Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 42

1 Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: -Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze?
Mwen tande y’ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.
Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y al achte ble.
Men Jakòb pa t’ voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l’ la, avèk yo paske li te pè pou malè pa t’ rive l’.
Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki tapral achte ble tou.
Se Jozèf ki t’ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l’ moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l’ bonjou.
 Lè Jozèf wè frè l’ yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje.
Jozèf te rekonèt frè l’ yo, men yo menm yo pa t’ rekonèt li.
Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l’ yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n’ chache konnen pwen fèb peyi a.
10 Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la.
11 Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p’ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.
12 Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n’ chache konnen pwen fèb peyi a.
13 Yo di l’: -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.
14 Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m’ di se yon bann espyon nou ye.
15 Men ki bò mwen pral kenbe nou: M’ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p’ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.
16 Voye yonn nan nou al chache l’. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m’a wè nou pa t’ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.
17 Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou.
18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n’ fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
19 Si nou konnen nou p’ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje.
20 Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l’ ban mwen, pou nou ka moutre m’ nou pa t’ ban m’ manti. Konsa, yo p’ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa.
21  Yonn t’ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l’ la. Nou te wè ki jan sa te fè l’ lapenn anpil, lè li t’ap mande nou fè l’ gras. Men, nou pa t’ vle koute l’. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
22 Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t’ vle koute m’. Koulye a se lanmò tibway la n’ap peye.
23 Jozèf te konprann tout sa yo t’ap di a. Men yo pa t’ konn sa paske te gen yon moun ki t’ap tradwi pou yo lè yo t’ap pale avè l’.
24 Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l’ nan chenn, la devan yo tout.
25 Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.
26 Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati.
27 Lè yo rive kote yo t’ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l’ te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.
28 Li di frè l’ yo. -Yo renmèt mwen lajan m’ lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t’ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t’ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?
29  Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l’ tout sa ki te pase. Yo di l’:
30 -Nèg k’ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.
31 Nou di l’ nou p’ap ba l’ manti, se pa espyon nou ye.
32 Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran.
33 Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m’ap konnen si nou p’ap ban m’ manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.
34 Lè sa a, m’a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t’ap ban m’ manti. m’a renmèt nou frè nou an. m’a kite nou trafike nan peyi a.
35 Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo.
36 Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N’ap wete tout pitit mwen yo nan men m’. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m’ Benjamen. Se mwen menm k’ap pote tout chaj la.
37 Woubenn di papa l’ konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m’ yo, si m’ pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m’ap mennen l’ tounen ba ou.
38 Men Jakòb te di: -Pitit gason m’ lan p’ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l’ yo. Si pou yon malè ta rive l’ nan vwayaj nou pral fè a, m’a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m’ ale.

