Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 34    

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.
Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo.
Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n’ kraze yo, pou n’ maltrete yo.
Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo.
Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.
 Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou.
Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k’ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m’ yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m’ yo pa fè anyen pou mouton m’ yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m’ yo.
Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m’ap di nou.
10 Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M’ap leve dèyè nou! M’ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p’ap kite nou reskonsab mouton m’ yo ankò. Konsa nou p’ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m’ yo. Wi, m’ap wete mouton m’ yo anba dan nou. Nou p’ap ka pwofite sou yo ankò.
11 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m’ yo pou m’ swen yo.
12 Menm jan yon gadò mache swen mouton l’ yo ki te gaye, konsa m’ap mache sanble tout mouton m’ yo, m’ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m’ap fè yo tounen.
13 M’ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m’ap sanble yo, m’ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M’ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.
14 M’ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.
15 Se mwen menm ki pral okipe mouton m’ yo. Se mwen menm k’ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
16 Sa ki pèdi yo, m’ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m’ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m’ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m’ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m’ap touye yo. M’ap swen mouton m’ yo jan m’ dwe fè l’ la.
17  Pou nou menm, mouton m’ yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M’ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.
18 Genyen nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo.
19 Konsa, rès mouton m’ yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo.
20 Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo.
21 Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan.
22 Men, m’ap vin sove mouton m’ yo, m’ p’ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k’ap jij nan mitan nou.
23 M’ap ba yo yon wa k’ap tankou David, sèvitè m’ lan. Se li menm ki pral okipe yo, k’ap mennen yo manje. Se li menm k’ap gadò yo.
24 Se mwen menm, Seyè a, k’ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m’ lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
25 M’ap pase ak yo yon kontra k’ap garanti yo kè poze, m’ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m’ yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y’a dòmi nan rakbwa yo.
26 M’ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M’ap beni yo, m’ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe.
27 Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m’a wete chenn lan nan kou yo, lè m’a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
28 Moun lòt nasyon p’ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p’ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p’ap vin chache yo kont.
29 M’ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p’ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p’ap pase yo nan betiz ankò.
30 Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m’ lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
31 Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m’ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 34

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, prophétise contre les pasteurs d’Israël! Prophétise, et dis-leur, aux pasteurs: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Malheur aux pasteurs d’Israël, qui se paissaient eux-mêmes! Les pasteurs ne devaient-ils pas paître le troupeau?
Vous avez mangé la graisse, vous vous êtes vêtus avec la laine, vous avez tué ce qui était gras, vous n’avez point fait paître les brebis.
Vous n’avez pas fortifié celles qui étaient faibles, guéri celle qui était malade, pansé celle qui était blessée; vous n’avez pas ramené celle qui s’égarait, cherché celle qui était perdue; mais vous les avez dominées avec violence et avec dureté.
Elles se sont dispersées, parce qu’elles n’avaient point de pasteur; elles sont devenues la proie de toutes les bêtes des champs, elles se sont dispersées.
Mon troupeau est errant sur toutes les montagnes et sur toutes les collines élevées, mon troupeau est dispersé sur toute la face du pays; nul n’en prend souci, nul ne le cherche.
C’est pourquoi, pasteurs, écoutez la parole de l’Éternel!
Je suis vivant! dit le Seigneur, l’Éternel, parce que mes brebis sont au pillage et qu’elles sont devenues la proie de toutes les bêtes des champs, faute de pasteur, parce que mes pasteurs ne prenaient aucun souci de mes brebis, qu’ils se paissaient eux-mêmes, et ne faisaient point paître mes brebis, –
à cause de cela, pasteurs, écoutez la parole de l’Éternel!
10 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux aux pasteurs! Je reprendrai mes brebis d’entre leurs mains, je ne les laisserai plus paître mes brebis, et ils ne se paîtront plus eux-mêmes; je délivrerai mes brebis de leur bouche, et elles ne seront plus pour eux une proie.
