Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 4

1 Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a.
Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t’ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t’ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim.
Li te gen nèfsan (900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t’ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t’ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.
 Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.
Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l’ pou l’ te regle tout bagay pou yo.
Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l’ konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou.
M’a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L’ap vini avèk cha lagè l’ yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m’ap lagè l’ nan men ou.
Barak di Debora: -Si ou prale avè m’, m’a prale. Men si ou pa prale avè m’, mwen pa prale.
Debora reponn: -Bon. Dakò! M’ prale avè ou. Men, yo p’ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l’. Epi Debora leve, l’ ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
10  Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l’. Debora ale avè l’ tou.
11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l’ nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.
12 Y’ al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
13 Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l’ yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k’ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l’.
15 Lè Barak parèt avèk lame l’ la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l’ yo ansanm ak tout lame l’ la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m’ manje m’ pa ba ou!
16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.
17  Sisera kouri sou de pye l’ bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.
18 Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l’ konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra.
19 Sisera di l’ konsa: -Tanpri, ban m’ ti gout dlo. Swaf ap touye m’! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l’ ti gout lèt bwè, epi li kache l’ anba gwo dra a ankò.
20 Sisera di l’ ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w’a reponn li: Non. Pa gen pesonn.
21 Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l’ ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l’ travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.
22 Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l’, epi li di l’: -Vini non! M’a fè ou wè moun w’ap chache a! Se konsa Barak antre avè l’ anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
23 Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.
24 Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Juges 4

1 Les enfants d’Israël firent encore ce qui déplaît à l’Éternel, après qu’Éhud fut mort.
Et l’Éternel les vendit entre les mains de Jabin, roi de Canaan, qui régnait à Hatsor. Le chef de son armée était Sisera, et habitait à Haroscheth Goïm.
Les enfants d’Israël crièrent à l’Éternel, car Jabin avait neuf cents chars de fer, et il opprimait avec violence les enfants d’Israël depuis vingt ans.
Dans ce temps-là, Débora, prophétesse, femme de Lappidoth, était juge en Israël.
Elle siégeait sous le palmier de Débora, entre Rama et Béthel, dans la montagne d’Éphraïm; et les enfants d’Israël montaient vers elle pour être jugés.
Elle envoya appeler Barak, fils d’Abinoam, de Kédesch Nephthali, et elle lui dit: N’est-ce pas l’ordre qu’a donné l’Éternel, le Dieu d’Israël? Va, dirige-toi sur le mont Thabor, et prends avec toi dix mille hommes des enfants de Nephthali et des enfants de Zabulon;
j’attirerai vers toi, au torrent de Kison, Sisera, chef de l’armée de Jabin, avec ses chars et ses troupes, et je le livrerai entre tes mains.
Barak lui dit: Si tu viens avec moi, j’irai; mais si tu ne viens pas avec moi, je n’irai pas.
Elle répondit: J’irai bien avec toi; mais tu n’auras point de gloire sur la voie où tu marches, car l’Éternel livrera Sisera entre les mains d’une femme. Et Débora se leva, et elle se rendit avec Barak à Kédesch.
10 Barak convoqua Zabulon et Nephthali à Kédesch; dix mille hommes marchèrent à sa suite, et Débora partit avec lui.
11 Héber, le Kénien, s’était séparé des Kéniens, des fils de Hobab, beau-père de Moïse, et il avait dressé sa tente jusqu’au chêne de Tsaannaïm, près de Kédesch.
12 On informa Sisera que Barak, fils d’Abinoam, s’était dirigé sur le mont Thabor.
13 Et, depuis Haroscheth Goïm, Sisera rassembla vers le torrent de Kison tous ses chars, neuf cents chars de fer, et tout le peuple qui était avec lui.
14 Alors Débora dit à Barak: Lève-toi, car voici le jour où l’Éternel livre Sisera entre tes mains. L’Éternel ne marche-t-il pas devant toi? Et Barak descendit du mont Thabor, ayant dix mille hommes à sa suite.
15 L’Éternel mit en déroute devant Barak, par le tranchant de l’épée, Sisera, tous ses chars et tout le camp. Sisera descendit de son char, et s’enfuit à pied.
16 Barak poursuivit les chars et l’armée jusqu’à Haroscheth Goïm; et toute l’armée de Sisera tomba sous le tranchant de l’épée, sans qu’il en restât un seul homme.
17 Sisera se réfugia à pied dans la tente de Jaël, femme de Héber, le Kénien; car il y avait paix entre Jabin, roi de Hatsor, et la maison de Héber, le Kénien.
18 Jaël sortit au-devant de Sisera, et lui dit: Entre, mon seigneur, entre chez moi, ne crains point. Il entra chez elle dans la tente, et elle le cacha sous une couverture.
19 Il lui dit: Donne-moi, je te prie, un peu d’eau à boire, car j’ai soif. Elle ouvrit l’outre du lait, lui donna à boire, et le couvrit.
20 Il lui dit encore: Tiens-toi à l’entrée de la tente, et si l’on vient t’interroger en disant: Y a-t-il ici quelqu’un? tu répondras: Non.
21 Jaël, femme de Héber, saisit un pieu de la tente, prit en main le marteau, s’approcha de lui doucement, et lui enfonça dans la tempe le pieu, qui pénétra en terre. Il était profondément endormi et accablé de fatigue; et il mourut.
22 Comme Barak poursuivait Sisera, Jaël sortit à sa rencontre et lui dit: Viens, et je te montrerai l’homme que tu cherches. Il entra chez elle, et voici, Sisera était étendu mort, le pieu dans la tempe.
23 En ce jour, Dieu humilia Jabin, roi de Canaan, devant les enfants d’Israël.
24 Et la main des enfants d’Israël s’appesantit de plus en plus sur Jabin, roi de Canaan, jusqu’à ce qu’ils eussent exterminé Jabin, roi de Canaan.
Louis Segond {LSG}

