Liv 1 Pyè / 1 Pierre / 1 Peter

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Pyè 3       

Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n’ pa janm bezwen louvri bouch nou,
paske y’a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.
Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n’ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n’ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.
Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p’ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.
Nan tan lontan, se konsa medam ki t’ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo.
Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l’ mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y’a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p’ap antrave lapriyè nou.
 Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.
Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l’ ban nou lè li te rele nou an.
10 Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l’ anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l’ kenbe lang li pou l’ pa pale moun mal. Se pou l’ veye bouch li pou l’ pa bay manti.
11 Se pou l’ sispann fè sa ki mal, se pou l’ fè sa ki byen. Se pou l’ chache viv byen ak moun. Se pou l’ fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
12 Paske, Bondye veye sou moun k’ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y’ap lapriyè nan pye l’. Men, l’ap vire do bay moun k’ap fè sa ki mal.
13 Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè?
14 Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
15 Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n’ toujou pare pou n’ defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an.
16  Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k’ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t’ap joure nou an.
17 Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n’ soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.
18  Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p’ap janm mouri ankò. Li menm ki t’ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t’ap mache dwat yo, pou l’ te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l’, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
19 Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.
20 Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t’ap tann ak pasyans pandan Noe t’ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a.
21  Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k’ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k’ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,
22 ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l’ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Pierre 3                       

1 Femmes, soyez de mêmes soumises à vos maris, afin que, si quelques-uns n’obéissent point à la parole, ils soient gagnés sans parole par la conduite de leurs femmes,
en voyant votre manière de vivre chaste et réservée.
Ayez, non cette parure extérieure qui consiste dans les cheveux tressés, les ornements d’or, ou les habits qu’on revêt,
mais la parure intérieure et cachée dans le coeur, la pureté incorruptible d’un esprit doux et paisible, qui est d’un grand prix devant Dieu.
Ainsi se paraient autrefois les saintes femmes qui espéraient en Dieu, soumises à leurs maris,
comme Sara, qui obéissait à Abraham et l’appelait son seigneur. C’est d’elle que vous êtes devenues les filles, en faisant ce qui est bien, sans vous laisser troubler par aucune crainte.
Maris, montrer à votre tour de la sagesse dans vos rapports avec vos femmes, comme avec un sexe plus faible; honorez-les, comme devant aussi hériter avec vous de la grâce de la vie. Qu’il en soit ainsi, afin que rien ne vienne faire obstacle à vos prières.
Enfin, soyez tous animés des mêmes pensées et des mêmes sentiments, pleins d’amour fraternel, de compassion, d’humilité.
Ne rendez point mal pour mal, ou injure pour injure; bénissez, au contraire, car c’est à cela que vous avez été appelés, afin d’hériter la bénédiction.
10 Si quelqu’un, en effet, veut aimer la vie Et voir des jours heureux, Qu’il préserve sa langue du mal Et ses lèvres des paroles trompeuses,
11 Qu’il s’éloigne du mal et fasse le bien, Qu’il recherche la paix et la poursuive;
12 Car les yeux du Seigneur sont sur les justes Et ses oreilles sont attentives à leur prière, Mais la face du Seigneur est contre ceux qui font le mal.
13 Et qui vous maltraitera, si vous êtes zélés pour le bien?
14 D’ailleurs, quand vous souffririez pour la justice, vous seriez heureux. N’ayez d’eux aucune crainte, et ne soyez pas troublés;
15 Mais sanctifiez dans vos coeurs Christ le Seigneur, étant toujours prêts à vous défendre, avec douceur et respect, devant quiconque vous demande raison de l’espérance qui est en vous,
16 et ayant une bonne conscience, afin que, là même où ils vous calomnient comme si vous étiez des malfaiteurs, ceux qui décrient votre bonne conduite en Christ soient couverts de confusion.
17 Car il vaut mieux souffrir, si telle est la volonté de Dieu, en faisant le bien qu’en faisant le mal.
18 Christ aussi a souffert une fois pour les péchés, lui juste pour des injustes, afin de nous amener à Dieu, ayant été mis à mort quant à la chair, mais ayant été rendu vivant quant à l’Esprit,
19 dans lequel aussi il est allé prêcher aux esprits en prison,
20 qui autrefois avaient été incrédules, lorsque la patience de Dieu se prolongeait, aux jours de Noé, pendant la construction de l’arche, dans laquelle un petit nombre de personnes, c’est-à-dire huit, furent sauvées à travers l’eau.
21 Cette eau était une figure du baptême, qui n’est pas la purification des souillures du corps, mais l’engagement d’une bonne conscience envers Dieu, et qui maintenant vous sauve, vous aussi, par la résurrection de Jésus Christ,
22 qui est à la droite de Dieu, depuis qu’il est allé au ciel, et que les anges, les autorités et les puissances, lui ont été soumis.

Louis Segond {LSG}

1 Peter 3            

1 Likewise, ye wives, be in subjection to your own husbands; that, if any obey not the word, they also may without the word be won by the conversation of the wives;
While they behold your chaste conversation coupled with fear.
Whose adorning let it not be that outward adorning of plaiting the hair, and of wearing of gold, or of putting on of apparel;
But let it be the hidden man of the heart, in that which is not corruptible, even the ornament of a meek and quiet spirit, which is in the sight of God of great price.
For after this manner in the old time the holy women also, who trusted in God, adorned themselves, being in subjection unto their own husbands:
Even as Sara obeyed Abraham, calling him lord: whose daughters ye are, as long as ye do well, and are not afraid with any amazement.
Likewise, ye husbands, dwell with them according to knowledge, giving honour unto the wife, as unto the weaker vessel, and as being heirs together of the grace of life; that your prayers be not hindered.
Finally, be ye all of one mind, having compassion one of another, love as brethren, be pitiful, be courteous:
Not rendering evil for evil, or railing for railing: but contrariwise blessing; knowing that ye are thereunto called, that ye should inherit a blessing.
10 For he that will love life, and see good days, let him refrain his tongue from evil, and his lips that they speak no guile:
11 Let him eschew evil, and do good; let him seek peace, and ensue it.
12 For the eyes of the Lord are over the righteous, and his ears are open unto their prayers: but the face of the Lord is against them that do evil.
13 And who is he that will harm you, if ye be followers of that which is good?
14 But and if ye suffer for righteousness’ sake, happy are ye: and be not afraid of their terror, neither be troubled;
15 But sanctify the Lord God in your hearts: and be ready always to give an answer to every man that asketh you a reason of the hope that is in you with meekness and fear:
16 Having a good conscience; that, whereas they speak evil of you, as of evildoers, they may be ashamed that falsely accuse your good conversation in Christ.
17 For it is better, if the will of God be so, that ye suffer for well doing, than for evil doing.
18 For Christ also hath once suffered for sins, the just for the unjust, that he might bring us to God, being put to death in the flesh, but quickened by the Spirit:
19 By which also he went and preached unto the spirits in prison;
20 Which sometime were disobedient, when once the longsuffering of God waited in the days of Noah, while the ark was a preparing, wherein few, that is, eight souls were saved by water.
21 The like figure whereunto even baptism doth also now save us (not the putting away of the filth of the flesh, but the answer of a good conscience toward God,) by the resurrection of Jesus Christ:
22 Who is gone into heaven, and is on the right hand of God; angels and authorities and powers being made subject unto him.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}