Liv Neyemi / Nehémie / Nehemia

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Neyemi 11

1 Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.
Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.
Men lis chèf ki t’ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t’ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a.
Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalèm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyèl, Maleyèl te pitit Perès.
Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kòloze, Kòloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela.
Antou te gen katsanswasanntwit (468) vanyan gason, moun fanmi Perès, ki te tabli lavil Jerizalèm.
Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja.
Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nèfsanvenntwit (928) moun Benjamen ki t’ap viv lavil Jerizalèm.
Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm.
10 Men prèt ki t’ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken.
11 Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sèvi granprèt nan tanp Bondye a.
12 Antou te gen wisanvennde (822) moun nan fanmi sa a ki t’ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.
13 Antou te gen desankarannde (242) moun nan branch fanmi sa a ki te chèf fanmi. Te gen Amasayi, pitit gason Azareyèl. Azareyèl sa a te pitit Aksayi, Aksayi te pitit Mechilemòt, Mechilemòt te pitit Imè.
14 Te gen antou sanvenntwit (128) vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyèl, pitit gason Agadòl, ki te chèf yo.
15 Nan moun Levi ki te rete nan lavil la, te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, Achabya te pitit Bouni.
16 Te gen Chabtayi ak Jozabad tou, de nan chèf moun Levi yo ki te reskonsab pou regle tout zafè tanp lan avèk lòt moun deyò.
17 Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t’ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.
18 Antou te gen desankatrevennèf (289) moun Levi nan lavil Bondye a.
19 Nan moun k’ap fè pòs nan pòtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lòt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz (172) gad.
20  Rès pèp la ak lòt prèt yo ak moun Levi yo t’ap viv sou pòsyon tè fanmi yo nan lòt lavil peyi Jida a.
21 Travayè tanp yo t’ap viv nan katye lavil Jerizalèm yo rele Ofèl la. Se Zicha ak Gichpa ki te chèf travayè yo.
22 Chèf moun Levi lavil Jerizalèm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fè pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sèvis Tanp Bondye a.
23 Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.
24 Se Petachya, pitit gason Mechezabeyèl, moun Zerak nan branch fanmi Jida a, yo te nonmen delege lakay wa a pou regle tout zafè pèp Izrayèl la.
25 Anpil moun t’ap viv nan ti bouk yo, nan mitan jaden yo. Moun branch fanmi Jida yo te rete nan lavil Kiriyat Aba ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Dibon ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Jekabzel ak nan bouk ki te sou kont li yo.
26 Yo te rete tou nan lavil Jechwa, lavil Molada, lavil Bèt-Pelèt,
27 lavil Azachwal, lavil Becheba ak nan ti bouk ki te sou kont li yo.
28 Yo te rete nan lavil Ziklag, nan lavil Mekona ak nan ti bouk ki te sou kont li yo,
29 nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,
30 nan lavil Zanoa, nan lavil Adoulam ak nan ti katye ki te sou kont yo. Yo te rete lavil Lakis ak nan jaden ki toupre lavil la, nan lavil Azèka ak nan ti bouk ki te sou kont li yo. Se konsa moun fanmi Jida yo te rete nan teritwa ki konmanse nan sid bò lavil Bècheba a pou rive nan nò jouk Fon Inon, bò lavil Jerizalèm.
31 Moun fanmi Benjamen yo te rete nan lavil Geba, lavil Mikmach, lavil Aja, lavil Betèl ak nan ti bouk ki te sou kont yo,
32 lavil Anatòt, lavil Nòb, lavil Ananya,
33 lavil Azò, lavil Rama, lavil Gitayim,
34 lavil Adid, lavil Zeboyim, lavil Nebalat,
35 lavil Lòd, lavil Ono ak nan Fon Atizan yo.
36 Te gen kèk moun Levi ki te rete nan teritwa moun Jida yo, yo voye yo al rete nan teritwa moun Benjamen yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 
Nehémie 11
1 Les chefs du peuple s’établirent à Jérusalem. Le reste du peuple tira au sort, pour qu’un sur dix vînt habiter Jérusalem, la ville sainte, et que les autres demeurassent dans les villes.
Le peuple bénit tous ceux qui consentirent volontairement à résider à Jérusalem.
Voici les chefs de la province qui s’établirent à Jérusalem. Dans les villes de Juda, chacun s’établit dans sa propriété, dans sa ville, Israël, les sacrificateurs et les Lévites, les Néthiniens, et les fils des serviteurs de Salomon.