Genèse 42

1 Jacob, voyant qu’il y avait du blé en Égypte, dit à ses fils: Pourquoi vous regardez-vous les uns les autres?
Il dit: Voici, j’apprends qu’il y a du blé en Égypte; descendez-y, pour nous en acheter là, afin que nous vivions et que nous ne mourions pas.
Dix frères de Joseph descendirent en Égypte, pour acheter du blé.
Jacob n’envoya point avec eux Benjamin, frère de Joseph, dans la crainte qu’il ne lui arrivât quelque malheur.
Les fils d’Israël vinrent pour acheter du blé, au milieu de ceux qui venaient aussi; car la famine était dans le pays de Canaan.
Joseph commandait dans le pays; c’est lui qui vendait du blé à tout le peuple du pays. Les frères de Joseph vinrent, et se prosternèrent devant lui la face contre terre.
Joseph vit ses frères et les reconnut; mais il feignit d’être un étranger pour eux, il leur parla durement, et leur dit: D’où venez-vous? Ils répondirent: Du pays de Canaan, pour acheter des vivres.
Joseph reconnut ses frères, mais eux ne le reconnurent pas.
Joseph se souvint des songes qu’il avait eus à leur sujet, et il leur dit: Vous êtes des espions; c’est pour observer les lieux faibles du pays que vous êtes venus.
10 Ils lui répondirent: Non, mon seigneur, tes serviteurs sont venus pour acheter du blé.
11 Nous sommes tous fils d’un même homme; nous sommes sincères, tes serviteurs ne sont pas des espions.
12 Il leur dit: Nullement; c’est pour observer les lieux faibles du pays que vous êtes venus.
13 Ils répondirent: Nous, tes serviteurs, sommes douze frères, fils d’un même homme au pays de Canaan; et voici, le plus jeune est aujourd’hui avec notre père, et il y en a un qui n’est plus.
14 Joseph leur dit: Je viens de vous le dire, vous êtes des espions.
15 Voici comment vous serez éprouvés. Par la vie de Pharaon! vous ne sortirez point d’ici que votre jeune frère ne soit venu.
16 Envoyez l’un de vous pour chercher votre frère; et vous, restez prisonniers. Vos paroles seront éprouvées, et je saurai si la vérité est chez vous; sinon, par la vie de Pharaon! vous êtes des espions.
17 Et il les mit ensemble trois jours en prison.
18 Le troisième jour, Joseph leur dit: Faites ceci, et vous vivrez. Je crains Dieu!
19 Si vous êtes sincères, que l’un de vos frères reste enfermé dans votre prison; et vous, partez, emportez du blé pour nourrir vos familles,
20 et amenez-moi votre jeune frère, afin que vos paroles soient éprouvées et que vous ne mouriez point. Et ils firent ainsi.
21 Ils se dirent alors l’un à l’autre: Oui, nous avons été coupables envers notre frère, car nous avons vu l’angoisse de son âme, quand il nous demandait grâce, et nous ne l’avons point écouté! C’est pour cela que cette affliction nous arrive.
22 Ruben, prenant la parole, leur dit: Ne vous disais-je pas: Ne commettez point un crime envers cet enfant? Mais vous n’avez point écouté. Et voici, son sang est redemandé.
23 Ils ne savaient pas que Joseph comprenait, car il se servait avec eux d’un interprète.
24 Il s’éloigna d’eux, pour pleurer. Il revint, et leur parla; puis il prit parmi eux Siméon, et le fit enchaîner sous leurs yeux.
25 Joseph ordonna qu’on remplît de blé leurs sacs, qu’on remît l’argent de chacun dans son sac, et qu’on leur donnât des provisions pour la route. Et l’on fit ainsi.
26 Ils chargèrent le blé sur leurs ânes, et partirent.
27 L’un d’eux ouvrit son sac pour donner du fourrage à son âne, dans le lieu où ils passèrent la nuit, et il vit l’argent qui était à l’entrée du sac.
28 Il dit à ses frères: Mon argent a été rendu, et le voici dans mon sac. Alors leur coeur fut en défaillance; et ils se dirent l’un à l’autre, en tremblant: Qu’est-ce que Dieu nous a fait?
29 Ils revinrent auprès de Jacob, leur père, dans le pays de Canaan, et ils lui racontèrent tout ce qui leur était arrivé. Ils dirent:
30 L’homme, qui est le seigneur du pays, nous a parlé durement, et il nous a pris pour des espions.
31 Nous lui avons dit: Nous sommes sincères, nous ne sommes pas des espions.
32 Nous sommes douze frères, fils de notre père; l’un n’est plus, et le plus jeune est aujourd’hui avec notre père au pays de Canaan.
33 Et l’homme, qui est le seigneur du pays, nous a dit: Voici comment je saurai si vous êtes sincères. Laissez auprès de moi l’un de vos frères, prenez de quoi nourrir vos familles, partez, et amenez-moi votre jeune frère.
34 Je saurai ainsi que vous n’êtes pas des espions, que vous êtes sincères; je vous rendrai votre frère, et vous pourrez librement parcourir le pays.
35 Lorsqu’ils vidèrent leurs sacs, voici, le paquet d’argent de chacun était dans son sac. Ils virent, eux et leur père, leurs paquets d’argent, et ils eurent peur.
36 Jacob, leur père, leur dit: Vous me privez de mes enfants! Joseph n’est plus, Siméon n’est plus, et vous prendriez Benjamin! C’est sur moi que tout cela retombe.
37 Ruben dit à son père: Tu feras mourir mes deux fils si je ne te ramène pas Benjamin; remets-le entre mes mains, et je te le ramènerai.
38 Jacob dit: Mon fils ne descendra point avec vous; car son frère est mort, et il reste seul; s’il lui arrivait un malheur dans le voyage que vous allez faire, vous feriez descendre mes cheveux blancs avec douleur dans le séjour des morts.

