Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 9

Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.
Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.
Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k’ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.
Tansèlman, se pa pou n’ manje vyann ak tout san ladan l’, paske san yon bèt se nanm li.
Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m’ap fè l’ rann mwen kont. M’ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l’ tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
 Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:
-Men m’ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k’ap vin apre nou yo.
10 M’ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.
11 Wi, m’ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m’ pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p’ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.
12  Bondye di ankò-Kontra m’ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k’ap la pou tout tan. M’ap ban nou yon siy pou li.
13 M’ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m’ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.
14 Chak fwa m’a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la.
15 Lè sa a, m’a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p’ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k’ap viv sou latè.
16 Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m’a wè l’, m’a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k’ap viv sou latè.
17 Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k’ap viv sou latè. Se konsa Bondye te pale ak Noe.
18  Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.
19 Se twa pitit Noe sa yo ki peple mete moun sou tout latè.
20 Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen.
21 Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li.
22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l’ toutouni, li ale di de frè l’ yo sa.
23 Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l’ dèyè do yo, yo kenbe l’ anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
24  Lè Noe soti anba toudisman diven l’ lan, yo di l’ sa dezyèm pitit gason l’ lan te fè l’.
25 Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l’ tounen dènye klas esklav frè l’ yo.
26 Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
27 Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.
28  Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan (350 an).
29 Lè l’ mouri, li te gen nèfsansenkantan (950 an).
Kreyol / Français / English

Genèse 9

1 Dieu bénit Noé et ses fils, et leur dit: Soyez féconds, multipliez, et remplissez la terre.
Vous serez un sujet de crainte et d’effroi pour tout animal de la terre, pour tout oiseau du ciel, pour tout ce qui se meut sur la terre, et pour tous les poissons de la mer: ils sont livrés entre vos mains.
Tout ce qui se meut et qui a vie vous servira de nourriture: je vous donne tout cela comme l’herbe verte.
Seulement, vous ne mangerez point de chair avec son âme, avec son sang.
Sachez-le aussi, je redemanderai le sang de vos âmes, je le redemanderai à tout animal; et je redemanderai l’âme de l’homme à l’homme, à l’homme qui est son frère.
Si quelqu’un verse le sang de l’homme, par l’homme son sang sera versé; car Dieu a fait l’homme à son image.
Et vous, soyez féconds et multipliez, répandez-vous sur la terre et multipliez sur elle.
Dieu parla encore à Noé et à ses fils avec lui, en disant:
Voici, j’établis mon alliance avec vous et avec votre postérité après vous;
10 avec tous les êtres vivants qui sont avec vous, tant les oiseaux que le bétail et tous les animaux de la terre, soit avec tous ceux qui sont sortis de l’arche, soit avec tous les animaux de la terre.
11 J’établis mon alliance avec vous: aucune chair ne sera plus exterminée par les eaux du déluge, et il n’y aura plus de déluge pour détruire la terre.
12 Et Dieu dit: C’est ici le signe de l’alliance que j’établis entre moi et vous, et tous les êtres vivants qui sont avec vous, pour les générations à toujours:
13 j’ai placé mon arc dans la nue, et il servira de signe d’alliance entre moi et la terre.
14 Quand j’aurai rassemblé des nuages au-dessus de la terre, l’arc paraîtra dans la nue;
15 et je me souviendrai de mon alliance entre moi et vous, et tous les êtres vivants, de toute chair, et les eaux ne deviendront plus un déluge pour détruire toute chair.
16 L’arc sera dans la nue; et je le regarderai, pour me souvenir de l’alliance perpétuelle entre Dieu et tous les êtres vivants, de toute chair qui est sur la terre.
17 Et Dieu dit à Noé: Tel est le signe de l’alliance que j’établis entre moi et toute chair qui est sur la terre.
18 Les fils de Noé, qui sortirent de l’arche, étaient Sem, Cham et Japhet. Cham fut le père de Canaan.
19 Ce sont là les trois fils de Noé, et c’est leur postérité qui peupla toute la terre.
20 Noé commença à cultiver la terre, et planta de la vigne.
21 Il but du vin, s’enivra, et se découvrit au milieu de sa tente.
22 Cham, père de Canaan, vit la nudité de son père, et il le rapporta dehors à ses deux frères.
23 Alors Sem et Japhet prirent le manteau, le mirent sur leurs épaules, marchèrent à reculons, et couvrirent la nudité de leur père; comme leur visage était détourné, ils ne virent point la nudité de leur père.
24 Lorsque Noé se réveilla de son vin, il apprit ce que lui avait fait son fils cadet.
25 Et il dit: Maudit soit Canaan! qu’il soit l’esclave des esclaves de ses frères!
26 Il dit encore: Béni soit l’Éternel, Dieu de Sem, et que Canaan soit leur esclave!
27 Que Dieu étende les possessions de Japhet, qu’il habite dans les tentes de Sem, et que Canaan soit leur esclave!
28 Noé vécut, après le déluge, trois cent cinquante ans.
29 Tous les jours de Noé furent de neuf cent cinquante ans; puis il mourut.
Kreyol / Français / English

