Liv Amòs / Amos  / Amos

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Amòs 7   

1 Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m’ fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t’ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò.
Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.
Seyè a chanje lide. Li di: -Sa ou te wè a p’ap rive ankò.
Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m’ fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t’ap voye yon dife pou l’ devore pèp la pou pini l’. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t’ap devore tout jaden.
Mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.
Seyè a chanje lide, li di: -Sa a tou p’ap rive.
Se konsa, Seyè a fè m’ fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a te kanpe bò yon mi yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l’.
Lè sa a, Seyè a mande m’: -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: -Yon filaplon. Lè sa a, li di m’: -M’ap sèvi ak filaplon sa a pou m’ fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p’ap fè pa yo ankò.
Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m’ sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M’ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m’ap wete gouvènman an nan men yo.
10  Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l’ fini ak peyi a ak pawòl l’ap di yo.
11 Men sa l’ap mache di: Jewoboram gen pou l’ mouri nan lagè. Y’ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y’ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje.
12 Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l’ konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y’a peye ou pou sa!
13 Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.
14 Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m’. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k’ap fè metye pwofèt. Metye m’ se gade bèt, se okipe pye sikomò.
15 Men, Seyè a pran m’ nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m’ lòd pou m’ al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.
16 Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w’ap mande m’ pou m’ pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m’ sispann pale sou pitit Izarak yo.
17 Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y’ap pran tè ou yo, y’ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y’ap pran l’, y’ap depòte l’ byen lwen peyi l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Amos 7  

1 Le Seigneur, l’Éternel, m’envoya cette vision. Voici, il formait des sauterelles, Au moment où le regain commençait à croître; C’était le regain après la coupe du roi.
Et comme elles dévoraient entièrement l’herbe de la terre, Je dis: Seigneur Éternel, pardonne donc! Comment Jacob subsistera-t-il? Car il est si faible!
L’Éternel se repentit de cela. Cela n’arrivera pas, dit l’Éternel.
Le Seigneur, l’Éternel, m’envoya cette vision. Voici, le Seigneur, l’Éternel, proclamait le châtiment par le feu; Et le feu dévorait le grand abîme Et dévorait le champ.
Je dis: Seigneur Éternel, arrête donc! Comment Jacob subsistera-t-il? Car il est si faible!
L’Éternel se repentit de cela. Cela non plus n’arrivera pas, dit le Seigneur, l’Éternel.
Il m’envoya cette vision. Voici, le Seigneur se tenait sur un mur tiré au cordeau, Et il avait un niveau dans la main.
L’Éternel me dit: Que vois-tu, Amos? Je répondis: Un niveau. Et le Seigneur dit: Je mettrai le niveau au milieu de mon peuple d’Israël, Je ne lui pardonnerai plus;
Les hauts lieux d’Isaac seront ravagés; Les sanctuaires d’Israël seront détruits, Et je me lèverai contre la maison de Jéroboam avec l’épée.
10 Alors Amatsia, prêtre de Béthel, fit dire à Jéroboam, roi d’Israël: Amos conspire contre toi au milieu de la maison d’Israël; le pays ne peut supporter toutes ses paroles.
11 Car voici ce que dit Amos: Jéroboam mourra par l’épée, et Israël sera emmené captif loin de son pays.
12 Et Amatsia dit à Amos: Homme à visions, va-t-en, fuis dans le pays de Juda; manges-y ton pain, et là tu prophétiseras.
13 Mais ne continue pas à prophétiser à Béthel, car c’est un sanctuaire du roi, et c’est une maison royale.
14 Amos répondit à Amatsia: Je ne suis ni prophète, ni fils de prophète; mais je suis berger, et je cultive des sycomores.
15 L’Éternel m’a pris derrière le troupeau, et l’Éternel m’a dit: Va, prophétise à mon peuple d’Israël.
16 Écoute maintenant la parole de l’Éternel, toi qui dis: Ne prophétise pas contre Israël, et ne parle pas contre la maison d’Isaac.
17 A cause de cela, voici ce que dit l’Éternel: Ta femme se prostituera dans la ville, tes fils et tes filles tomberont par l’épée, ton champ sera partagé au cordeau; et toi, tu mourras sur une terre impure, et Israël sera emmené captif loin de son pays.

Louis Segond {LSG}

Amos 7 

1 Thus hath the Lord God shewed unto me; and, behold, he formed grasshoppers in the beginning of the shooting up of the latter growth; and, lo, it was the latter growth after the king’s mowings.
And it came to pass, that when they had made an end of eating the grass of the land, then I said, O Lord God, forgive, I beseech thee: by whom shall Jacob arise? for he is small.
The Lord repented for this: It shall not be, saith the Lord.
Thus hath the Lord God shewed unto me: and, behold, the Lord God called to contend by fire, and it devoured the great deep, and did eat up a part.
Then said I, O Lord God, cease, I beseech thee: by whom shall Jacob arise? for he is small.
The Lord repented for this: This also shall not be, saith the Lord God.
Thus he shewed me: and, behold, the Lord stood upon a wall made by a plumbline, with a plumbline in his hand.
And the Lord said unto me, Amos, what seest thou? And I said, A plumbline. Then said the Lord, Behold, I will set a plumbline in the midst of my people Israel: I will not again pass by them any more:
And the high places of Isaac shall be desolate, and the sanctuaries of Israel shall be laid waste; and I will rise against the house of Jeroboam with the sword.
10 Then Amaziah the priest of Bethel sent to Jeroboam king of Israel, saying, Amos hath conspired against thee in the midst of the house of Israel: the land is not able to bear all his words.
11 For thus Amos saith, Jeroboam shall die by the sword, and Israel shall surely be led away captive out of their own land.
12 Also Amaziah said unto Amos, O thou seer, go, flee thee away into the land of Judah, and there eat bread, and prophesy there:
13 But prophesy not again any more at Bethel: for it is the king’s chapel, and it is the king’s court.
14 Then answered Amos, and said to Amaziah, I was no prophet, neither was I a prophet’s son; but I was an herdman, and a gatherer of sycomore fruit:
15 And the Lord took me as I followed the flock, and the Lord said unto me, Go, prophesy unto my people Israel.
16 Now therefore hear thou the word of the Lord: Thou sayest, Prophesy not against Israel, and drop not thy word against the house of Isaac.
17 Therefore thus saith the Lord; Thy wife shall be an harlot in the city, and thy sons and thy daughters shall fall by the sword, and thy land shall be divided by line; and thou shalt die in a polluted land: and Israel shall surely go into captivity forth of his land.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}