Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 10              

Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.
Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.
Moun k’ap veye pòt la louvri l’ pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l’ yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.
Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.
Men, yo p’ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y’ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.
Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t’ konprann sa l’ te vle di yo.
Jezi di yo ankò: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
Tout moun ki te vin anvan m’ yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t’ koute yo.
Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l’ manje.
10 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l’ an kantite.
11 Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l’ pou mouton l’ yo.
12 Yon nonm k’ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l’ wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.
13 Nonm lan met deyò paske se yon djòb l’ap fè. Ki mele l’ ak mouton yo?
14 -(we vèsè pwochen)
15 Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m’, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m’ yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
16 Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m’ mennen yo tou. Y’a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
17 Papa a renmen m’, paske m’ap bay lavi m’ pou m’ ka resevwa l’ ankò.
18 Pesonn pa ka wete lavi m’, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m’ bay li, mwen gen pouvwa pou m’ resevwa l’ ankò. Se sa menm Papa a te ban m’ lòd fè.
19  Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.
20 Anpil jwif t’ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n’ bezwen pèdi tan n’ ap koute yon nonm konsa fè?
21 Gen lòt ki t’ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?
22  Se te nan mitan sezon fredi. Yo t’ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.
23 Jezi t’ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.
24 Jwif yo sanble bò kote l’, yo di l’ konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
25 Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m’ap fè yo, se avèk otorite Papa m’ m’ap fè yo. Yo pale pou mwen.
26 Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m’ yo.
27 Mouton m’ yo koute vwa m’, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
28 Mwen ba yo lavi ki p’ap janm fini an. Yo p’ap janm peri, pesonn p’ap janmn ka rache yo nan men mwen.
29 Sa Papa m’ ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
30 Mwen menm ak Papa m’, nou fè yon sèl.
31 Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li.
32 Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m’ pou kilès ladan yo nou vle touye m’ ak kout wòch la?
33 Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w’ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w’ap chache pase pou Bondye.
34 Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye.
35 Nou konnen sa Liv la di, li di l’ nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.
36 Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m’ apa pou li, se li ki voye m’ sou latè. Ki jan nou ka di m’ap pale Bondye mal lè m’ di se pitit Bondye mwen ye?
37 Si m’ pa fè travay Papa m’ ban m’ fè a, nou pa bezwen kwè mwen.
38 Men, si mwen fè l’, menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m’ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
39  Yo t’ap chache ankò pou yo te arete l’, men li chape anba men yo.
40 Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.
41 Anpil moun te vin jwenn li. Yo t’ap di: Jan pa t’ fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.
42 Anpil moun la te kwè nan Jezi.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 10             

1 En vérité, en vérité, je vous le dis, celui qui n’entre pas par la porte dans la bergerie, mais qui y monte par ailleurs, est un voleur et un brigand.
Mais celui qui entre par la porte est le berger des brebis.
Le portier lui ouvre, et les brebis entendent sa voix; il appelle par leur nom les brebis qui lui appartiennent, et il les conduit dehors.
Lorsqu’il a fait sortir toutes ses propres brebis, il marche devant elles; et les brebis le suivent, parce qu’elles connaissent sa voix.
Elles ne suivront point un étranger; mais elles fuiront loin de lui, parce qu’elles ne connaissent pas la voix des étrangers.
Jésus leur dit cette parabole, mais ils ne comprirent pas de quoi il leur parlait.
Jésus leur dit encore: En vérité, en vérité, je vous le dis, je suis la porte des brebis.
Tous ceux qui sont venus avant moi sont des voleurs et des brigands; mais les brebis ne les ont point écoutés.
Je suis la porte. Si quelqu’un entre par moi, il sera sauvé; il entrera et il sortira, et il trouvera des pâturages.
10 Le voleur ne vient que pour dérober, égorger et détruire; moi, je suis venu afin que les brebis aient la vie, et qu’elles soient dans l’abondance.
11 Je suis le bon berger. Le bon berger donne sa vie pour ses brebis.
12 Mais le mercenaire, qui n’est pas le berger, et à qui n’appartiennent pas les brebis, voit venir le loup, abandonne les brebis, et prend la fuite; et le loup les ravit et les disperse.
13 Le mercenaire s’enfuit, parce qu’il est mercenaire, et qu’il ne se met point en peine des brebis. Je suis le bon berger.
14 Je connais mes brebis, et elles me connaissent,
15 comme le Père me connaît et comme je connais le Père; et je donne ma vie pour mes brebis.
16 J’ai encore d’autres brebis, qui ne sont pas de cette bergerie; celles-là, il faut que je les amène; elles entendront ma voix, et il y aura un seul troupeau, un seul berger.
17 Le Père m’aime, parce que je donne ma vie, afin de la reprendre.
18 Personne ne me l’ôte, mais je la donne de moi-même; j’ai le pouvoir de la donner, et j’ai le pouvoir de la reprendre: tel est l’ordre que j’ai reçu de mon Père.
19 Il y eut de nouveau, à cause de ces paroles, division parmi les Juifs.
20 Plusieurs d’entre eux disaient: Il a un démon, il est fou; pourquoi l’écoutez-vous?
21 D’autres disaient: Ce ne sont pas les paroles d’un démoniaque; un démon peut-il ouvrir les yeux des aveugles?
22 On célébrait à Jérusalem la fête de la Dédicace. C’était l’hiver.
23 Et Jésus se promenait dans le temple, sous le portique de Salomon.
24 Les Juifs l’entourèrent, et lui dirent: Jusques à quand tiendras-tu notre esprit en suspens? Si tu es le Christ, dis-le nous franchement.
25 Jésus leur répondit: Je vous l’ai dit, et vous ne croyez pas. Les oeuvres que je fais au nom de mon Père rendent témoignage de moi.
26 Mais vous ne croyez pas, parce que vous n’êtes pas de mes brebis.
27 Mes brebis entendent ma voix; je les connais, et elles me suivent.
28 Je leur donne la vie éternelle; et elles ne périront jamais, et personne ne les ravira de ma main.
29 Mon Père, qui me les a données, est plus grand que tous; et personne ne peut les ravir de la main de mon Père.
30 Moi et le Père nous sommes un.
31 Alors les Juifs prirent de nouveau des pierres pour le lapider.
32 Jésus leur dit: Je vous ai fait voir plusieurs bonnes oeuvres venant de mon Père: pour laquelle me lapidez-vous?
33 Les Juifs lui répondirent: Ce n’est point pour une bonne oeuvre que nous te lapidons, mais pour un blasphème, et parce que toi, qui es un homme, tu te fais Dieu.
34 Jésus leur répondit: N’est-il pas écrit dans votre loi: J’ai dit: Vous êtes des dieux?
35 Si elle a appelé dieux ceux à qui la parole de Dieu a été adressée, et si l’Écriture ne peut être anéantie,
36 celui que le Père a sanctifié et envoyé dans le monde, vous lui dites: Tu blasphèmes! Et cela parce que j’ai dit: Je suis le Fils de Dieu.
37 Si je ne fais pas les oeuvres de mon Père, ne me croyez pas.
38 Mais si je les fais, quand même vous ne me croyez point, croyez à ces oeuvres, afin que vous sachiez et reconnaissiez que le Père est en moi et que je suis dans le Père.
39 Là-dessus, ils cherchèrent encore à le saisir, mais il s’échappa de leurs mains.
40 Jésus s’en alla de nouveau au delà du Jourdain, dans le lieu où Jean avait d’abord baptisé. Et il y demeura.
41 Beaucoup de gens vinrent à lui, et ils disaient: Jean n’a fait aucun miracle; mais tout ce que Jean a dit de cet homme était vrai.
42 Et, dans ce lieu-là, plusieurs crurent en lui.

