Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 20            

Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan; li t’ap moutre pèp la anpil bagay; li t’ap anonse yo bon nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive.
Yo di li: Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w’ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
Jezi reponn yo: Mwen pral poze nou yon keksyon, mwen menm tou.
Di mwen kilès ki te voye Jan Batis batize moun: Bondye osinon lèzòm?
Men, yonn t’ap di lòt: Si nou reponn se Bondye ki voye l’, la mande nou poukisa nou pa t’ kwè li.
Si nou reponn se lèzòm ki voye l’, tout pèp la va touye nou ak kout wòch, paske yo tout te gen konviksyon Jan Batis te yon pwofèt.
Lè sa a yo reponn li: Nou pa konn ki moun ki te voye l’ batize.
Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p’ap di nou avèk ki otorite m’ap fè bagay sa yo.
 Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, li al fè lontan deyò.
10 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t’ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l’ nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l’ tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l’ anyen.
11 Mèt jaden an voye yon lòt domestik kote yo ankò. Men, yo bat li byen bat, yo joure l’ byen joure, epi yo voye l’ tounen san yo pa ba l’ anyen.
12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik. Fwa sa a, yo blese l’, yo mete l’ deyò.
13 Lè sa a, mèt jaden an di: Kisa pou m’ fè? Bon, mwen pral voye pitit gason mwen renmen anpil la. Omwens y’a gen respè pou li.
14 Men, lè kiltivatè yo wè pitit mèt jaden an, yonn di lòt: Men eritye a! Ann touye l’, konsa jaden an va rete pou nou.
15 Yo jete l’ deyò jaden an, yo touye li. Atò, kisa mèt jaden an pral fè yo?
16 L’ap vini, l’ap fè touye tout kiltivatè yo, epi l’ap bay lòt moun jaden rezen an. Lè pèp la tande sa, yo di: Mande Bondye padon!
17 Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t’ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
18 Tout moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren yo. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, li gen pou l’ kraze moun lan an miyèt moso.
19 Menm lè a, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t’ap chache mete men sou li, paske yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Men, yo te pè pèp la.
20 Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l’ nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.
21 Espyon yo poze l’ keksyon sa a: Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a.
22 Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
23 Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo:
24 Moutre m’ yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza.
25 Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye.
26 Yo pa t’ kapab jwenn anyen ki mal nan sa l’ t’ap di devan pèp la. Okontrè, pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Yo fèmen bouch yo san di yon mo.
27  Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve ankò. Gen kèk ladan yo ki vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l’ konsa:
28 Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l’ gen yon frè, frè a gen pou l’ marye avèk madanm defen an pou l’ sa fè pitit pou frè l’ ki mouri a.
29 Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l’ pa kite pitit.
30 Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l’ tou.
31 Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit.
32 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l’ tou.
33 Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm?
34 Jezi reponn yo: Isit sou latè, fanm ak gason nan marye.
35 Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k’ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò.
36 Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.
37 Wi, moun mouri gen pou yo leve. Se Moyiz menm ki moutre nou sa, lè bò ti touf bwa a, li te rele Bondye: Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb.
38 Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri, paske pou li tout moun vivan.
39  Lè sa a, kèk dirèktè lalwa pran lapawòl, yo di: Mèt, ou byen pale.
40 Apre sa, yo pa t’ gen odas poze l’ ankenn lòt keksyon.
41 Jezi di yo: Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?
42 Men, sa David menm te di nan liv Sòm yo: Bondye Mèt la te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen,
43 jouk tan mwen fè lènmi yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
44 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit li?
45 Lè sa a, tout pèp la t’ap koute Jezi. Li di disip li yo:
46 Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo; yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik; lè y’ al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo; nan resepsyon yo chache pi bon plas la.
47 Se piye y’ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y’ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 20            

