Liv 1Istwa /1Chroniques /1Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Istwa 29

1 Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m’ lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.
Mwen fè sa m’ te kapab pou m’ te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite.
Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n’ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:
sanmil (100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan,
pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?
Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t’ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè.
Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan.
Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an.
Pèp la menm te kontan bay sa yo t’ap bay pou Seyè a paske yo te fè l’ ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.
10  Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!
11 Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W’ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
12 Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
13 Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N’ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
14 Men, kisa m’ ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m’ ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n’ap ba ou.
15 Seyè, ou konnen, devan ou se pase n’ap pase tankou moun k’ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k’ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.
16 Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye.
17 Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
18 Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.
19 Tanpri, bay Salomon, pitit gason m’ lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l’ap fè, pou l’ ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo.
20 Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
21 Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (1.000) ti towo bèf, mil (1.000) belye mouton, mil (1.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
22 Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l’ apa pou l’ chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l’ sèvi granprèt nan non Seyè a tou.
23  Se konsa Salomon pran plas David, papa l’, sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l’ te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l’.
24 Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo.
25 Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t’ janm genyen anvan sa.
26 David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la.
27 Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.
28 Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t’ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l’ lan, ki moute wa nan plas li.
29 Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri.
30 Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l’, tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Chroniques  

1 Le roi David dit à toute l’assemblée: Mon fils Salomon, le seul que Dieu ait choisi, est jeune et d’un âge faible, et l’ouvrage est considérable, car ce palais n’est pas pour un homme, mais il est pour l’Éternel Dieu.
J’ai mis toutes mes forces à préparer pour la maison de mon Dieu de l’or pour ce qui doit être d’or, de l’argent pour ce qui doit être d’argent, de l’airain pour ce qui doit être d’airain, du fer pour ce qui doit être de fer, et du bois pour ce qui doit être de bois, des pierres d’onyx et des pierres à enchâsser, des pierres brillantes et de diverses couleurs, toutes sortes de pierres précieuses, et du marbre blanc en quantité.
De plus, dans mon attachement pour la maison de mon Dieu, je donne à la maison de mon Dieu l’or et l’argent que je possède en propre, outre tout ce que j’ai préparé pour la maison du sanctuaire:
trois mille talents d’or, d’or d’Ophir, et sept mille talents d’argent épuré, pour en revêtir les parois des bâtiments,
l’or pour ce qui doit être d’or, et l’argent pour ce qui doit être d’argent, et pour tous les travaux qu’exécuteront les ouvriers. Qui veut encore présenter volontairement aujourd’hui ses offrandes à l’Éternel?
Les chefs des maisons paternelles, les chefs des tribus d’Israël, les chefs de milliers et de centaines, et les intendants du roi firent volontairement des offrandes.
Ils donnèrent pour le service de la maison de Dieu cinq mille talents d’or, dix mille dariques, dix mille talents d’argent, dix-huit mille talents d’airain, et cent mille talents de fer.
Ceux qui possédaient des pierres les livrèrent pour le trésor de la maison de l’Éternel entre les mains de Jehiel, le Guerschonite.
Le peuple se réjouit de leurs offrandes volontaires, car c’était avec un coeur bien disposé qu’ils les faisaient à l’Éternel; et le roi David en eut aussi une grande joie.
10 David bénit l’Éternel en présence de toute l’assemblée. Il dit: Béni sois-tu, d’éternité en éternité, Éternel, Dieu de notre père Israël.
11 A toi, Éternel, la grandeur, la force et la magnificence, l’éternité et la gloire, car tout ce qui est au ciel et sur la terre t’appartient; à toi, Éternel, le règne, car tu t’élèves souverainement au-dessus de tout!
12 C’est de toi que viennent la richesse et la gloire, c’est toi qui domines sur tout, c’est dans ta main que sont la force et la puissance, et c’est ta main qui a le pouvoir d’agrandir et d’affermir toutes choses.
