Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 116  

1 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
Li te panche zòrèy li bò kote m’ chak fwa mwen rele l’.
Lanmò te fin vlope m’. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m’ te kase, mwen te nan gwo lapenn.
Lè m’ wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m’ non!
Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.
Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.
Seyè, ou delivre m’ anba lanmò. Ou fè m’ sispann kriye. Ou pa kite m’ bite.
Se konsa m’a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
10  Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m’ t’ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!
11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m’ t’ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!
12 Kisa m’a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?
13 M’a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m’. M’a rele l’ pou m’ di l’ mèsi.
14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m’a fè sa m’ te pwomèt li a.
15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k’ap sèvi l’ yo mouri!
16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m’ ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m’ yo.
17 M’ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m’ap rele l’ pou m’ di l’ mèsi.
18 -(we vèsè pwochen)
19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m’a fè sa m’ te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 116

1 J’aime l’Éternel, car il entend Ma voix, mes supplications;
Car il a penché son oreille vers moi; Et je l’invoquerai toute ma vie.
Les liens de la mort m’avaient environné, Et les angoisses du sépulcre m’avaient saisi; J’étais en proie à la détresse et à la douleur.
Mais j’invoquerai le nom de l’Éternel: O Éternel, sauve mon âme!
L’Éternel est miséricordieux et juste, Notre Dieu est plein de compassion;
L’Éternel garde les simples; J’étais malheureux, et il m’a sauvé.
Mon âme, retourne à ton repos, Car l’Éternel t’a fait du bien.
Oui, tu as délivré mon âme de la mort, Mes yeux des larmes, Mes pieds de la chute.
Je marcherai devant l’Éternel, Sur la terre des vivants.
10 J’avais confiance, lorsque je disais: Je suis bien malheureux!
11 Je disais dans mon angoisse: Tout homme est trompeur.
12 Comment rendrai-je à l’Éternel Tous ses bienfaits envers moi?
13 J’élèverai la coupe des délivrances, Et j’invoquerai le nom de l’Éternel;
14 J’accomplirai mes voeux envers l’Éternel, En présence de tout son peuple.
15 Elle a du prix aux yeux de l’Éternel, La mort de ceux qui l’aiment.
16 Écoute-moi, ô Éternel! car je suis ton serviteur, Ton serviteur, fils de ta servante. Tu as détaché mes liens.
17 Je t’offrirai un sacrifice d’actions de grâces, Et j’invoquerai le nom de l’Éternel;
18 J’accomplirai mes voeux envers l’Éternel, En présence de tout son peuple,
19 Dans les parvis de la maison de l’Éternel, Au milieu de toi, Jérusalem! Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 116 

1 I love the Lord, because he hath heard my voice and my supplications.
Because he hath inclined his ear unto me, therefore will I call upon him as long as I live.
The sorrows of death compassed me, and the pains of hell gat hold upon me: I found trouble and sorrow.
Then called I upon the name of the Lord; O Lord, I beseech thee, deliver my soul.
Gracious is the Lord, and righteous; yea, our God is merciful.
The Lord preserveth the simple: I was brought low, and he helped me.
Return unto thy rest, O my soul; for the Lord hath dealt bountifully with thee.
For thou hast delivered my soul from death, mine eyes from tears, and my feet from falling.
I will walk before the Lord in the land of the living.
10 I believed, therefore have I spoken: I was greatly afflicted:
11 I said in my haste, All men are liars.
12 What shall I render unto the Lord for all his benefits toward me?
13 I will take the cup of salvation, and call upon the name of the Lord.
14 I will pay my vows unto the Lord now in the presence of all his people.
15 Precious in the sight of the Lord is the death of his saints.
16 Lord, truly I am thy servant; I am thy servant, and the son of thine handmaid: thou hast loosed my bonds.
17 I will offer to thee the sacrifice of thanksgiving, and will call upon the name of the Lord.
18 I will pay my vows unto the Lord now in the presence of all his people.
19 In the courts of the Lord‘s house, in the midst of thee, O Jerusalem. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}