Louis Segond {LSG}

John 10     

1 Verily, verily, I say unto you, He that entereth not by the door into the sheepfold, but climbeth up some other way, the same is a thief and a robber.
But he that entereth in by the door is the shepherd of the sheep.
To him the porter openeth; and the sheep hear his voice: and he calleth his own sheep by name, and leadeth them out.
And when he putteth forth his own sheep, he goeth before them, and the sheep follow him: for they know his voice.
And a stranger will they not follow, but will flee from him: for they know not the voice of strangers.
This parable spake Jesus unto them: but they understood not what things they were which he spake unto them.
Then said Jesus unto them again, Verily, verily, I say unto you, I am the door of the sheep.
All that ever came before me are thieves and robbers: but the sheep did not hear them.
I am the door: by me if any man enter in, he shall be saved, and shall go in and out, and find pasture.
10 The thief cometh not, but for to steal, and to kill, and to destroy: I am come that they might have life, and that they might have it more abundantly.
11 I am the good shepherd: the good shepherd giveth his life for the sheep.
12 But he that is an hireling, and not the shepherd, whose own the sheep are not, seeth the wolf coming, and leaveth the sheep, and fleeth: and the wolf catcheth them, and scattereth the sheep.
13 The hireling fleeth, because he is an hireling, and careth not for the sheep.
14 I am the good shepherd, and know my sheep, and am known of mine.
15 As the Father knoweth me, even so know I the Father: and I lay down my life for the sheep.
16 And other sheep I have, which are not of this fold: them also I must bring, and they shall hear my voice; and there shall be one fold, and one shepherd.
17 Therefore doth my Father love me, because I lay down my life, that I might take it again.
18 No man taketh it from me, but I lay it down of myself. I have power to lay it down, and I have power to take it again. This commandment have I received of my Father.
19 There was a division therefore again among the Jews for these sayings.
20 And many of them said, He hath a devil, and is mad; why hear ye him?
21 Others said, These are not the words of him that hath a devil. Can a devil open the eyes of the blind?
22 And it was at Jerusalem the feast of the dedication, and it was winter.
23 And Jesus walked in the temple in Solomon’s porch.
24 Then came the Jews round about him, and said unto him, How long dost thou make us to doubt? If thou be the Christ, tell us plainly.
25 Jesus answered them, I told you, and ye believed not: the works that I do in my Father’s name, they bear witness of me.
26 But ye believe not, because ye are not of my sheep, as I said unto you.
27 My sheep hear my voice, and I know them, and they follow me:
28 And I give unto them eternal life; and they shall never perish, neither shall any man pluck them out of my hand.
29 My Father, which gave them me, is greater than all; and no man is able to pluck them out of my Father’s hand.
30 I and my Father are one.
31 Then the Jews took up stones again to stone him.
32 Jesus answered them, Many good works have I shewed you from my Father; for which of those works do ye stone me?
33 The Jews answered him, saying, For a good work we stone thee not; but for blasphemy; and because that thou, being a man, makest thyself God.
34 Jesus answered them, Is it not written in your law, I said, Ye are gods?
35 If he called them gods, unto whom the word of God came, and the scripture cannot be broken;
36 Say ye of him, whom the Father hath sanctified, and sent into the world, Thou blasphemest; because I said, I am the Son of God?
37 If I do not the works of my Father, believe me not.
38 But if I do, though ye believe not me, believe the works: that ye may know, and believe, that the Father is in me, and I in him.
39 Therefore they sought again to take him: but he escaped out of their hand,
40 And went away again beyond Jordan into the place where John at first baptized; and there he abode.
41 And many resorted unto him, and said, John did no miracle: but all things that John spake of this man were true.
42 And many believed on him there.  
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}