13 Maintenant, ô notre Dieu, nous te louons, et nous célébrons ton nom glorieux.
14 Car qui suis-je et qui est mon peuple, pour que nous puissions te faire volontairement ces offrandes? Tout vient de toi, et nous recevons de ta main ce que nous t’offrons.
15 Nous sommes devant toi des étrangers et des habitants, comme tous nos pères; nos jours sur la terre sont comme l’ombre, et il n’y a point d’espérance.
16 Éternel, notre Dieu, c’est de ta main que viennent toutes ces richesses que nous avons préparées pour te bâtir une maison, à toi, à ton saint nom, et c’est à toi que tout appartient.
17 Je sais, ô mon Dieu, que tu sondes le coeur, et que tu aimes la droiture; aussi je t’ai fait toutes ces offrandes volontaires dans la droiture de mon coeur, et j’ai vu maintenant avec joie ton peuple qui se trouve ici t’offrir volontairement ses dons.
18 Éternel, Dieu d’Abraham, d’Isaac et d’Israël, nos pères, maintiens à toujours dans le coeur de ton peuple ces dispositions et ces pensées, et affermis son coeur en toi.
19 Donne à mon fils Salomon un coeur dévoué à l’observation de tes commandements, de tes préceptes et de tes lois, afin qu’il mette en pratique toutes ces choses, et qu’il bâtisse le palais pour lequel j’ai fait des préparatifs.
20 David dit à toute l’assemblée: Bénissez l’Éternel, votre Dieu! Et toute l’assemblée bénit l’Éternel, le Dieu de leurs pères. Ils s’inclinèrent et se prosternèrent devant l’Éternel et devant le roi.
21 Le lendemain de ce jour, ils offrirent en sacrifice et en holocauste à l’Éternel mille taureaux, mille béliers et mille agneaux, avec les libations ordinaires, et d’autres sacrifices en grand nombre pour tout Israël.
22 Ils mangèrent et burent ce jour-là devant l’Éternel avec une grande joie, ils proclamèrent roi pour la seconde fois Salomon, fils de David, ils l’oignirent devant l’Éternel comme chef, et ils oignirent Tsadok comme sacrificateur.
23 Salomon s’assit sur le trône de l’Éternel, comme roi à la place de David, son père. Il prospéra, et tout Israël lui obéit.
24 Tous les chefs et les héros, et même tous les fils du roi David se soumirent au roi Salomon.
25 L’Éternel éleva au plus haut degré Salomon sous les yeux de tout Israël, et il rendit son règne plus éclatant que ne fut celui d’aucun roi d’Israël avant lui.
26 David, fils d’Isaï, régna sur tout Israël.
27 Le temps qu’il régna sur Israël fut de quarante ans: à Hébron il régna sept ans, et à Jérusalem il régna trente-trois ans.
28 Il mourut dans une heureuse vieillesse, rassasié de jours, de richesse et de gloire. Et Salomon, son fils, régna à sa place.
29 Les actions du roi David, les premières et les dernières, sont écrites dans le livre de Samuel le voyant, dans le livre de Nathan, le prophète, et dans le livre de Gad, le prophète,
30 avec tout son règne et tous ses exploits, et ce qui s’est passé de son temps, soit en Israël, soit dans tous les royaumes des autres pays.
Louis Segond {LSG}

1 Chronicles 29

1 Furthermore David the king said unto all the congregation, Solomon my son, whom alone God hath chosen, is yet young and tender, and the work is great: for the palace is not for man, but for the Lord God.
Now I have prepared with all my might for the house of my God the gold for things to be made of gold, and the silver for things of silver, and the brass for things of brass, the iron for things of iron, and wood for things of wood; onyx stones, and stones to be set, glistering stones, and of divers colours, and all manner of precious stones, and marble stones in abundance.
Moreover, because I have set my affection to the house of my God, I have of mine own proper good, of gold and silver, which I have given to the house of my God, over and above all that I have prepared for the holy house.