1 Un de ces jours-là, comme Jésus enseignait le peuple dans le temple et qu’il annonçait la bonne nouvelle, les principaux sacrificateurs et les scribes, avec les anciens, survinrent,
et lui dirent: Dis-nous, par quelle autorité fais-tu ces choses, ou qui est celui qui t’a donné cette autorité?
Il leur répondit: Je vous adresserai aussi une question.
Dites-moi, le baptême de Jean venait-il du ciel, ou des hommes?
Mais ils raisonnèrent ainsi entre eux: Si nous répondons: Du ciel, il dira: Pourquoi n’avez-vous pas cru en lui?
Et si nous répondons: Des hommes, tout le peuple nous lapidera, car il est persuadé que Jean était un prophète.
Alors ils répondirent qu’ils ne savaient d’où il venait.
Et Jésus leur dit: Moi non plus, je ne vous dirai pas par quelle autorité je fais ces choses.
Il se mit ensuite à dire au peuple cette parabole: Un homme planta une vigne, l’afferma à des vignerons, et quitta pour longtemps le pays.
10 Au temps de la récolte, il envoya un serviteur vers les vignerons, pour qu’ils lui donnent une part du produit de la vigne. Les vignerons le battirent, et le renvoyèrent à vide.
11 Il envoya encore un autre serviteur; ils le battirent, l’outragèrent, et le renvoyèrent à vide.
12 Il en envoya encore un troisième; ils le blessèrent, et le chassèrent.
13 Le maître de la vigne dit: Que ferai-je? J’enverrai mon fils bien-aimé; peut-être auront-ils pour lui du respect.
14 Mais, quand les vignerons le virent, ils raisonnèrent entre eux, et dirent: Voici l’héritier; tuons-le, afin que l’héritage soit à nous.
15 Et ils le jetèrent hors de la vigne, et le tuèrent. Maintenant, que leur fera le maître de la vigne?
16 Il viendra, fera périr ces vignerons, et il donnera la vigne à d’autres. Lorsqu’ils eurent entendu cela, ils dirent: A Dieu ne plaise!
17 Mais, jetant les regards sur eux, Jésus dit: Que signifie donc ce qui est écrit: La pierre qu’ont rejetée ceux qui bâtissaient Est devenue la principale de l’angle?
18 Quiconque tombera sur cette pierre s’y brisera, et celui sur qui elle tombera sera écrasé.
19 Les principaux sacrificateurs et les scribes cherchèrent à mettre la main sur lui à l’heure même, mais ils craignirent le peuple. Ils avaient compris que c’était pour eux que Jésus avait dit cette parabole.
20 Ils se mirent à observer Jésus; et ils envoyèrent des gens qui feignaient d’être justes, pour lui tendre des pièges et saisir de lui quelque parole, afin de le livrer au magistrat et à l’autorité du gouverneur.
21 Ces gens lui posèrent cette question: Maître, nous savons que tu parles et enseignes droitement, et que tu ne regardes pas à l’apparence, mais que tu enseignes la voie de Dieu selon la vérité.
22 Nous est-il permis, ou non, de payer le tribut à César?
23 Jésus, apercevant leur ruse, leur répondit: Montrez-moi un denier.
24 De qui porte-t-il l’effigie et l’inscription? De César, répondirent-ils.
25 Alors il leur dit: Rendez donc à César ce qui est à César, et à Dieu ce qui est à Dieu.
26 Ils ne purent rien reprendre dans ses paroles devant le peuple; mais, étonnés de sa réponse, ils gardèrent le silence.
27 Quelques-uns des sadducéens, qui disent qu’il n’y a point de résurrection, s’approchèrent, et posèrent à Jésus cette question:
28 Maître, voici ce que Moïse nous a prescrit: Si le frère de quelqu’un meurt, ayant une femme sans avoir d’enfants, son frère épousera la femme, et suscitera une postérité à son frère.
29 Or, il y avait sept frères. Le premier se maria, et mourut sans enfants.
30 Le second et le troisième épousèrent la veuve;
31 il en fut de même des sept, qui moururent sans laisser d’enfants.
32 Enfin, la femme mourut aussi.
33 A la résurrection, duquel d’entre eux sera-t-elle donc la femme? Car les sept l’ont eue pour femme.
34 Jésus leur répondit: Les enfants de ce siècle prennent des femmes et des maris;
35 mais ceux qui seront trouvés dignes d’avoir part au siècle à venir et à la résurrection des morts ne prendront ni femmes ni maris.
36 Car ils ne pourront plus mourir, parce qu’ils seront semblables aux anges, et qu’ils seront fils de Dieu, étant fils de la résurrection.
37 Que les morts ressuscitent, c’est ce que Moïse a fait connaître quand, à propos du buisson, il appelle le Seigneur le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac, et le Dieu de Jacob.
38 Or, Dieu n’est pas Dieu des morts, mais des vivants; car pour lui tous sont vivants.
39 Quelques-uns des scribes, prenant la parole, dirent: Maître, tu as bien parlé.
40 Et ils n’osaient plus lui faire aucune question.
41 Jésus leur dit: Comment dit-on que le Christ est fils de David?
42 David lui-même dit dans le livre des Psaumes: Le Seigneur a dit à mon Seigneur: Assieds-toi à ma droite,
43 Jusqu’à ce que je fasse de tes ennemis ton marchepied.
44 David donc l’appelle Seigneur; comment est-il son fils?
45 Tandis que tout le peuple l’écoutait, il dit à ses disciples:
46 Gardez-vous des scribes, qui aiment à se promener en robes longues, et à être salués dans les places publiques; qui recherchent les premiers sièges dans les synagogues, et les premières places dans les festins;
47 qui dévorent les maisons des veuves, et qui font pour l’apparence de longues prières. Ils seront jugés plus

