Liv Estè / Esther / Esther

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Estè 5 

1 Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l’ kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l’ lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an.
Wa a mande l’: -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m’ mwatye nan peyi a, m’ap ba ou li.
Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m’ap fè pou li lakay mwen aswè a.
Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n’ al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman.
Pandan yo t’ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m’ sa ou vle, m’ap ba ou li. Ou te mèt mande m’ mwatye nan peyi a, m’ap ba ou li.
Estè reponn, li di konsa: -Sa m’ bezwen…? Sa m’ ta mande ou…?
Si wa a kontan avè m’, si se plezi li pou li ban m’ sa m’ vle a, pou li fè sa m’a mande l’ fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m’ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m’a di monwa sa m’ bezwen.
 Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t’ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l’ap pase. Li move anpil sou Madoche,
10 men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l’ yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.
11 Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l’ grad, li te mete l’ chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k’ap sèvi nan gouvenman an.
12 Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m’ pou denmen ankò!
13 Men, tou sa pa di m’ anyen, toutotan m’a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a.
14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l’ yo di l’ konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w’a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Esther 5

1 Le troisième jour, Esther mit ses vêtements royaux et se présenta dans la cour intérieure de la maison du roi, devant la maison du roi. Le roi était assis sur son trône royal dans la maison royale, en face de l’entrée de la maison.
Lorsque le roi vit la reine Esther debout dans la cour, elle trouva grâce à ses yeux; et le roi tendit à Esther le sceptre d’or qu’il tenait à la main. Esther s’approcha, et toucha le bout du sceptre.
Le roi lui dit: Qu’as-tu, reine Esther, et que demandes-tu? Quand ce serait la moitié du royaume, elle te serait donnée.
Esther répondit: Si le roi le trouve bon, que le roi vienne aujourd’hui avec Haman au festin que je lui ai préparé.
Et le roi dit: Allez tout de suite chercher Haman, comme le désire Esther. Le roi se rendit avec Haman au festin qu’avait préparé Esther.
Et pendant qu’on buvait le vin, le roi dit à Esther: Quelle est ta demande? Elle te sera accordée. Que désires-tu? Quand ce serait la moitié du royaume, tu l’obtiendras.
Esther répondit: Voici ce que je demande et ce que je désire.
Si j’ai trouvé grâce aux yeux du roi, et s’il plaît au roi d’accorder ma demande et de satisfaire mon désir, que le roi vienne avec Haman au festin que je leur préparerai, et demain je donnerai réponse au roi selon son ordre.
Haman sortit ce jour-là, joyeux et le coeur content. Mais lorsqu’il vit, à la porte du roi, Mardochée qui ne se levait ni ne se remuait devant lui, il fut rempli de colère contre Mardochée.
10 Il sut néanmoins se contenir, et il alla chez lui. Puis il envoya chercher ses amis et Zéresch, sa femme.
11 Haman leur parla de la magnificence de ses richesses, du nombre de ses fils, de tout ce qu’avait fait le roi pour l’élever en dignité, et du rang qu’il lui avait donné au-dessus des chefs et des serviteurs du roi.
12 Et il ajouta: Je suis même le seul que la reine Esther ait admis avec le roi au festin qu’elle a fait, et je suis encore invité pour demain chez elle avec le roi.
13 Mais tout cela n’est d’aucun prix pour moi aussi longtemps que je verrai Mardochée, le Juif, assis à la porte du roi.
14 Zéresch, sa femme, et tous ses amis lui dirent: Qu’on prépare un bois haut de cinquante coudées, et demain matin demande au roi qu’on y pende Mardochée; puis tu iras joyeux au festin avec le roi. Cet avis plut à Haman, et il fit préparer le bois.
Louis Segond {LSG}

Esther 5    

1 Now it came to pass on the third day, that Esther put on her royal apparel, and stood in the inner court of the king’s house, over against the king’s house: and the king sat upon his royal throne in the royal house, over against the gate of the house.
And it was so, when the king saw Esther the queen standing in the court, that she obtained favour in his sight: and the king held out to Esther the golden sceptre that was in his hand. So Esther drew near, and touched the top of the sceptre.
Then said the king unto her, What wilt thou, queen Esther? and what is thy request? it shall be even given thee to the half of the kingdom.
And Esther answered, If it seem good unto the king, let the king and Haman come this day unto the banquet that I have prepared for him.
Then the king said, Cause Haman to make haste, that he may do as Esther hath said. So the king and Haman came to the banquet that Esther had prepared.
And the king said unto Esther at the banquet of wine, What is thy petition? and it shall be granted thee: and what is thy request? even to the half of the kingdom it shall be performed.
Then answered Esther, and said, My petition and my request is;
If I have found favour in the sight of the king, and if it please the king to grant my petition, and to perform my request, let the king and Haman come to the banquet that I shall prepare for them, and I will do to morrow as the king hath said.
Then went Haman forth that day joyful and with a glad heart: but when Haman saw Mordecai in the king’s gate, that he stood not up, nor moved for him, he was full of indignation against Mordecai.
10 Nevertheless Haman refrained himself: and when he came home, he sent and called for his friends, and Zeresh his wife.
11 And Haman told them of the glory of his riches, and the multitude of his children, and all the things wherein the king had promoted him, and how he had advanced him above the princes and servants of the king.
12 Haman said moreover, Yea, Esther the queen did let no man come in with the king unto the banquet that she had prepared but myself; and to morrow am I invited unto her also with the king.
13 Yet all this availeth me nothing, so long as I see Mordecai the Jew sitting at the king’s gate.
14 Then said Zeresh his wife and all his friends unto him, Let a gallows be made of fifty cubits high, and to morrow speak thou unto the king that Mordecai may be hanged thereon: then go thou in merrily with the king unto the banquet. And the thing pleased Haman; and he caused the gallows to be made.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}