou yo?
14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.
15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.
16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?
17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?
18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!
19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,
20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?
21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t’ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!
22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?
23 Ou konnen depo kote m’ sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?
24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l’ soufle sou latè?
25  Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,
26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,
27 pou wouze tè sèk k’ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?
28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?
29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l’?
30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?
31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?
33 Ou konnen lwa k’ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k’ap pase sou latè?
34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?
35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y’ap reponn ou: Wi, men nou?
36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?
37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,
38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?
39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?
41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m’ pou m’ ba yo manje?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 38

 L’Éternel répondit à Job du milieu de la tempête et dit:
Qui est celui qui obscurcit mes desseins Par des discours sans intelligence?
Ceins tes reins comme un vaillant homme; Je t’interrogerai, et tu m’instruiras.
Où étais-tu quand je fondais la terre? Dis-le, si tu as de l’intelligence.
Qui en a fixé les dimensions, le sais-tu? Ou qui a étendu sur elle le cordeau?
Sur quoi ses bases sont-elles appuyées? Ou qui en a posé la pierre angulaire,
Alors que les étoiles du matin éclataient en chants d’allégresse, Et que tous les fils de Dieu poussaient des cris de joie?
Qui a fermé la mer avec des portes, Quand elle s’élança du sein maternel;
Quand je fis de la nuée son vêtement, Et de l’obscurité ses langes;
10 Quand je lui imposai ma loi, Et que je lui mis des barrières et des portes;
11 Quand je dis: Tu viendras jusqu’ici, tu n’iras pas au delà; Ici s’arrêtera l’orgueil de tes flots?
12 Depuis que tu existes, as-tu commandé au matin? As-tu montré sa place à l’aurore,
13 Pour qu’elle saisisse les extrémités de la terre, Et que les méchants en soient secoués;
14 Pour que la terre se transforme comme l’argile qui reçoit une empreinte, Et qu’elle soit parée comme d’un vêtement;
15 Pour que les méchants soient privés de leur lumière, Et que le bras qui se lève soit brisé?
16 As-tu pénétré jusqu’aux sources de la mer? T’es-tu promené dans les profondeurs de l’abîme?
17 Les portes de la mort t’ont-elles été ouvertes? As-tu vu les portes de l’ombre de la mort?
18 As-tu embrassé du regard l’étendue de la terre? Parle, si tu sais toutes ces choses.
19 Où est le chemin qui conduit au séjour de la lumière? Et les ténèbres, où ont-elles leur demeure?
20 Peux-tu les saisir à leur limite, Et connaître les sentiers de leur habitation?
21 Tu le sais, car alors tu étais né, Et le nombre de tes jours est grand!
22 Es-tu parvenu jusqu’aux amas de neige? As-tu vu les dépôts de grêle,
23 Que je tiens en réserve pour les temps de détresse, Pour les jours de guerre et de bataille?
24 Par quel chemin la lumière se divise-t-elle, Et le vent d’orient se répand-il sur la terre?
25 Qui a ouvert un passage à la pluie, Et tracé la route de l’éclair et du tonnerre,
26 Pour que la pluie tombe sur une terre sans habitants, Sur un désert où il n’y a point d’hommes;
27 Pour qu’elle abreuve les lieux solitaires et arides, Et qu’elle fasse germer et sortir l’herbe?
28 La pluie a-t-elle un père? Qui fait naître les gouttes de la rosée?
29 Du sein de qui sort la glace, Et qui enfante le frimas du ciel,
30 Pour que les eaux se cachent comme une pierre, Et que la surface de l’abîme soit enchaînée?
31 Noues-tu les liens des Pléiades, Ou détaches-tu les cordages de l’Orion?
32 Fais-tu paraître en leur temps les signes du zodiaque, Et conduis-tu la Grande Ourse avec ses petits?
33 Connais-tu les lois du ciel? Règles-tu son pouvoir sur la terre?
34 Élèves-tu la voix jusqu’aux nuées, Pour appeler à toi des torrents d’eaux?
35 Lances-tu les éclairs? Partent-ils? Te disent-ils: Nous voici?
36 Qui a mis la sagesse dans le coeur, Ou qui a donné l’intelligence à l’esprit?
37 Qui peut avec sagesse compter les nuages, Et verser les outres des cieux,
38 Pour que la poussière se mette à ruisseler, Et que les mottes de terre se collent ensemble?
39 (39:1) Chasses-tu la proie pour la lionne, Et apaises-tu la faim des lionceaux,
40 (39:2) Quand ils sont couchés dans leur tanière, Quand ils sont en embuscade dans leur repaire?
41 (39:3) Qui prépare au corbeau sa pâture, Quand ses petits crient vers Dieu, Quand ils sont errants et affamés?
Louis Segond {LSG}

