Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 5            

Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo.
Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.
Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t’ kapab mare l’, pa menm avèk chenn.
Anpil fwa, yo te mete tou de pye l’ yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l’ yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t’ gen fòs ase pou donte li.
Tout tan, lajounen kou lannwit, li t’ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t’ap rele san rete, li t’ap matirize kò l’ ak kout wòch.
Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li.
Li pran rele byen fò, li di l’ konsa: -Kisa m’ gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m’ soufri.
(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l’ lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan).
Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m’ Rejiman, paske nou anpil.
10 Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.
11 Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t’ap chache manje pou yo manje.
12 Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo.
13 Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.
14 Moun ki t’ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive.
15 Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l’, byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.
16 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo.
17 Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.
18 Antan Jezi t’ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l’ pèmisyon pou li ale ave l’ tou.
19 Men Jezi pa t’ kite l’ ale, li di l’ konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.
20 Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l’ pale.
21  Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann soti nan kannòt la, yon foul moun gen tan sanble bò kote li. Antan li sou rivaj la,
22 Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l’ nan pye li.
23 Li mande Jezi: -Pitit fi m’ lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l’ ka geri. vin ba l’ lavi pou mwen.
24 Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t’ap swiv li. Yo te kwense l’ toupatou.
25 Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan.
26 Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t’ jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li.
27 Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l’ nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.
28 Fanm lan te di nan kè l’: Si m’ kapab manyen ke rad li sèlman, m’a geri.
29 Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l’ gaya.
30 Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en?
31 Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w’ap mande: Ki moun ki manyen ou?
32 Men Jezi t’ap pwonmennen je l’ toupatou pou wè moun ki te fè l’ sa a.
33 Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l’ t’ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l’ nan pye Jezi. Li di l’ tout verite a.
34 Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
35  Jezi t’ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
36 Men Jezi pa t’ okipe sa yo t’ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
37 Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t’ pèmèt lòt moun swiv li.
38 Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t’ap fè gwo eskandal: genyen ki t’ap kriye; lòt menm t’ap plede rele.
39 Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l’ap dòmi.
40 Yo tonbe pase l’ nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.
41 Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.
42 Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.
43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t’ kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 5           