Genesis 9

1 And God blessed Noah and his sons, and said unto them, Be fruitful, and multiply, and replenish the earth.
And the fear of you and the dread of you shall be upon every beast of the earth, and upon every fowl of the air, upon all that moveth upon the earth, and upon all the fishes of the sea; into your hand are they delivered.
Every moving thing that liveth shall be meat for you; even as the green herb have I given you all things.
But flesh with the life thereof, which is the blood thereof, shall ye not eat.
And surely your blood of your lives will I require; at the hand of every beast will I require it, and at the hand of man; at the hand of every man’s brother will I require the life of man.
Whoso sheddeth man’s blood, by man shall his blood be shed: for in the image of God made he man.
And you, be ye fruitful, and multiply; bring forth abundantly in the earth, and multiply therein.
And God spake unto Noah, and to his sons with him, saying,
And I, behold, I establish my covenant with you, and with your seed after you;
10 And with every living creature that is with you, of the fowl, of the cattle, and of every beast of the earth with you; from all that go out of the ark, to every beast of the earth.
11 And I will establish my covenant with you, neither shall all flesh be cut off any more by the waters of a flood; neither shall there any more be a flood to destroy the earth.
12 And God said, This is the token of the covenant which I make between me and you and every living creature that is with you, for perpetual generations:
13 I do set my bow in the cloud, and it shall be for a token of a covenant between me and the earth.
14 And it shall come to pass, when I bring a cloud over the earth, that the bow shall be seen in the cloud:
15 And I will remember my covenant, which is between me and you and every living creature of all flesh; and the waters shall no more become a flood to destroy all flesh.
16 And the bow shall be in the cloud; and I will look upon it, that I may remember the everlasting covenant between God and every living creature of all flesh that is upon the earth.
17 And God said unto Noah, This is the token of the covenant, which I have established between me and all flesh that is upon the earth.
18 And the sons of Noah, that went forth of the ark, were Shem, and Ham, and Japheth: and Ham is the father of Canaan.
19 These are the three sons of Noah: and of them was the whole earth overspread.
20 And Noah began to be an husbandman, and he planted a vineyard:
21 And he drank of the wine, and was drunken; and he was uncovered within his tent.
22 And Ham, the father of Canaan, saw the nakedness of his father, and told his two brethren without.
23 And Shem and Japheth took a garment, and laid it upon both their shoulders, and went backward, and covered the nakedness of their father; and their faces were backward, and they saw not their father’s nakedness.
24 And Noah awoke from his wine, and knew what his younger son had done unto him.
25 And he said, Cursed be Canaan; a servant of servants shall he be unto his brethren.
26 And he said, Blessed be the Lord God of Shem; and Canaan shall be his servant.
27 God shall enlarge Japheth, and he shall dwell in the tents of Shem; and Canaan shall be his servant.
28 And Noah lived after the flood three hundred and fifty years.
29 And all the days of Noah were nine hundred and fifty years: and he died.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}