11 Car ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’aurai soin moi-même de mes brebis, et j’en ferai la revue.
12 Comme un pasteur inspecte son troupeau quand il est au milieu de ses brebis éparses, ainsi je ferai la revue de mes brebis, et je les recueillerai de tous les lieux où elles ont été dispersées au jour des nuages et de l’obscurité.
13 Je les retirerai d’entre les peuples, je les rassemblerai des diverses contrées, et je les ramènerai dans leur pays; je les ferai paître sur les montagnes d’Israël, le long des ruisseaux, et dans tous les lieux habités du pays.
14 Je les ferai paître dans un bon pâturage, et leur demeure sera sur les montagnes élevées d’Israël; là elles reposeront dans un agréable asile, et elles auront de gras pâturages sur les montagnes d’Israël.
15 C’est moi qui ferai paître mes brebis, c’est moi qui les ferai reposer, dit le Seigneur, l’Éternel.
16 Je chercherai celle qui était perdue, je ramènerai celle qui était égarée, je panserai celle qui est blessée, et je fortifierai celle qui est malade. Mais je détruirai celles qui sont grasses et vigoureuses. Je veux les paître avec justice.
17 Et vous, mes brebis, ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, je jugerai entre brebis et brebis, entre béliers et boucs.
18 Est-ce trop peu pour vous de paître dans le bon pâturage, pour que vous fouliez de vos pieds le reste de votre pâturage? de boire une eau limpide, pour que vous troubliez le reste avec vos pieds?
19 Et mes brebis doivent paître ce que vos pieds ont foulé, et boire ce que vos pieds ont troublé!
20 C’est pourquoi ainsi leur parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, je jugerai entre la brebis grasse et la brebis maigre.
21 Parce que vous avez heurté avec le côté et avec l’épaule, et frappé de vos cornes toutes les brebis faibles, jusqu’à ce que vous les ayez chassées,
22 je porterai secours à mes brebis, afin qu’elles ne soient plus au pillage, et je jugerai entre brebis et brebis.
23 J’établirai sur elles un seul pasteur, qui les fera paître, mon serviteur David; il les fera paître, il sera leur pasteur.
24 Moi, l’Éternel, je serai leur Dieu, et mon serviteur David sera prince au milieu d’elles. Moi, l’Éternel, j’ai parlé.
25 Je traiterai avec elles une alliance de paix, et je ferai disparaître du pays les animaux sauvages; elles habiteront en sécurité dans le désert, et dormiront au milieu des forêts.
26 Je ferai d’elles et des environs de ma colline un sujet de bénédiction; j’enverrai la pluie en son temps, et ce sera une pluie de bénédiction.
27 L’arbre des champs donnera son fruit, et la terre donnera ses produits. Elles seront en sécurité dans leur pays; et elles sauront que je suis l’Éternel, quand je briserai les liens de leur joug, et que je les délivrerai de la main de ceux qui les asservissaient.
28 Elles ne seront plus au pillage parmi les nations, les bêtes de la terre ne les dévoreront plus, elles habiteront en sécurité, et il n’y aura personne pour les troubler.
29 J’établirai pour elles une plantation qui aura du renom; elles ne seront plus consumées par la faim dans le pays, et elles ne porteront plus l’opprobre des nations.
30 Et elles sauront que moi, l’Éternel, leur Dieu, je suis avec elles, et qu’elles sont mon peuple, elles, la maison d’Israël, dit le Seigneur, l’Éternel.
31 Vous, mes brebis, brebis de mon pâturage, vous êtes des hommes; moi, je suis votre Dieu, dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 34

1 And the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, prophesy against the shepherds of Israel, prophesy, and say unto them, Thus saith the Lord God unto the shepherds; Woe be to the shepherds of Israel that do feed themselves! should not the shepherds feed the flocks?
Ye eat the fat, and ye clothe you with the wool, ye kill them that are fed: but ye feed not the flock.