Judges 4

1 And the children of Israel again did evil in the sight of the Lord, when Ehud was dead.
And the Lord sold them into the hand of Jabin king of Canaan, that reigned in Hazor; the captain of whose host was Sisera, which dwelt in Harosheth of the Gentiles.
And the children of Israel cried unto the Lord: for he had nine hundred chariots of iron; and twenty years he mightily oppressed the children of Israel.
And Deborah, a prophetess, the wife of Lapidoth, she judged Israel at that time.
And she dwelt under the palm tree of Deborah between Ramah and Bethel in mount Ephraim: and the children of Israel came up to her for judgment.
And she sent and called Barak the son of Abinoam out of Kedeshnaphtali, and said unto him, Hath not the Lord God of Israel commanded, saying, Go and draw toward mount Tabor, and take with thee ten thousand men of the children of Naphtali and of the children of Zebulun?
And I will draw unto thee to the river Kishon Sisera, the captain of Jabin’s army, with his chariots and his multitude; and I will deliver him into thine hand.
And Barak said unto her, If thou wilt go with me, then I will go: but if thou wilt not go with me, then I will not go.
And she said, I will surely go with thee: notwithstanding the journey that thou takest shall not be for thine honour; for the Lord shall sell Sisera into the hand of a woman. And Deborah arose, and went with Barak to Kedesh.
10 And Barak called Zebulun and Naphtali to Kedesh; and he went up with ten thousand men at his feet: and Deborah went up with him.
11 Now Heber the Kenite, which was of the children of Hobab the father in law of Moses, had severed himself from the Kenites, and pitched his tent unto the plain of Zaanaim, which is by Kedesh.
12 And they shewed Sisera that Barak the son of Abinoam was gone up to mount Tabor.
13 And Sisera gathered together all his chariots, even nine hundred chariots of iron, and all the people that were with him, from Harosheth of the Gentiles unto the river of Kishon.
14 And Deborah said unto Barak, Up; for this is the day in which the Lord hath delivered Sisera into thine hand: is not the Lord gone out before thee? So Barak went down from mount Tabor, and ten thousand men after him.
15 And the Lord discomfited Sisera, and all his chariots, and all his host, with the edge of the sword before Barak; so that Sisera lighted down off his chariot, and fled away on his feet.
16 But Barak pursued after the chariots, and after the host, unto Harosheth of the Gentiles: and all the host of Sisera fell upon the edge of the sword; and there was not a man left.
17 Howbeit Sisera fled away on his feet to the tent of Jael the wife of Heber the Kenite: for there was peace between Jabin the king of Hazor and the house of Heber the Kenite.
18 And Jael went out to meet Sisera, and said unto him, Turn in, my lord, turn in to me; fear not. And when he had turned in unto her into the tent, she covered him with a mantle.
19 And he said unto her, Give me, I pray thee, a little water to drink; for I am thirsty. And she opened a bottle of milk, and gave him drink, and covered him.
20 Again he said unto her, Stand in the door of the tent, and it shall be, when any man doth come and enquire of thee, and say, Is there any man here? that thou shalt say, No.
21 Then Jael Heber’s wife took a nail of the tent, and took an hammer in her hand, and went softly unto him, and smote the nail into his temples, and fastened it into the ground: for he was fast asleep and weary. So he died.
22 And, behold, as Barak pursued Sisera, Jael came out to meet him, and said unto him, Come, and I will shew thee the man whom thou seekest. And when he came into her tent, behold, Sisera lay dead, and the nail was in his temples.
23 So God subdued on that day Jabin the king of Canaan before the children of Israel.
24 And the hand of the children of Israel prospered, and prevailed against Jabin the king of Canaan, until they had destroyed Jabin king of Canaan.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}