Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 61            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David.
1 Bondye, tande jan m’ap rele nan pye ou! Koute lè m’ap lapriyè ou!
 Kè m’ kase, mwen lwen lakay mwen. M’ap rele ou. Tanpri, mennen m’ al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
 Paske, se ou k’ap pwoteje m’, se ou k’ap pran defans mwen kont lènmi m’ yo.
 Mwen ta renmen pase tout lavi m’ lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
 Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
 Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l’ viv lontan lontan ankò.
 Se pou l’ gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l’ wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l’.
 Konsa, mwen p’ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m’a fè sa m’ te pwomèt ou a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}