1 Ils arrivèrent à l’autre bord de la mer, dans le pays des Gadaréniens.
Aussitôt que Jésus fut hors de la barque, il vint au-devant de lui un homme, sortant des sépulcres, et possédé d’un esprit impur.
Cet homme avait sa demeure dans les sépulcres, et personne ne pouvait plus le lier, même avec une chaîne.
Car souvent il avait eu les fers aux pieds et avait été lié de chaînes, mais il avait rompu les chaînes et brisé les fers, et personne n’avait la force de le dompter.
Il était sans cesse, nuit et jour, dans les sépulcres et sur les montagnes, criant, et se meurtrissant avec des pierres.
Ayant vu Jésus de loin, il accourut, se prosterna devant lui,
et s’écria d’une voix forte: Qu’y a-t-il entre moi et toi, Jésus, Fils du Dieu Très Haut? Je t’en conjure au nom de Dieu, ne me tourmente pas.
Car Jésus lui disait: Sors de cet homme, esprit impur!
Et, il lui demanda: Quel est ton nom? Légion est mon nom, lui répondit-il, car nous sommes plusieurs.
10 Et il le priait instamment de ne pas les envoyer hors du pays.
11 Il y avait là, vers la montagne, un grand troupeau de pourceaux qui paissaient.
12 Et les démons le prièrent, disant: Envoie-nous dans ces pourceaux, afin que nous entrions en eux.
13 Il le leur permit. Et les esprits impurs sortirent, entrèrent dans les pourceaux, et le troupeau se précipita des pentes escarpées dans la mer: il y en avait environ deux mille, et ils se noyèrent dans la mer.
14 Ceux qui les faisaient paître s’enfuirent, et répandirent la nouvelle dans la ville et dans les campagnes. Les gens allèrent voir ce qui était arrivé.
15 Ils vinrent auprès de Jésus, et ils virent le démoniaque, celui qui avait eu la légion, assis, vêtu, et dans son bon sens; et ils furent saisis de frayeur.
16 Ceux qui avaient vu ce qui s’était passé leur racontèrent ce qui était arrivé au démoniaque et aux pourceaux.
17 Alors ils se mirent à supplier Jésus de quitter leur territoire.
18 Comme il montait dans la barque, celui qui avait été démoniaque lui demanda la permission de rester avec lui.
19 Jésus ne le lui permit pas, mais il lui dit: Va dans ta maison, vers les tiens, et raconte-leur tout ce que le Seigneur t’a fait, et comment il a eu pitié de toi.
20 Il s’en alla, et se mit à publier dans la Décapole tout ce que Jésus avait fait pour lui. Et tous furent dans l’étonnement.
21 Jésus dans la barque regagna l’autre rive, où une grande foule s’assembla près de lui. Il était au bord de la mer.
22 Alors vint un des chefs de la synagogue, nommé Jaïrus, qui, l’ayant aperçu, se jeta à ses pieds,
23 et lui adressa cette instante prière: Ma petite fille est à l’extrémité, viens, impose-lui les mains, afin qu’elle soit sauvée et qu’elle vive.
24 Jésus s’en alla avec lui. Et une grande foule le suivait et le pressait.
25 Or, il y avait une femme atteinte d’une perte de sang depuis douze ans.
26 Elle avait beaucoup souffert entre les mains de plusieurs médecins, elle avait dépensé tout ce qu’elle possédait, et elle n’avait éprouvé aucun soulagement, mais était allée plutôt en empirant.
27 Ayant entendu parler de Jésus, elle vint dans la foule par derrière, et toucha son vêtement.
28 Car elle disait: Si je puis seulement toucher ses vêtements, je serai guérie.
29 Au même instant la perte de sang s’arrêta, et elle sentit dans son corps qu’elle était guérie de son mal.
30 Jésus connut aussitôt en lui-même qu’une force était sortie de lui; et, se retournant au milieu de la foule, il dit: Qui a touché mes vêtements?
31 Ses disciples lui dirent: Tu vois la foule qui te presse, et tu dis: Qui m’a touché?
32 Et il regardait autour de lui, pour voir celle qui avait fait cela.
33 La femme, effrayée et tremblante, sachant ce qui s’était passé en elle, vint se jeter à ses pieds, et lui dit toute la vérité.
34 Mais Jésus lui dit: Ma fille, ta foi t’a sauvée; va en paix, et sois guérie de ton mal.
35 Comme il parlait encore, survinrent de chez le chef de la synagogue des gens qui dirent: Ta fille est morte; pourquoi importuner davantage le maître?
36 Mais Jésus, sans tenir compte de ces paroles, dit au chef de la synagogue: Ne crains pas, crois seulement.
37 Et il ne permit à personne de l’accompagner, si ce n’est à Pierre, à Jacques, et à Jean, frère de Jacques.
38 Ils arrivèrent à la maison du chef de la synagogue, où Jésus vit une foule bruyante et des gens qui pleuraient et poussaient de grands cris.
39 Il entra, et leur dit: Pourquoi faites-vous du bruit, et pourquoi pleurez-vous? L’enfant n’est pas morte, mais elle dort.
40 Et ils se moquaient de lui. Alors, ayant fait sortir tout le monde, il prit avec lui le père et la mère de l’enfant, et ceux qui l’avaient accompagné, et il entra là où était l’enfant.
41 Il la saisit par la main, et lui dit: Talitha koumi, ce qui signifie: Jeune fille, lève-toi, je te le dis.
42 Aussitôt la jeune fille se leva, et se mit à marcher; car elle avait douze ans. Et ils furent dans un grand étonnement.
43 Jésus leur adressa de fortes recommandations, pour que personne ne sût la chose; et il dit qu’on donnât à manger à la jeune fille.