A Jérusalem s’établirent des fils de Juda et des fils de Benjamin. -Des fils de Juda: Athaja, fils d’Ozias, fils de Zacharie, fils d’Amaria, fils de Schephathia, fils de Mahalaleel, des fils de Pérets,
et Maaséja, fils de Baruc, fils de Col Hozé, fils de Hazaja, fils d’Adaja, fils de Jojarib, fils de Zacharie, fils de Schiloni.
Total des fils de Pérets qui s’établirent à Jérusalem: quatre cent soixante-huit hommes vaillants. –
Voici les fils de Benjamin: Sallu, fils de Meschullam, fils de Joëd, fils de Pedaja, fils de Kolaja, fils de Maaséja, fils d’Ithiel, fils d’Ésaïe,
et, après lui, Gabbaï et Sallaï, neuf cent vingt-huit.
Joël, fils de Zicri, était leur chef; et Juda, fils de Senua, était le second chef de la ville.
10 Des sacrificateurs: Jedaeja, fils de Jojarib, Jakin,
11 Seraja, fils de Hilkija, fils de Meschullam, fils de Tsadok, fils de Merajoth, fils d’Achithub, prince de la maison de Dieu,
12 et leurs frères occupés au service de la maison, huit cent vingt-deux; Adaja, fils de Jerocham, fils de Pelalia, fils d’Amtsi, fils de Zacharie, fils de Paschhur, fils de Malkija,
13 et ses frères, chefs des maisons paternelles, deux cent quarante-deux; et Amaschsaï, fils d’Azareel, fils d’Achzaï, fils de Meschillémoth, fils d’Immer,
14 et leurs frères, vaillants hommes, cent vingt-huit. Zabdiel, fils de Guedolim, était leur chef.
15 Des Lévites: Schemaeja, fils de Haschub, fils d’Azrikam, fils de Haschabia, fils de Bunni,
16 Schabbethaï et Jozabad, chargés des affaires extérieures de la maison de Dieu, et faisant partie des chefs des Lévites;
17 Matthania, fils de Michée, fils de Zabdi, fils d’Asaph, le chef qui entonnait la louange à la prière, et Bakbukia, le second parmi ses frères, et Abda, fils de Schammua, fils de Galal, fils de Jeduthun.
18 Total des Lévites dans la ville sainte: deux cent quatre-vingt-quatre.
19 Et les portiers: Akkub, Thalmon, et leurs frères, gardiens des portes, cent soixante-douze.
20 Le reste d’Israël, les sacrificateurs, les Lévites, s’établirent dans toutes les villes de Juda, chacun dans sa propriété.
21 Les Néthiniens s’établirent sur la colline, et ils avaient pour chefs Tsicha et Guischpa.
22 Le chef des Lévites à Jérusalem était Uzzi, fils de Bani, fils de Haschabia, fils de Matthania, fils de Michée, d’entre les fils d’Asaph, les chantres chargés des offices de la maison de Dieu;
23 car il y avait un ordre du roi concernant les chantres, et un salaire fixe leur était accordé pour chaque jour.
24 Pethachja, fils de Meschézabeel, des fils de Zérach, fils de Juda, était commissaire du roi pour toutes les affaires du peuple.
25 Dans les villages et leurs territoires, des fils de Juda s’établirent à Kirjath Arba et dans les lieux de son ressort, à Dibon et dans les lieux de son ressort, à Jekabtseel et dans les villages de son ressort,
26 à Jéschua, à Molada, à Beth Paleth,
27 à Hatsar Schual, à Beer Schéba, et dans les lieux de son ressort,
28 à Tsiklag, à Mecona et dans les lieux de son ressort,
29 à En Rimmon, à Tsorea, à Jarmuth,
30 à Zanoach, à Adullam, et dans les villages de leur ressort, à Lakis et dans son territoire, à Azéka et dans les lieux de son ressort. Ils s’établirent depuis Beer Schéba jusqu’à la vallée de Hinnom.
31 Les fils de Benjamin s’établirent, depuis Guéba, à Micmasch, à Ajja, à Béthel et dans les lieux de son ressort,
32 à Anathoth, à Nob, à Hanania,
33 à Hatsor, à Rama, à Guitthaïm,
34 à Hadid, à Tseboïm, à Neballath,
35 à Lod et à Ono, la vallée des ouvriers.
