Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 1

1 Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l’ nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo:
Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida,
Isaka, Zabilon epi Benjamen,
Dann ak Nèftali, Gad ak Asè.
Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la.
Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l’ yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo.
Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a.
 Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t’ konn anyen sou Jozèf.
Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou.
10 Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n’ bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y’a pati kite peyi a.
11 Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje.
12 Men, tank moun Lejip yo t’ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t’ap fè pitit, se plis yo t’ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo.
13 Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav.
14 Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo.
15  Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo,
16 li di yo: -Lè n’ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l’. Men si se yon fi, kite l’ viv.
17 Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t’ fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou.
18 Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou?
19 Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche.
20 Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t’ap vin pi plis toujou. Yo t’ap vin pi fò.
21 Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit.
22 Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.

Exode 1

1 Voici les noms des fils d’Israël, venus en Égypte avec Jacob et la famille de chacun d’eux:
Ruben, Siméon, Lévi, Juda,
Issacar, Zabulon, Benjamin,
Dan, Nephthali, Gad et Aser.
Les personnes issues de Jacob étaient au nombre de soixante-dix en tout. Joseph était alors en Égypte.
Joseph mourut, ainsi que tous ses frères et toute cette génération-là.
Les enfants d’Israël furent féconds et multiplièrent, ils s’accrurent et devinrent de plus en plus puissants. Et le pays en fut rempli.
Il s’éleva sur l’Égypte un nouveau roi, qui n’avait point connu Joseph.
Il dit à son peuple: Voilà les enfants d’Israël qui forment un peuple plus nombreux et plus puissant que nous.
10 Allons! montrons-nous habiles à son égard; empêchons qu’il ne s’accroisse, et que, s’il survient une guerre, il ne se joigne à nos ennemis, pour nous combattre et sortir ensuite du pays.
11 Et l’on établit sur lui des chefs de corvées, afin de l’accabler de travaux pénibles. C’est ainsi qu’il bâtit les villes de Pithom et de Ramsès, pour servir de magasins à Pharaon.
12 Mais plus on l’accablait, plus il multipliait et s’accroissait; et l’on prit en aversion les enfants d’Israël.
13 Alors les Égyptiens réduisirent les enfants d’Israël à une dure servitude.
14 Ils leur rendirent la vie amère par de rudes travaux en argile et en briques, et par tous les ouvrages des champs: et c’était avec cruauté qu’ils leur imposaient toutes ces charges.
15 Le roi d’Égypte parla aussi aux sages-femmes des Hébreux, nommées l’une Schiphra, et l’autre Pua.
16 Il leur dit: Quand vous accoucherez les femmes des Hébreux et que vous les verrez sur les sièges, si c’est un garçon, faites-le mourir; si c’est une fille, laissez-la vivre.
17 Mais les sages-femmes craignirent Dieu, et ne firent point ce que leur avait dit le roi d’Égypte; elles laissèrent vivre les enfants.
18 Le roi d’Égypte appela les sages-femmes, et leur dit: Pourquoi avez-vous agi ainsi, et avez-vous laissé vivre les enfants?
19 Les sages-femmes répondirent à Pharaon: C’est que les femmes des Hébreux ne sont pas comme les Égyptiennes; elles sont vigoureuses et elles accouchent avant l’arrivée de la sage-femme.
20 Dieu fit du bien aux sages-femmes; et le peuple multiplia et devint très nombreux.
21 Parce que les sages-femmes avaient eu la crainte de Dieu, Dieu fit prospérer leurs maisons.
22 Alors Pharaon donna cet ordre à tout son peuple: Vous jetterez dans le fleuve tout garçon qui naîtra, et vous laisserez vivre toutes les filles.

Exodus 1

1 Now these are the names of the children of Israel, which came into Egypt; every man and his household came with Jacob.
Reuben, Simeon, Levi, and Judah,
Issachar, Zebulun, and Benjamin,
Dan, and Naphtali, Gad, and Asher.
And all the souls that came out of the loins of Jacob were seventy souls: for Joseph was in Egypt already.
And Joseph died, and all his brethren, and all that generation.
And the children of Israel were fruitful, and increased abundantly, and multiplied, and waxed exceeding mighty; and the land was filled with them.
Now there arose up a new king over Egypt, which knew not Joseph.
And he said unto his people, Behold, the people of the children of Israel are more and mightier than we:
10 Come on, let us deal wisely with them; lest they multiply, and it come to pass, that, when there falleth out any war, they join also unto our enemies, and fight against us, and so get them up out of the land.
11 Therefore they did set over them taskmasters to afflict them with their burdens. And they built for Pharaoh treasure cities, Pithom and Raamses.
12 But the more they afflicted them, the more they multiplied and grew. And they were grieved because of the children of Israel.
13 And the Egyptians made the children of Israel to serve with rigour:
14 And they made their lives bitter with hard bondage, in morter, and in brick, and in all manner of service in the field: all their service, wherein they made them serve, was with rigour.
15 And the king of Egypt spake to the Hebrew midwives, of which the name of the one was Shiphrah, and the name of the other Puah:
16 And he said, When ye do the office of a midwife to the Hebrew women, and see them upon the stools; if it be a son, then ye shall kill him: but if it be a daughter, then she shall live.
17 But the midwives feared God, and did not as the king of Egypt commanded them, but saved the men children alive.
18 And the king of Egypt called for the midwives, and said unto them, Why have ye done this thing, and have saved the men children alive?
19 And the midwives said unto Pharaoh, Because the Hebrew women are not as the Egyptian women; for they are lively, and are delivered ere the midwives come in unto them.
20 Therefore God dealt well with the midwives: and the people multiplied, and waxed very mighty.
21 And it came to pass, because the midwives feared God, that he made them houses.
22 And Pharaoh charged all his people, saying, Every son that is born ye shall cast into the river, and every daughter ye shall save alive.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}