Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 14   

1 Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l’:
-Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!
Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.
Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.
Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje.
Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y’ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje.
Pèp la ap rele nan pye Bondye, y’ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.
Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k’ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?
Poukisa w’ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou!
10  Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M’ pa kontan ak yo. M’ap chonje tout mal yo fè, m’ap pini yo pou tout peche yo fè.
11 Apre sa, Seyè a di m’ konsa: -Pa vin mande m’ pou m’ fè anyen pou pèp sa a.
12 Yo te mèt fè jèn, mwen p’ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k’ap fè m’ kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
13 Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p’ap gen lagè, grangou p’ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y’ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.
14 Men, Seyè a reponn, li di m’ konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m’ pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l’. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.
15 Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t’ janm voye yo men ki pran non l’ pou di pèp la p’ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
16 Moun yo t’ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P’ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m’ap fè yo peye mechanste yo.
17  Men sa w’a di yo ankò: -Se pou je m’ koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l’ap soufri rèd soufri.
18 Lè m’ soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m’ antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y’ap fè.
19 Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t’ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t’ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd.
20 Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.
21 Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l’. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.
22 Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l’ pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 14

1 La parole qui fut adressée à Jérémie par l’Éternel, à l’occasion de la sécheresse.
Juda est dans le deuil, Ses villes sont désolées, tristes, abattues, Et les cris de Jérusalem s’élèvent.
Les grands envoient les petits chercher de l’eau, Et les petits vont aux citernes, ne trouvent point d’eau, Et retournent avec leurs vases vides; Confus et honteux, ils se couvrent la tête.
La terre est saisie d’épouvante, Parce qu’il ne tombe point de pluie dans le pays, Et les laboureurs confus se couvrent la tête.
Même la biche dans la campagne Met bas et abandonne sa portée, Parce qu’il n’y a point de verdure.
Les ânes sauvages se tiennent sur les lieux élevés, Aspirant l’air comme des serpents; Leurs yeux languissent, parce qu’il n’y a point d’herbe.
Si nos iniquités témoignent contre nous, Agis à cause de ton nom, ô Éternel! Car nos infidélités sont nombreuses, Nous avons péché contre toi.
Toi qui es l’espérance d’Israël, Son sauveur au temps de la détresse, Pourquoi serais-tu comme un étranger dans le pays, Comme un voyageur qui y entre pour passer la nuit?
Pourquoi serais-tu comme un homme stupéfait, Comme un héros incapable de nous secourir? Tu es pourtant au milieu de nous, ô Éternel, Et ton nom est invoqué sur nous: Ne nous abandonne pas!
10 Voici ce que l’Éternel dit de ce peuple: Ils aiment à courir çà et là, Ils ne savent retenir leurs pieds; L’Éternel n’a point d’attachement pour eux, Il se souvient maintenant de leurs crimes, Et il châtie leurs péchés.
11 Et l’Éternel me dit: N’intercède pas en faveur de ce peuple.
12 S’ils jeûnent, je n’écouterai pas leurs supplications; S’ils offrent des holocaustes et des offrandes, je ne les agréerai pas; Car je veux les détruire par l’épée, par la famine et par la peste.
13 Je répondis: Ah! Seigneur Éternel! Voici, les prophètes leur disent: Vous ne verrez point d’épée, Vous n’aurez point de famine; Mais je vous donnerai dans ce lieu une paix assurée.
14 Et l’Éternel me dit: C’est le mensonge que prophétisent en mon nom les prophètes; Je ne les ai point envoyés, je ne leur ai point donné d’ordre, Je ne leur ai point parlé; Ce sont des visions mensongères, de vaines prédictions, Des tromperies de leur coeur, qu’ils vous prophétisent.
15 C’est pourquoi ainsi parle l’Éternel Sur les prophètes qui prophétisent en mon nom, Sans que je les aie envoyés, Et qui disent: Il n’y aura dans ce pays ni épée ni famine: Ces prophètes périront par l’épée et par la famine.
16 Et ceux à qui ils prophétisent Seront étendus dans les rues de Jérusalem, Par la famine et par l’épée; Il n’y aura personne pour leur donner la sépulture, Ni à eux, ni à leurs femmes, ni à leurs fils, ni à leurs filles; Je répandrai sur eux leur méchanceté.
17 Dis-leur cette parole: Les larmes coulent de mes yeux nuit et jour, Et elles ne s’arrêtent pas; Car la vierge, fille de mon peuple, a été frappée d’un grand coup, D’une plaie très douloureuse.
18 Si je vais dans les champs, voici des hommes que le glaive a percés; Si j’entre dans la ville, voici des êtres que consume la faim; Le prophète même et le sacrificateur parcourent le pays, Sans savoir où ils vont.
19 As-tu donc rejeté Juda, Et ton âme a-t-elle pris Sion en horreur? Pourquoi nous frappes-tu Sans qu’il y ait pour nous de guérison? Nous espérions la paix, et il n’arrive rien d’heureux, Un temps de guérison, et voici la terreur!
20 Éternel, nous reconnaissons notre méchanceté, l’iniquité de nos pères; Car nous avons péché contre toi.
21 A cause de ton nom, ne méprise pas, Ne déshonore pas le trône de ta gloire! N’oublie pas, ne romps pas ton alliance avec nous!
22 Parmi les idoles des nations, en est-il qui fassent pleuvoir? Ou est-ce le ciel qui donne la pluie? N’est-ce pas toi, Éternel, notre Dieu? Nous espérons en toi, Car c’est toi qui as fait toutes ces choses.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 14 