Even three thousand talents of gold, of the gold of Ophir, and seven thousand talents of refined silver, to overlay the walls of the houses withal:
The gold for things of gold, and the silver for things of silver, and for all manner of work to be made by the hands of artificers. And who then is willing to consecrate his service this day unto the Lord?
Then the chief of the fathers and princes of the tribes of Israel and the captains of thousands and of hundreds, with the rulers of the king’s work, offered willingly,
And gave for the service of the house of God of gold five thousand talents and ten thousand drams, and of silver ten thousand talents, and of brass eighteen thousand talents, and one hundred thousand talents of iron.
And they with whom precious stones were found gave them to the treasure of the house of the Lord, by the hand of Jehiel the Gershonite.
Then the people rejoiced, for that they offered willingly, because with perfect heart they offered willingly to the Lord: and David the king also rejoiced with great joy.
10 Wherefore David blessed the Lord before all the congregation: and David said, Blessed be thou, Lord God of Israel our father, for ever and ever.
11 Thine, O Lord is the greatness, and the power, and the glory, and the victory, and the majesty: for all that is in the heaven and in the earth is thine; thine is the kingdom, O Lord, and thou art exalted as head above all.
12 Both riches and honour come of thee, and thou reignest over all; and in thine hand is power and might; and in thine hand it is to make great, and to give strength unto all.
13 Now therefore, our God, we thank thee, and praise thy glorious name.
14 But who am I, and what is my people, that we should be able to offer so willingly after this sort? for all things come of thee, and of thine own have we given thee.
15 For we are strangers before thee, and sojourners, as were all our fathers: our days on the earth are as a shadow, and there is none abiding.
16 Lord our God, all this store that we have prepared to build thee an house for thine holy name cometh of thine hand, and is all thine own.
17 I know also, my God, that thou triest the heart, and hast pleasure in uprightness. As for me, in the uprightness of mine heart I have willingly offered all these things: and now have I seen with joy thy people, which are present here, to offer willingly unto thee.
18 Lord God of Abraham, Isaac, and of Israel, our fathers, keep this for ever in the imagination of the thoughts of the heart of thy people, and prepare their heart unto thee:
19 And give unto Solomon my son a perfect heart, to keep thy commandments, thy testimonies, and thy statutes, and to do all these things, and to build the palace, for the which I have made provision.
20 And David said to all the congregation, Now bless the Lord your God. And all the congregation blessed the Lord God of their fathers, and bowed down their heads, and worshipped the Lord, and the king.
21 And they sacrificed sacrifices unto the Lord, and offered burnt offerings unto the Lord, on the morrow after that day, even a thousand bullocks, a thousand rams, and a thousand lambs, with their drink offerings, and sacrifices in abundance for all Israel:
22 And did eat and drink before the Lord on that day with great gladness. And they made Solomon the son of David king the second time, and anointed him unto the Lord to be the chief governor, and Zadok to be priest.
23 Then Solomon sat on the throne of the Lord as king instead of David his father, and prospered; and all Israel obeyed him.
24 And all the princes, and the mighty men, and all the sons likewise of king David, submitted themselves unto Solomon the king.
25 And the Lord magnified Solomon exceedingly in the sight of all Israel, and bestowed upon him such royal majesty as had not been on any king before him in Israel.
26 Thus David the son of Jesse reigned over all Israel.
27 And the time that he reigned over Israel was forty years; seven years reigned he in Hebron, and thirty and three years reigned he in Jerusalem.
28 And he died in a good old age, full of days, riches, and honour: and Solomon his son reigned in his stead.
29 Now the acts of David the king, first and last, behold, they are written in the book of Samuel the seer, and in the book of Nathan the prophet, and in the book of Gad the seer,
30 With all his reign and his might, and the times that went over him, and over Israel, and over all the kingdoms of the countries.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}