36 Il y eut des Lévites qui se joignirent à Benjamin, quoique appartenant aux divisions de Juda.
Louis Segond {LSG}

Nehemiah 11  

1 And the rulers of the people dwelt at Jerusalem: the rest of the people also cast lots, to bring one of ten to dwell in Jerusalem the holy city, and nine parts to dwell in other cities.
And the people blessed all the men, that willingly offered themselves to dwell at Jerusalem.
Now these are the chief of the province that dwelt in Jerusalem: but in the cities of Judah dwelt every one in his possession in their cities, to wit, Israel, the priests, and the Levites, and the Nethinims, and the children of Solomon’s servants.
And at Jerusalem dwelt certain of the children of Judah, and of the children of Benjamin. Of the children of Judah; Athaiah the son of Uzziah, the son of Zechariah, the son of Amariah, the son of Shephatiah, the son of Mahalaleel, of the children of Perez;
And Maaseiah the son of Baruch, the son of Colhozeh, the son of Hazaiah, the son of Adaiah, the son of Joiarib, the son of Zechariah, the son of Shiloni.
All the sons of Perez that dwelt at Jerusalem were four hundred threescore and eight valiant men.
And these are the sons of Benjamin; Sallu the son of Meshullam, the son of Joed, the son of Pedaiah, the son of Kolaiah, the son of Maaseiah, the son of Ithiel, the son of Jesaiah.
And after him Gabbai, Sallai, nine hundred twenty and eight.
And Joel the son of Zichri was their overseer: and Judah the son of Senuah was second over the city.
10 Of the priests: Jedaiah the son of Joiarib, Jachin.
11 Seraiah the son of Hilkiah, the son of Meshullam, the son of Zadok, the son of Meraioth, the son of Ahitub, was the ruler of the house of God.
12 And their brethren that did the work of the house were eight hundred twenty and two: and Adaiah the son of Jeroham, the son of Pelaliah, the son of Amzi, the son of Zechariah, the son of Pashur, the son of Malchiah.
13 And his brethren, chief of the fathers, two hundred forty and two: and Amashai the son of Azareel, the son of Ahasai, the son of Meshillemoth, the son of Immer,
14 And their brethren, mighty men of valour, an hundred twenty and eight: and their overseer was Zabdiel, the son of one of the great men.
15 Also of the Levites: Shemaiah the son of Hashub, the son of Azrikam, the son of Hashabiah, the son of Bunni;
16 And Shabbethai and Jozabad, of the chief of the Levites, had the oversight of the outward business of the house of God.
17 And Mattaniah the son of Micha, the son of Zabdi, the son of Asaph, was the principal to begin the thanksgiving in prayer: and Bakbukiah the second among his brethren, and Abda the son of Shammua, the son of Galal, the son of Jeduthun.
18 All the Levites in the holy city were two hundred fourscore and four.
19 Moreover the porters, Akkub, Talmon, and their brethren that kept the gates, were an hundred seventy and two.
20 And the residue of Israel, of the priests, and the Levites, were in all the cities of Judah, every one in his inheritance.
21 But the Nethinims dwelt in Ophel: and Ziha and Gispa were over the Nethinims.
22 The overseer also of the Levites at Jerusalem was Uzzi the son of Bani, the son of Hashabiah, the son of Mattaniah, the son of Micha. Of the sons of Asaph, the singers were over the business of the house of God.
23 For it was the king’s commandment concerning them, that a certain portion should be for the singers, due for every day.
24 And Pethahiah the son of Meshezabeel, of the children of Zerah the son of Judah, was at the king’s hand in all matters concerning the people.
25 And for the villages, with their fields, some of the children of Judah dwelt at Kirjatharba, and in the villages thereof, and at Dibon, and in the villages thereof, and at Jekabzeel, and in the villages thereof,
26 And at Jeshua, and at Moladah, and at Bethphelet,
27 And at Hazarshual, and at Beersheba, and in the villages thereof,
28 And at Ziklag, and at Mekonah, and in the villages thereof,
29 And at Enrimmon, and at Zareah, and at Jarmuth,
30 Zanoah, Adullam, and in their villages, at Lachish, and the fields thereof, at Azekah, and in the villages thereof. And they dwelt from Beersheba unto the valley of Hinnom.
31 The children also of Benjamin from Geba dwelt at Michmash, and Aija, and Bethel, and in their villages.
32 And at Anathoth, Nob, Ananiah,
33 Hazor, Ramah, Gittaim,
34 Hadid, Zeboim, Neballat,
35 Lod, and Ono, the valley of craftsmen.
36 And of the Levites were divisions in Judah, and in Benjamin.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}