Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 1

1 Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l’ konsa:
-W’a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l’a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l’a pran nan bèt li yo.
 Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l’a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L’a vin avè l’ jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l’.
L’a mete men l’ sou tèt bèt l’ap ofri a pou Bondye ka asepte l’ tankou yon ofrann l’ap fè pou mande Bondye fè li gras.
L’a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l’ bay Seyè a. Lèfini, y’a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.
Apre sa, y’a kòche towo a, y’a koupe l’ an moso.
Prèt yo, pitit Arawon, prèt la, va limen dife sou lotèl la, y’a mete bwa nan dife a.
Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.
Moun k’ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y’a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
10  Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l’a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
11 L’a touye l’ sou bò nò lotèl la, devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.
12 Lèfini, nonm lan va koupe l’ an moso. Prèt yo va mete tout moso yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.
13 Moun k’ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l’a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
14 Si se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Seyè a, se va toutrèl osinon pijon.
15 Prèt la va pran zwazo a, l’a pote l’ bò lotèl la, l’a peze bèk li, l’a tòde kou l’ pou l’ touye l’. Y’a boule tèt la sou lotèl la, y’a fè san li koule sou kat bò lotèl la.
16 L’a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L’a jete l’ bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a.
17 Apre sa, l’a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l’a kenbe zèl yo, l’a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l’ nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

Lévitique 1

1 L’Éternel appela Moïse; de la tente d’assignation, il lui parla et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et dis-leur: Lorsque quelqu’un d’entre vous fera une offrande à l’Éternel, il offrira du bétail, du gros ou du menu bétail.
Si son offrande est un holocauste de gros bétail, il offrira un mâle sans défaut; il l’offrira à l’entrée de la tente d’assignation, devant l’Éternel, pour obtenir sa faveur.
Il posera sa main sur la tête de l’holocauste, qui sera agréé de l’Éternel, pour lui servir d’expiation.
Il égorgera le veau devant l’Éternel; et les sacrificateurs, fils d’Aaron, offriront le sang, et le répandront tout autour sur l’autel qui est à l’entrée de la tente d’assignation.
Il dépouillera l’holocauste, et le coupera par morceaux.
Les fils du sacrificateur Aaron mettront du feu sur l’autel, et arrangeront du bois sur le feu.
Les sacrificateurs, fils d’Aaron, poseront les morceaux, la tête et la graisse, sur le bois mis au feu sur l’autel.
Il lavera avec de l’eau les entrailles et les jambes; et le sacrificateur brûlera le tout sur l’autel. C’est un holocauste, un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
10 Si son offrande est un holocauste de menu bétail, d’agneaux ou de chèvres, il offrira un mâle sans défaut.
11 Il l’égorgera au côté septentrional de l’autel, devant l’Éternel; et les sacrificateurs, fils d’Aaron, en répandront le sang sur l’autel tout autour.
12 Il le coupera par morceaux; et le sacrificateur les posera, avec la tête et la graisse, sur le bois mis au feu sur l’autel.
13 Il lavera avec de l’eau les entrailles et les jambes; et le sacrificateur sacrifiera le tout, et le brûlera sur l’autel. C’est un holocauste, un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
14 Si son offrande à l’Éternel est un holocauste d’oiseaux, il offrira des tourterelles ou de jeunes pigeons.
15 Le sacrificateur sacrifiera l’oiseau sur l’autel; il lui ouvrira la tête avec l’ongle, et la brûlera sur l’autel, et il exprimera le sang contre un côté de l’autel.
16 Il ôtera le jabot avec ses plumes, et le jettera près de l’autel, vers l’orient, dans le lieu où l’on met les cendres.
17 Il déchirera les ailes, sans les détacher; et le sacrificateur brûlera l’oiseau sur l’autel, sur le bois mis au feu. C’est un holocauste, un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.

Leviticus 1

1 And the Lord called unto Moses, and spake unto him out of the tabernacle of the congregation, saying,
Speak unto the children of Israel, and say unto them, If any man of you bring an offering unto the Lord, ye shall bring your offering of the cattle, even of the herd, and of the flock.
If his offering be a burnt sacrifice of the herd, let him offer a male without blemish: he shall offer it of his own voluntary will at the door of the tabernacle of the congregation before the Lord.
And he shall put his hand upon the head of the burnt offering; and it shall be accepted for him to make atonement for him.
And he shall kill the bullock before the Lord: and the priests, Aaron’s sons, shall bring the blood, and sprinkle the blood round about upon the altar that is by the door of the tabernacle of the congregation.
And he shall flay the burnt offering, and cut it into his pieces.
And the sons of Aaron the priest shall put fire upon the altar, and lay the wood in order upon the fire:
And the priests, Aaron’s sons, shall lay the parts, the head, and the fat, in order upon the wood that is on the fire which is upon the altar:
But his inwards and his legs shall he wash in water: and the priest shall burn all on the altar, to be a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
10 And if his offering be of the flocks, namely, of the sheep, or of the goats, for a burnt sacrifice; he shall bring it a male without blemish.
11 And he shall kill it on the side of the altar northward before the Lord: and the priests, Aaron’s sons, shall sprinkle his blood round about upon the altar.
12 And he shall cut it into his pieces, with his head and his fat: and the priest shall lay them in order on the wood that is on the fire which is upon the altar:
13 But he shall wash the inwards and the legs with water: and the priest shall bring it all, and burn it upon the altar: it is a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
14 And if the burnt sacrifice for his offering to the Lord be of fowls, then he shall bring his offering of turtledoves, or of young pigeons.
15 And the priest shall bring it unto the altar, and wring off his head, and burn it on the altar; and the blood thereof shall be wrung out at the side of the altar:
16 And he shall pluck away his crop with his feathers, and cast it beside the altar on the east part, by the place of the ashes:
17 And he shall cleave it with the wings thereof, but shall not divide it asunder: and the priest shall burn it upon the altar, upon the wood that is upon the fire: it is a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}