Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 2

1 Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l’ fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l’a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l’a mete lansan sou li tou.
Lèfini, l’a pote l’ bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l’a boule l’ nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.
Lè w’ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l’ ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l’. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.
Lè w’ap ofri yon pen kwit sou platin, w’a fè l’ ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l’.
W’a koupe l’ an ti moso, epi w’a vide lwil sou li. Se konsa w’a ofri l’ bay Seyè a.
Lè w’ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w’a fè l’ ak farin melanje ak lwil oliv.
W’a fè yon ofrann avè l’ bay Seyè a. W’a pote l’ bay prèt la ki va mete l’ sou lotèl la.
Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l’a boule l’ sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
10 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l’ nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.
11  Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l’. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w’ap boule nan dife pou Seyè a.
12 W’a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo.
13 W’a simen sèl sou tout ofrann w’ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n’ap ofri.
14 Lè w’ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w’a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.
15 W’a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w’a ofri l’ bay Seyè a.
16 Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l’a boule l’ ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.
 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 2

1 Lorsque quelqu’un fera à l’Éternel une offrande en don, son offrande sera de fleur de farine; il versera de l’huile dessus, et il y ajoutera de l’encens.
Il l’apportera aux sacrificateurs, fils d’Aaron; le sacrificateur prendra une poignée de cette fleur de farine, arrosée d’huile, avec tout l’encens, et il brûlera cela sur l’autel comme souvenir. C’est une offrande d’une agréable odeur à l’Éternel.
Ce qui restera de l’offrande sera pour Aaron et pour ses fils; c’est une chose très sainte parmi les offrandes consumées par le feu devant l’Éternel.
Si tu fais une offrande de ce qui est cuit au four, qu’on se serve de fleur de farine, et que ce soient des gâteaux sans levain pétris à l’huile et des galettes sans levain arrosées d’huile.
Si ton offrande est un gâteau cuit à la poêle, il sera de fleur de farine pétrie à l’huile, sans levain.
Tu le rompras en morceaux, et tu verseras de l’huile dessus; c’est une offrande.
Si ton offrande est un gâteau cuit sur le gril, il sera fait de fleur de farine pétrie à l’huile.
Tu apporteras l’offrande qui sera faite à l’Éternel avec ces choses-là; elle sera remise au sacrificateur, qui la présentera sur l’autel.
Le sacrificateur en prélèvera ce qui doit être offert comme souvenir, et le brûlera sur l’autel. C’est une offrande d’une agréable odeur à l’Éternel.
10 Ce qui restera de l’offrande sera pour Aaron et pour ses fils; c’est une chose très sainte parmi les offrandes consumées par le feu devant l’Éternel.
11 Aucune des offrandes que vous présenterez à l’Éternel ne sera faite avec du levain; car vous ne brûlerez rien qui contienne du levain ou du miel parmi les offrandes consumées par le feu devant l’Éternel.
12 Vous pourrez en offrir à l’Éternel comme offrande des prémices; mais il n’en sera point présenté sur l’autel comme offrande d’une agréable odeur.
13 Tu mettras du sel sur toutes tes offrandes; tu ne laisseras point ton offrande manquer de sel, signe de l’alliance de ton Dieu; sur toutes tes offrandes tu mettras du sel.
14 Si tu fais à l’Éternel une offrande des prémices, tu présenteras des épis nouveaux, rôtis au feu et broyés, comme offrande de tes prémices.
15 Tu verseras de l’huile dessus, et tu y ajouteras de l’encens; c’est une offrande.
16 Le sacrificateur brûlera comme souvenir une portion des épis broyés et de l’huile, avec tout l’encens. C’est une offrande consumée par le feu devant l’Éternel.

Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA}

Leviticus 2

1 And when any will offer a meat offering unto the Lord, his offering shall be of fine flour; and he shall pour oil upon it, and put frankincense thereon:
And he shall bring it to Aaron’s sons the priests: and he shall take thereout his handful of the flour thereof, and of the oil thereof, with all the frankincense thereof; and the priest shall burn the memorial of it upon the altar, to be an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord:
And the remnant of the meat offering shall be Aaron’s and his sons’: it is a thing most holy of the offerings of the Lord made by fire.
And if thou bring an oblation of a meat offering baken in the oven, it shall be unleavened cakes of fine flour mingled with oil, or unleavened wafers anointed with oil.
And if thy oblation be a meat offering baken in a pan, it shall be of fine flour unleavened, mingled with oil.
Thou shalt part it in pieces, and pour oil thereon: it is a meat offering.
And if thy oblation be a meat offering baken in the fryingpan, it shall be made of fine flour with oil.
And thou shalt bring the meat offering that is made of these things unto the Lord: and when it is presented unto the priest, he shall bring it unto the altar.
And the priest shall take from the meat offering a memorial thereof, and shall burn it upon the altar: it is an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
10 And that which is left of the meat offering shall be Aaron’s and his sons’: it is a thing most holy of the offerings of the Lord made by fire.
11 No meat offering, which ye shall bring unto the Lord, shall be made with leaven: for ye shall burn no leaven, nor any honey, in any offering of the Lord made by fire.
12 As for the oblation of the firstfruits, ye shall offer them unto the Lord: but they shall not be burnt on the altar for a sweet savour.
13 And every oblation of thy meat offering shalt thou season with salt; neither shalt thou suffer the salt of the covenant of thy God to be lacking from thy meat offering: with all thine offerings thou shalt offer salt.
14 And if thou offer a meat offering of thy firstfruits unto the Lord, thou shalt offer for the meat offering of thy firstfruits green ears of corn dried by the fire, even corn beaten out of full ears.
15 And thou shalt put oil upon it, and lay frankincense thereon: it is a meat offering.
16 And the priest shall burn the memorial of it, part of the beaten corn thereof, and part of the oil thereof, with all the frankincense thereof: it is an offering made by fire unto the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}