Louis Segond {LSG}

Luke 20     

1 And it came to pass, that on one of those days, as he taught the people in the temple, and preached the gospel, the chief priests and the scribes came upon him with the elders,
And spake unto him, saying, Tell us, by what authority doest thou these things? or who is he that gave thee this authority?
And he answered and said unto them, I will also ask you one thing; and answer me:
The baptism of John, was it from heaven, or of men?
And they reasoned with themselves, saying, If we shall say, From heaven; he will say, Why then believed ye him not?
But and if we say, Of men; all the people will stone us: for they be persuaded that John was a prophet.
And they answered, that they could not tell whence it was.
And Jesus said unto them, Neither tell I you by what authority I do these things.
Then began he to speak to the people this parable; A certain man planted a vineyard, and let it forth to husbandmen, and went into a far country for a long time.
10 And at the season he sent a servant to the husbandmen, that they should give him of the fruit of the vineyard: but the husbandmen beat him, and sent him away empty.
11 And again he sent another servant: and they beat him also, and entreated him shamefully, and sent him away empty.
12 And again he sent a third: and they wounded him also, and cast him out.
13 Then said the lord of the vineyard, What shall I do? I will send my beloved son: it may be they will reverence him when they see him.
14 But when the husbandmen saw him, they reasoned among themselves, saying, This is the heir: come, let us kill him, that the inheritance may be ours.
15 So they cast him out of the vineyard, and killed him. What therefore shall the lord of the vineyard do unto them?
16 He shall come and destroy these husbandmen, and shall give the vineyard to others. And when they heard it, they said, God forbid.
17 And he beheld them, and said, What is this then that is written, The stone which the builders rejected, the same is become the head of the corner?
18 Whosoever shall fall upon that stone shall be broken; but on whomsoever it shall fall, it will grind him to powder.
19 And the chief priests and the scribes the same hour sought to lay hands on him; and they feared the people: for they perceived that he had spoken this parable against them.
20 And they watched him, and sent forth spies, which should feign themselves just men, that they might take hold of his words, that so they might deliver him unto the power and authority of the governor.
21 And they asked him, saying, Master, we know that thou sayest and teachest rightly, neither acceptest thou the person of any, but teachest the way of God truly:
22 Is it lawful for us to give tribute unto Caesar, or no?
23 But he perceived their craftiness, and said unto them, Why tempt ye me?
24 Shew me a penny. Whose image and superscription hath it? They answered and said, Caesar’s.
25 And he said unto them, Render therefore unto Caesar the things which be Caesar’s, and unto God the things which be God’s.
26 And they could not take hold of his words before the people: and they marvelled at his answer, and held their peace.
27 Then came to him certain of the Sadducees, which deny that there is any resurrection; and they asked him,
28 Saying, Master, Moses wrote unto us, If any man’s brother die, having a wife, and he die without children, that his brother should take his wife, and raise up seed unto his brother.
29 There were therefore seven brethren: and the first took a wife, and died without children.
30 And the second took her to wife, and he died childless.
31 And the third took her; and in like manner the seven also: and they left no children, and died.
32 Last of all the woman died also.
33 Therefore in the resurrection whose wife of them is she? for seven had her to wife.
34 And Jesus answering said unto them, The children of this world marry, and are given in marriage:
35 But they which shall be accounted worthy to obtain that world, and the resurrection from the dead, neither marry, nor are given in marriage:
36 Neither can they die any more: for they are equal unto the angels; and are the children of God, being the children of the resurrection.
37 Now that the dead are raised, even Moses shewed at the bush, when he calleth the Lord the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob.
38 For he is not a God of the dead, but of the living: for all live unto him.
39 Then certain of the scribes answering said, Master, thou hast well said.
40 And after that they durst not ask him any question at all.
41 And he said unto them, How say they that Christ is David’s son?
42 And David himself saith in the book of Psalms, The Lord said unto my Lord, Sit thou on my right hand,
43 Till I make thine enemies thy footstool.
44 David therefore calleth him Lord, how is he then his son?
45 Then in the audience of all the people he said unto his disciples,
46 Beware of the scribes, which desire to walk in long robes, and love greetings in the markets, and the highest seats in the synagogues, and the chief rooms at feasts;
47 Which devour widows’ houses, and for a shew make long prayers: the same shall receive greater damnation.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}