Genesis 42

1 Now when Jacob saw that there was corn in Egypt, Jacob said unto his sons, Why do ye look one upon another?
And he said, Behold, I have heard that there is corn in Egypt: get you down thither, and buy for us from thence; that we may live, and not die.
And Joseph’s ten brethren went down to buy corn in Egypt.
But Benjamin, Joseph’s brother, Jacob sent not with his brethren; for he said, Lest peradventure mischief befall him.
And the sons of Israel came to buy corn among those that came: for the famine was in the land of Canaan.
And Joseph was the governor over the land, and he it was that sold to all the people of the land: and Joseph’s brethren came, and bowed down themselves before him with their faces to the earth.
And Joseph saw his brethren, and he knew them, but made himself strange unto them, and spake roughly unto them; and he said unto them, Whence come ye? And they said, From the land of Canaan to buy food.
And Joseph knew his brethren, but they knew not him.
And Joseph remembered the dreams which he dreamed of them, and said unto them, Ye are spies; to see the nakedness of the land ye are come.
10 And they said unto him, Nay, my lord, but to buy food are thy servants come.
11 We are all one man’s sons; we are true men, thy servants are no spies.
12 And he said unto them, Nay, but to see the nakedness of the land ye are come.
13 And they said, Thy servants are twelve brethren, the sons of one man in the land of Canaan; and, behold, the youngest is this day with our father, and one is not.
14 And Joseph said unto them, That is it that I spake unto you, saying, Ye are spies:
15 Hereby ye shall be proved: By the life of Pharaoh ye shall not go forth hence, except your youngest brother come hither.
16 Send one of you, and let him fetch your brother, and ye shall be kept in prison, that your words may be proved, whether there be any truth in you: or else by the life of Pharaoh surely ye are spies.
17 And he put them all together into ward three days.
18 And Joseph said unto them the third day, This do, and live; for I fear God:
19 If ye be true men, let one of your brethren be bound in the house of your prison: go ye, carry corn for the famine of your houses:
20 But bring your youngest brother unto me; so shall your words be verified, and ye shall not die. And they did so.
21 And they said one to another, We are verily guilty concerning our brother, in that we saw the anguish of his soul, when he besought us, and we would not hear; therefore is this distress come upon us.
22 And Reuben answered them, saying, Spake I not unto you, saying, Do not sin against the child; and ye would not hear? therefore, behold, also his blood is required.
23 And they knew not that Joseph understood them; for he spake unto them by an interpreter.
24 And he turned himself about from them, and wept; and returned to them again, and communed with them, and took from them Simeon, and bound him before their eyes.
25 Then Joseph commanded to fill their sacks with corn, and to restore every man’s money into his sack, and to give them provision for the way: and thus did he unto them.
26 And they laded their asses with the corn, and departed thence.
27 And as one of them opened his sack to give his ass provender in the inn, he espied his money; for, behold, it was in his sack’s mouth.
28 And he said unto his brethren, My money is restored; and, lo, it is even in my sack: and their heart failed them, and they were afraid, saying one to another, What is this that God hath done unto us?
29 And they came unto Jacob their father unto the land of Canaan, and told him all that befell unto them; saying,
30 The man, who is the lord of the land, spake roughly to us, and took us for spies of the country.
31 And we said unto him, We are true men; we are no spies:
32 We be twelve brethren, sons of our father; one is not, and the youngest is this day with our father in the land of Canaan.
33 And the man, the lord of the country, said unto us, Hereby shall I know that ye are true men; leave one of your brethren here with me, and take food for the famine of your households, and be gone:
34 And bring your youngest brother unto me: then shall I know that ye are no spies, but that ye are true men: so will I deliver you your brother, and ye shall traffick in the land.
35 And it came to pass as they emptied their sacks, that, behold, every man’s bundle of money was in his sack: and when both they and their father saw the bundles of money, they were afraid.
36 And Jacob their father said unto them, Me have ye bereaved of my children: Joseph is not, and Simeon is not, and ye will take Benjamin away: all these things are against me.
37 And Reuben spake unto his father, saying, Slay my two sons, if I bring him not to thee: deliver him into my hand, and I will bring him to thee again.
38 And he said, My son shall not go down with you; for his brother is dead, and he is left alone: if mischief befall him by the way in the which ye go, then shall ye bring down my gray hairs with sorrow to the grave.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}