Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 10                

Frè m’ yo, jan m’ ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!
Paske, m’ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.
Yo pa t’ konprann ki jan Bondye t’ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t’ asepte jan Bondye te vle fè l’ la.
Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l’ fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l’ ladan li.
Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l’ kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann soti ladan li.)
Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve soti vivan pami mò yo.)
Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n’ap anonse a.
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l’ leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
10 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l’, se lè sa a Bondye fè l’ gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
11 dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p’ap janm soti wont.
12  Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l’ favè l’ an kantite.
13 Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
14 Ki jan y’a fè rele l’, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
15 si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k’ap pote yon bon nouvèl ap vini!
16 Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?
17 Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y’ap anonse.
18 Men, m’ap mande: Eske Izrayèl pa t’ tande mesaj la? Men wi. Yo tande l’ byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.
19 Men, m’ap mande ankò: Eske Izrayèl pa t’ konprann sa? Pou kòmanse, men repons Moyiz bay: M’ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M’ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann.
20 Ezayi menm pouse radiyès li pi lwen toujou lè l’ di: Moun ki pa t’ap chache m’ yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t’ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen.
21 Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m’ap lonje men m’ bay yon pèp ki rebèl, k’ap fè wòklò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 10               

1 Frères, le voeu de mon coeur et ma prière à Dieu pour eux, c’est qu’ils soient sauvés.
Je leur rends le témoignage qu’ils ont du zèle pour Dieu, mais sans intelligence:
ne connaissant pas la justice de Dieu, et cherchant à établir leur propre justice, ils ne se sont pas soumis à la justice de Dieu;
car Christ est la fin de la loi, pour la justification de tous ceux qui croient.
En effet, Moïse définit ainsi la justice qui vient de la loi: L’homme qui mettra ces choses en pratique vivra par elles.
Mais voici comment parle la justice qui vient de la foi: Ne dis pas en ton coeur: Qui montera au ciel? c’est en faire descendre Christ;
ou: Qui descendra dans l’abîme? c’est faire remonter Christ d’entre les morts.
Que dit-elle donc? La parole est près de toi, dans ta bouche et dans ton coeur. Or, c’est la parole de la foi, que nous prêchons.
Si tu confesses de ta bouche le Seigneur Jésus, et si tu crois dans ton coeur que Dieu l’a ressuscité des morts, tu seras sauvé.
10 Car c’est en croyant du coeur qu’on parvient à la justice, et c’est en confessant de la bouche qu’on parvient au salut, selon ce que dit l’Écriture:
11 Quiconque croit en lui ne sera point confus.
12 Il n’y a aucune différence, en effet, entre le Juif et le Grec, puisqu’ils ont tous un même Seigneur, qui est riche pour tous ceux qui l’invoquent.
13 Car quiconque invoquera le nom du Seigneur sera sauvé.
14 Comment donc invoqueront-ils celui en qui ils n’ont pas cru? Et comment croiront-ils en celui dont ils n’ont pas entendu parler? Et comment en entendront-ils parler, s’il n’y a personne qui prêche?
15 Et comment y aura-t-il des prédicateurs, s’ils ne sont pas envoyés? selon qu’il est écrit: Qu’ils sont beaux Les pieds de ceux qui annoncent la paix, De ceux qui annoncent de bonnes nouvelles!
16 Mais tous n’ont pas obéi à la bonne nouvelle. Aussi Ésaïe dit-il: Seigneur, Qui a cru à notre prédication?
17 Ainsi la foi vient de ce qu’on entend, et ce qu’on entend vient de la parole de Christ.
18 Mais je dis: N’ont-ils pas entendu? Au contraire! Leur voix est allée par toute la terre, Et leurs paroles jusqu’aux extrémités du monde.
19 Mais je dis: Israël ne l’a-t-il pas su? Moïse le premier dit: J’exciterai votre jalousie par ce qui n’est point une nation, je provoquerai votre colère par une nation sans intelligence.
20 Et Ésaïe pousse la hardiesse jusqu’à dire: J’ai été trouvé par ceux qui ne me cherchaient pas, Je me suis manifesté à ceux qui ne me demandaient pas.
21 Mais au sujet d’Israël, il dit: J’ai tendu mes mains tout le jour vers un peuple rebelle Et contredisant.

Louis Segond {LSG}

Romans 10       

1 Brethren, my heart’s desire and prayer to God for Israel is, that they might be saved.
For I bear them record that they have a zeal of God, but not according to knowledge.
For they being ignorant of God’s righteousness, and going about to establish their own righteousness, have not submitted themselves unto the righteousness of God.
For Christ is the end of the law for righteousness to every one that believeth.
For Moses describeth the righteousness which is of the law, That the man which doeth those things shall live by them.
But the righteousness which is of faith speaketh on this wise, Say not in thine heart, Who shall ascend into heaven? (that is, to bring Christ down from above:)
Or, Who shall descend into the deep? (that is, to bring up Christ again from the dead.)
But what saith it? The word is nigh thee, even in thy mouth, and in thy heart: that is, the word of faith, which we preach;
That if thou shalt confess with thy mouth the Lord Jesus, and shalt believe in thine heart that God hath raised him from the dead, thou shalt be saved.
10 For with the heart man believeth unto righteousness; and with the mouth confession is made unto salvation.
11 For the scripture saith, Whosoever believeth on him shall not be ashamed.
12 For there is no difference between the Jew and the Greek: for the same Lord over all is rich unto all that call upon him.
13 For whosoever shall call upon the name of the Lord shall be saved.
14 How then shall they call on him in whom they have not believed? and how shall they believe in him of whom they have not heard? and how shall they hear without a preacher?
15 And how shall they preach, except they be sent? as it is written, How beautiful are the feet of them that preach the gospel of peace, and bring glad tidings of good things!
16 But they have not all obeyed the gospel. For Esaias saith, Lord, who hath believed our report?
17 So then faith cometh by hearing, and hearing by the word of God.
18 But I say, Have they not heard? Yes verily, their sound went into all the earth, and their words unto the ends of the world.
19 But I say, Did not Israel know? First Moses saith, I will provoke you to jealousy by them that are no people, and by a foolish nation I will anger you.
20 But Esaias is very bold, and saith, I was found of them that sought me not; I was made manifest unto them that asked not after me.
21 But to Israel he saith, All day long I have stretched forth my hands unto a disobedient and gainsaying people.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}