The diseased have ye not strengthened, neither have ye healed that which was sick, neither have ye bound up that which was broken, neither have ye brought again that which was driven away, neither have ye sought that which was lost; but with force and with cruelty have ye ruled them.
And they were scattered, because there is no shepherd: and they became meat to all the beasts of the field, when they were scattered.
My sheep wandered through all the mountains, and upon every high hill: yea, my flock was scattered upon all the face of the earth, and none did search or seek after them.
Therefore, ye shepherds, hear the word of the Lord;
As I live, saith the Lord God, surely because my flock became a prey, and my flock became meat to every beast of the field, because there was no shepherd, neither did my shepherds search for my flock, but the shepherds fed themselves, and fed not my flock;
Therefore, O ye shepherds, hear the word of the Lord;
10 Thus saith the Lord God; Behold, I am against the shepherds; and I will require my flock at their hand, and cause them to cease from feeding the flock; neither shall the shepherds feed themselves any more; for I will deliver my flock from their mouth, that they may not be meat for them.
11 For thus saith the Lord God; Behold, I, even I, will both search my sheep, and seek them out.
12 As a shepherd seeketh out his flock in the day that he is among his sheep that are scattered; so will I seek out my sheep, and will deliver them out of all places where they have been scattered in the cloudy and dark day.
13 And I will bring them out from the people, and gather them from the countries, and will bring them to their own land, and feed them upon the mountains of Israel by the rivers, and in all the inhabited places of the country.
14 I will feed them in a good pasture, and upon the high mountains of Israel shall their fold be: there shall they lie in a good fold, and in a fat pasture shall they feed upon the mountains of Israel.
15 I will feed my flock, and I will cause them to lie down, saith the Lord God.
16 I will seek that which was lost, and bring again that which was driven away, and will bind up that which was broken, and will strengthen that which was sick: but I will destroy the fat and the strong; I will feed them with judgment.
17 And as for you, O my flock, thus saith the Lord God; Behold, I judge between cattle and cattle, between the rams and the he goats.
18 Seemeth it a small thing unto you to have eaten up the good pasture, but ye must tread down with your feet the residue of your pastures? and to have drunk of the deep waters, but ye must foul the residue with your feet?
19 And as for my flock, they eat that which ye have trodden with your feet; and they drink that which ye have fouled with your feet.
20 Therefore thus saith the Lord God unto them; Behold, I, even I, will judge between the fat cattle and between the lean cattle.
21 Because ye have thrust with side and with shoulder, and pushed all the diseased with your horns, till ye have scattered them abroad;
22 Therefore will I save my flock, and they shall no more be a prey; and I will judge between cattle and cattle.
23 And I will set up one shepherd over them, and he shall feed them, even my servant David; he shall feed them, and he shall be their shepherd.
24 And I the Lord will be their God, and my servant David a prince among them; I the Lord have spoken it.
25 And I will make with them a covenant of peace, and will cause the evil beasts to cease out of the land: and they shall dwell safely in the wilderness, and sleep in the woods.
26 And I will make them and the places round about my hill a blessing; and I will cause the shower to come down in his season; there shall be showers of blessing.
27 And the tree of the field shall yield her fruit, and the earth shall yield her increase, and they shall be safe in their land, and shall know that I am the Lord, when I have broken the bands of their yoke, and delivered them out of the hand of those that served themselves of them.
28 And they shall no more be a prey to the heathen, neither shall the beast of the land devour them; but they shall dwell safely, and none shall make them afraid.
29 And I will raise up for them a plant of renown, and they shall be no more consumed with hunger in the land, neither bear the shame of the heathen any more.
30 Thus shall they know that I the Lord their God am with them, and that they, even the house of Israel, are my people, saith the Lord God.
31 And ye my flock, the flock of my pasture, are men, and I am your God, saith the Lord God.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}