Louis Segond {LSG}

Mark 5    

1 And they came over unto the other side of the sea, into the country of the Gadarenes.
And when he was come out of the ship, immediately there met him out of the tombs a man with an unclean spirit,
Who had his dwelling among the tombs; and no man could bind him, no, not with chains:
Because that he had been often bound with fetters and chains, and the chains had been plucked asunder by him, and the fetters broken in pieces: neither could any man tame him.
And always, night and day, he was in the mountains, and in the tombs, crying, and cutting himself with stones.
But when he saw Jesus afar off, he ran and worshipped him,
And cried with a loud voice, and said, What have I to do with thee, Jesus, thou Son of the most high God? I adjure thee by God, that thou torment me not.
For he said unto him, Come out of the man, thou unclean spirit.
And he asked him, What is thy name? And he answered, saying, My name is Legion: for we are many.
10 And he besought him much that he would not send them away out of the country.
11 Now there was there nigh unto the mountains a great herd of swine feeding.
12 And all the devils besought him, saying, Send us into the swine, that we may enter into them.
13 And forthwith Jesus gave them leave. And the unclean spirits went out, and entered into the swine: and the herd ran violently down a steep place into the sea, (they were about two thousand;) and were choked in the sea.
14 And they that fed the swine fled, and told it in the city, and in the country. And they went out to see what it was that was done.
15 And they come to Jesus, and see him that was possessed with the devil, and had the legion, sitting, and clothed, and in his right mind: and they were afraid.
16 And they that saw it told them how it befell to him that was possessed with the devil, and also concerning the swine.
17 And they began to pray him to depart out of their coasts.
18 And when he was come into the ship, he that had been possessed with the devil prayed him that he might be with him.
19 Howbeit Jesus suffered him not, but saith unto him, Go home to thy friends, and tell them how great things the Lord hath done for thee, and hath had compassion on thee.
20 And he departed, and began to publish in Decapolis how great things Jesus had done for him: and all men did marvel.
21 And when Jesus was passed over again by ship unto the other side, much people gathered unto him: and he was nigh unto the sea.
22 And, behold, there cometh one of the rulers of the synagogue, Jairus by name; and when he saw him, he fell at his feet,
23 And besought him greatly, saying, My little daughter lieth at the point of death: I pray thee, come and lay thy hands on her, that she may be healed; and she shall live.
24 And Jesus went with him; and much people followed him, and thronged him.
25 And a certain woman, which had an issue of blood twelve years,
26 And had suffered many things of many physicians, and had spent all that she had, and was nothing bettered, but rather grew worse,
27 When she had heard of Jesus, came in the press behind, and touched his garment.
28 For she said, If I may touch but his clothes, I shall be whole.
29 And straightway the fountain of her blood was dried up; and she felt in her body that she was healed of that plague.
30 And Jesus, immediately knowing in himself that virtue had gone out of him, turned him about in the press, and said, Who touched my clothes?
31 And his disciples said unto him, Thou seest the multitude thronging thee, and sayest thou, Who touched me?
32 And he looked round about to see her that had done this thing.
33 But the woman fearing and trembling, knowing what was done in her, came and fell down before him, and told him all the truth.
34 And he said unto her, Daughter, thy faith hath made thee whole; go in peace, and be whole of thy plague.
35 While he yet spake, there came from the ruler of the synagogue’s house certain which said, Thy daughter is dead: why troublest thou the Master any further?
36 As soon as Jesus heard the word that was spoken, he saith unto the ruler of the synagogue, Be not afraid, only believe.
37 And he suffered no man to follow him, save Peter, and James, and John the brother of James.
38 And he cometh to the house of the ruler of the synagogue, and seeth the tumult, and them that wept and wailed greatly.
39 And when he was come in, he saith unto them, Why make ye this ado, and weep? the damsel is not dead, but sleepeth.
40 And they laughed him to scorn. But when he had put them all out, he taketh the father and the mother of the damsel, and them that were with him, and entereth in where the damsel was lying.
41 And he took the damsel by the hand, and said unto her, Talitha cumi; which is, being interpreted, Damsel, I say unto thee, arise.
42 And straightway the damsel arose, and walked; for she was of the age of twelve years. And they were astonished with a great astonishment.
43 And he charged them straitly that no man should know it; and commanded that something should be given her to eat.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}