1 The word of the Lord that came to Jeremiah concerning the dearth.
Judah mourneth, and the gates thereof languish; they are black unto the ground; and the cry of Jerusalem is gone up.
And their nobles have sent their little ones to the waters: they came to the pits, and found no water; they returned with their vessels empty; they were ashamed and confounded, and covered their heads.
Because the ground is chapt, for there was no rain in the earth, the plowmen were ashamed, they covered their heads.
Yea, the hind also calved in the field, and forsook it, because there was no grass.
And the wild asses did stand in the high places, they snuffed up the wind like dragons; their eyes did fail, because there was no grass.
Lord, though our iniquities testify against us, do thou it for thy name’s sake: for our backslidings are many; we have sinned against thee.
O the hope of Israel, the saviour thereof in time of trouble, why shouldest thou be as a stranger in the land, and as a wayfaring man that turneth aside to tarry for a night?
Why shouldest thou be as a man astonied, as a mighty man that cannot save? yet thou, O Lord, art in the midst of us, and we are called by thy name; leave us not.
10 Thus saith the Lord unto this people, Thus have they loved to wander, they have not refrained their feet, therefore the Lord doth not accept them; he will now remember their iniquity, and visit their sins.
11 Then said the Lord unto me, Pray not for this people for their good.
12 When they fast, I will not hear their cry; and when they offer burnt offering and an oblation, I will not accept them: but I will consume them by the sword, and by the famine, and by the pestilence.
13 Then said I, Ah, Lord God! behold, the prophets say unto them, Ye shall not see the sword, neither shall ye have famine; but I will give you assured peace in this place.
14 Then the Lord said unto me, The prophets prophesy lies in my name: I sent them not, neither have I commanded them, neither spake unto them: they prophesy unto you a false vision and divination, and a thing of nought, and the deceit of their heart.
15 Therefore thus saith the Lord concerning the prophets that prophesy in my name, and I sent them not, yet they say, Sword and famine shall not be in this land; By sword and famine shall those prophets be consumed.
16 And the people to whom they prophesy shall be cast out in the streets of Jerusalem because of the famine and the sword; and they shall have none to bury them, them, their wives, nor their sons, nor their daughters: for I will pour their wickedness upon them.
17 Therefore thou shalt say this word unto them; Let mine eyes run down with tears night and day, and let them not cease: for the virgin daughter of my people is broken with a great breach, with a very grievous blow.
18 If I go forth into the field, then behold the slain with the sword! and if I enter into the city, then behold them that are sick with famine! yea, both the prophet and the priest go about into a land that they know not.
19 Hast thou utterly rejected Judah? hath thy soul lothed Zion? why hast thou smitten us, and there is no healing for us? we looked for peace, and there is no good; and for the time of healing, and behold trouble!
20 We acknowledge, O Lord, our wickedness, and the iniquity of our fathers: for we have sinned against thee.
21 Do not abhor us, for thy name’s sake, do not disgrace the throne of thy glory: remember, break not thy covenant with us.
22 Are there any among the vanities of the Gentiles that can cause rain? or can the heavens give showers? art not thou he, O Lord our God? therefore we will wait upon thee: for thou hast made all these things.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}