Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 38

1 Lè sa a, Jida kite frè l’ yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.
Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l’.
Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er.
Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l’ Onan.
Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l’ Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela.
Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l’ lan.
Men Er, premye pitit Jida a, pa t’ fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l’ mouri.
Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l’. Se devwa ou, paske ou se frè mari l’ ki mouri. Konsa, w’a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.
Men Onan te konnen pitit la pa t’ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t’ fè pitit pou frè li a.
10 Sa l’ t’ap fè a pa t’ fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l’ mouri tou.
11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m’ lan, vin gran. Li te di l’ sa paske li te pè pou Chela pa t’ mouri tankou frè l’ yo. Tama menm tounen rete kay papa l’.
12  Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l’ te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l’ lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t’ap taye lenn mouton l’ yo pou li.
13 Yo fè Tama konn sa, yo di l’: -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l’ fè taye lenn mouton li yo.
14 Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t’ pran l’ bay Chela pou madanm.
15 Lè Jida wè l’, li konprann se te yon jennès, paske figi l’ te kouvri.
16 li al jwenn li bò chemen an, li di l’: -vin non. Kite m’ kouche avè ou. Li pa t’ konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w’ap ban mwen pou m’ kite ou kouche avè m’.
17 Jida reponn li: -m’a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w’a ban m’ kenbe jouk ou voye l’ ban mwen.
18 Jida reponn li: -Kisa ou vle m’ ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li.
19 Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò.
20 Jida voye zanmi l’, moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l’ te ka reprann sa l’ te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l’ lan pa t’ kapab jwenn fanm lan.
21 Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la.
22 Li tounen al jwenn Jida, li di l’: -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m’ pa janm gen ankenn jennès bò la.
23 Jida di l’: -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l’ lan. Moun va pase m’ nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!
24  Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l’ nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l’, mennen l’ deyò lavil la. Mete dife anwo l’ jouk li mouri.
25 Yo t’ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a?
26 Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l’ marye ak Chela, pitit gason m’ lan. Jida pa t’ kouche avè l’ ankò.
27 Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li.
28 Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l’ deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l’. Li di: -Sa a fèt anvan.
29 Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l’ Perèz.
30 Apre sa, frè li a soti ak fil wouj la mare nan men l’. Yo rele l’ Zerak.
Kreyol / Français / English

Genèse 38

1 En ce temps-là, Juda s’éloigna de ses frères, et se retira vers un homme d’Adullam, nommé Hira.
Là, Juda vit la fille d’un Cananéen, nommé Schua; il la prit pour femme, et alla vers elle.
Elle devint enceinte, et enfanta un fils, qu’elle appela Er.
Elle devint encore enceinte, et enfanta un fils, qu’elle appela Onan.
Elle enfanta de nouveau un fils, qu’elle appela Schéla; Juda était à Czib quand elle l’enfanta.
Juda prit pour Er, son premier-né, une femme nommée Tamar.
Er, premier-né de Juda, était méchant aux yeux de l’Éternel; et l’Éternel le fit mourir.
Alors Juda dit à Onan: Va vers la femme de ton frère, prends-la, comme beau-frère, et suscite une postérité à ton frère.
Onan, sachant que cette postérité ne serait pas à lui, se souillait à terre lorsqu’il allait vers la femme de son frère, afin de ne pas donner de postérité à son frère.
10 Ce qu’il faisait déplut à l’Éternel, qui le fit aussi mourir.
11 Alors Juda dit à Tamar, sa belle-fille: Demeure veuve dans la maison de ton père, jusqu’à ce que Schéla, mon fils, soit grand. Il parlait ainsi dans la crainte que Schéla ne mourût comme ses frères. Tamar s’en alla, et elle habita dans la maison de son père.
12 Les jours s’écoulèrent, et la fille de Schua, femme de Juda, mourut. Lorsque Juda fut consolé, il monta à Thimna, vers ceux qui tondaient ses brebis, lui et son ami Hira, l’Adullamite.
13 On en informa Tamar, et on lui dit: Voici ton beau-père qui monte à Thimna, pour tondre ses brebis.
14 Alors elle ôta ses habits de veuve, elle se couvrit d’un voile et s’enveloppa, et elle s’assit à l’entrée d’Énaïm, sur le chemin de Thimna; car elle voyait que Schéla était devenu grand, et qu’elle ne lui était point donnée pour femme.
15 Juda la vit, et la prit pour une prostituée, parce qu’elle avait couvert son visage.
16 Il l’aborda sur le chemin, et dit: Laisse-moi aller vers toi. Car il ne connut pas que c’était sa belle-fille. Elle dit: Que me donneras-tu pour venir vers moi?
17 Il répondit: Je t’enverrai un chevreau de mon troupeau. Elle dit: Me donneras-tu un gage, jusqu’à ce que tu l’envoies?
18 Il répondit: Quel gage te donnerai-je? Elle dit: Ton cachet, ton cordon, et le bâton que tu as à la main. Il les lui donna. Puis il alla vers elle; et elle devint enceinte de lui.
19 Elle se leva, et s’en alla; elle ôta son voile, et remit ses habits de veuve.
20 Juda envoya le chevreau par son ami l’Adullamite, pour retirer le gage des mains de la femme. Mais il ne la trouva point.
21 Il interrogea les gens du lieu, en disant: Où est cette prostituée qui se tenait à Énaïm, sur le chemin? Ils répondirent: Il n’y a point eu ici de prostituée.
22 Il retourna auprès de Juda, et dit: Je ne l’ai pas trouvée, et même les gens du lieu ont dit: Il n’y a point eu ici de prostituée.
23 Juda dit: Qu’elle garde ce qu’elle a! Ne nous exposons pas au mépris. Voici, j’ai envoyé ce chevreau, et tu ne l’as pas trouvée.
24 Environ trois mois après, on vint dire à Juda: Tamar, ta belle-fille, s’est prostituée, et même la voilà enceinte à la suite de sa prostitution. Et Juda dit: Faites-la sortir, et qu’elle soit brûlée.
25 Comme on l’amenait dehors, elle fit dire à son beau-père: C’est de l’homme à qui ces choses appartiennent que je suis enceinte; reconnais, je te prie, à qui sont ce cachet, ces cordons et ce bâton.
26 Juda les reconnut, et dit: Elle est moins coupable que moi, puisque je ne l’ai pas donnée à Schéla, mon fils. Et il ne la connut plus.
27 Quand elle fut au moment d’accoucher, voici, il y avait deux jumeaux dans son ventre.
28 Et pendant l’accouchement il y en eut un qui présenta la main; la sage-femme la prit, et y attacha un fil cramoisi, en disant: Celui-ci sort le premier.
29 Mais il retira la main, et son frère sortit. Alors la sage-femme dit: Quelle brèche tu as faite! Et elle lui donna le nom de Pérets.
30 Ensuite sortit son frère, qui avait à la main le fil cramoisi; et on lui donna le nom de Zérach.
Kreyol / Français / English