Job 38   

Then the Lord answered Job out of the whirlwind, and said,
Who is this that darkeneth counsel by words without knowledge?
Gird up now thy loins like a man; for I will demand of thee, and answer thou me.
Where wast thou when I laid the foundations of the earth? declare, if thou hast understanding.
Who hath laid the measures thereof, if thou knowest? or who hath stretched the line upon it?
Whereupon are the foundations thereof fastened? or who laid the corner stone thereof;
When the morning stars sang together, and all the sons of God shouted for joy?
Or who shut up the sea with doors, when it brake forth, as if it had issued out of the womb?
When I made the cloud the garment thereof, and thick darkness a swaddlingband for it,
10 And brake up for it my decreed place, and set bars and doors,
11 And said, Hitherto shalt thou come, but no further: and here shall thy proud waves be stayed?
12 Hast thou commanded the morning since thy days; and caused the dayspring to know his place;
13 That it might take hold of the ends of the earth, that the wicked might be shaken out of it?
14 It is turned as clay to the seal; and they stand as a garment.
15 And from the wicked their light is withholden, and the high arm shall be broken.
16 Hast thou entered into the springs of the sea? or hast thou walked in the search of the depth?
17 Have the gates of death been opened unto thee? or hast thou seen the doors of the shadow of death?
18 Hast thou perceived the breadth of the earth? declare if thou knowest it all.
19 Where is the way where light dwelleth? and as for darkness, where is the place thereof,
20 That thou shouldest take it to the bound thereof, and that thou shouldest know the paths to the house thereof?
21 Knowest thou it, because thou wast then born? or because the number of thy days is great?
22 Hast thou entered into the treasures of the snow? or hast thou seen the treasures of the hail,
23 Which I have reserved against the time of trouble, against the day of battle and war?
24 By what way is the light parted, which scattereth the east wind upon the earth?
25 Who hath divided a watercourse for the overflowing of waters, or a way for the lightning of thunder;
26 To cause it to rain on the earth, where no man is; on the wilderness, wherein there is no man;
27 To satisfy the desolate and waste ground; and to cause the bud of the tender herb to spring forth?
28 Hath the rain a father? or who hath begotten the drops of dew?
29 Out of whose womb came the ice? and the hoary frost of heaven, who hath gendered it?
30 The waters are hid as with a stone, and the face of the deep is frozen.
31 Canst thou bind the sweet influences of Pleiades, or loose the bands of Orion?
32 Canst thou bring forth Mazzaroth in his season? or canst thou guide Arcturus with his sons?
33 Knowest thou the ordinances of heaven? canst thou set the dominion thereof in the earth?
34 Canst thou lift up thy voice to the clouds, that abundance of waters may cover thee?
35 Canst thou send lightnings, that they may go and say unto thee, Here we are?
36 Who hath put wisdom in the inward parts? or who hath given understanding to the heart?
37 Who can number the clouds in wisdom? or who can stay the bottles of heaven,
38 When the dust groweth into hardness, and the clods cleave fast together?
39 Wilt thou hunt the prey for the lion? or fill the appetite of the young lions,
40 When they couch in their dens, and abide in the covert to lie in wait?
41 Who provideth for the raven his food? when his young ones cry unto God, they wander for lack of meat.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}