Genesis 38

1 And it came to pass at that time, that Judah went down from his brethren, and turned in to a certain Adullamite, whose name was Hirah.
And Judah saw there a daughter of a certain Canaanite, whose name was Shuah; and he took her, and went in unto her.
And she conceived, and bare a son; and he called his name Er.
And she conceived again, and bare a son; and she called his name Onan.
And she yet again conceived, and bare a son; and called his name Shelah: and he was at Chezib, when she bare him.
And Judah took a wife for Er his firstborn, whose name was Tamar.
And Er, Judah’s firstborn, was wicked in the sight of the Lord; and the Lord slew him.
And Judah said unto Onan, Go in unto thy brother’s wife, and marry her, and raise up seed to thy brother.
And Onan knew that the seed should not be his; and it came to pass, when he went in unto his brother’s wife, that he spilled it on the ground, lest that he should give seed to his brother.
10 And the thing which he did displeased the Lord: wherefore he slew him also.
11 Then said Judah to Tamar his daughter in law, Remain a widow at thy father’s house, till Shelah my son be grown: for he said, Lest peradventure he die also, as his brethren did. And Tamar went and dwelt in her father’s house.
12 And in process of time the daughter of Shuah Judah’s wife died; and Judah was comforted, and went up unto his sheepshearers to Timnath, he and his friend Hirah the Adullamite.
13 And it was told Tamar, saying, Behold thy father in law goeth up to Timnath to shear his sheep.
14 And she put her widow’s garments off from her, and covered her with a vail, and wrapped herself, and sat in an open place, which is by the way to Timnath; for she saw that Shelah was grown, and she was not given unto him to wife.
15 When Judah saw her, he thought her to be an harlot; because she had covered her face.
16 And he turned unto her by the way, and said, Go to, I pray thee, let me come in unto thee; (for he knew not that she was his daughter in law.) And she said, What wilt thou give me, that thou mayest come in unto me?
17 And he said, I will send thee a kid from the flock. And she said, Wilt thou give me a pledge, till thou send it?
18 And he said, What pledge shall I give thee? And she said, Thy signet, and thy bracelets, and thy staff that is in thine hand. And he gave it her, and came in unto her, and she conceived by him.
19 And she arose, and went away, and laid by her vail from her, and put on the garments of her widowhood.
20 And Judah sent the kid by the hand of his friend the Adullamite, to receive his pledge from the woman’s hand: but he found her not.
21 Then he asked the men of that place, saying, Where is the harlot, that was openly by the way side? And they said, There was no harlot in this place.
22 And he returned to Judah, and said, I cannot find her; and also the men of the place said, that there was no harlot in this place.
23 And Judah said, Let her take it to her, lest we be shamed: behold, I sent this kid, and thou hast not found her.
24 And it came to pass about three months after, that it was told Judah, saying, Tamar thy daughter in law hath played the harlot; and also, behold, she is with child by whoredom. And Judah said, Bring her forth, and let her be burnt.
25 When she was brought forth, she sent to her father in law, saying, By the man, whose these are, am I with child: and she said, Discern, I pray thee, whose are these, the signet, and bracelets, and staff.
26 And Judah acknowledged them, and said, She hath been more righteous than I; because that I gave her not to Shelah my son. And he knew her again no more.
27 And it came to pass in the time of her travail, that, behold, twins were in her womb.
28 And it came to pass, when she travailed, that the one put out his hand: and the midwife took and bound upon his hand a scarlet thread, saying, This came out first.
29 And it came to pass, as he drew back his hand, that, behold, his brother came out: and she said, How hast thou broken forth? this breach be upon thee: therefore his name was called Pharez.
30 And afterward came out his brother, that had the scarlet thread upon his hand: and his name was called Zarah.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}